BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 15/3 p. 17-19
  • Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • NOU DWE FLEKSIB E NOU DWE VARYE SIJÈ YO
  • LI ENPÒTAN POU N FÈ PREPARASYON
  • FÈ EFÒ POU N FÈ L REGILYÈMAN
  • Yon èd pou fanmi yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Adore Jewova an fanmi
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Se pou fanmi ki kretyen yo ‘montre yo pare’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ede fanmi w sonje Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 15/3 p. 17-19
Yon fanmi k ap jwe kèk sèn ki soti nan yon istwa nan Bib la nan kad adorasyon an fanmi an.

Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?

Men sa yon papa nan peyi Brezil di: “Pafwa, nou konn tèlman pran plezi nan sware adorasyon an fanmi an, si m pa di fanmi m n ap kanpe, adorasyon an ap kontinye jis byen ta nan aswè.” Gen yon chèf fanmi nan peyi Japon ki fè konnen pitit gason l lan ki gen 10 an sanble pa janm vle gade lè a, e li toujou vle kontinye. Poukisa? Papa a fè konnen: “Li toujou motive, e sa fè l vin gen plis kè kontan.”

Nòmalman, se pa tout timoun ki toujou motive pou adorasyon an fanmi an, e gen kèk nan yo ki gendwa pa pran plezi ladan l. Sa k fè sa? Gen yon papa nan peyi Togo ki fè remak sa a: “Adorasyon n ap bay Jewova a pa dwe yon bagay ki annuiyan.” Nan ka sa a, èske se fason yo kondui adorasyon an fanmi an ki lakòz? Gen anpil fanmi ki rann yo kont adorasyon an fanmi an kapab vin menm jan ak sa pwofèt Ezayi te di konsènan jou Saba a, sètadi, yon moman pou yo “jwenn plezi”. — Eza. 58:13, 14.

Gen kèk papa ki kretyen ki rann yo kont yo dwe fè adorasyon an fanmi an nan yon anbyans ki rilaks yon fason pou fanmi yo pran plezi ladan l. Ralf, yon papa ki gen twa pitit fi ak yon pitit gason, fè konnen adorasyon l fè ak fanmi l lan parèt plis tankou yon konvèsasyon amikal pase yon etid, e tout moun lib pou yo pale. Pa gen dout, pafwa, sa ka difisil anpil pou n fè tout moun enterese nan sijè a epi fè yo ret konsantre. Men sa yon manman di: “Se pa tout lè m gen fòs pou m fè adorasyon an fanmi an yon fason ki enteresan jan m ta renmen l lan.” Èske w konn jwenn difikilte sa a?

NOU DWE FLEKSIB E NOU DWE VARYE SIJÈ YO

Gen yon papa nan peyi Almay, ki gen de pitit, ki di: “Nou dwe fleksib.” Natalia, yon manman ki gen de pitit, fè konnen: “Bagay ki pi enpòtan pou fanmi nou se varye, varye, varye.” Gen anpil fanmi ki divize adorasyon an fanmi an an plizyè pati. Cleiton, yon papa nan peyi Brezil ki gen de pitit, fè konnen: “Sa bay etid la plis fòs, epi l bay tout fanmi an opòtinite pou yo patisipe.” Lè paran yo divize lè etid la, yo ka fikse atansyon sou bezwen chak timoun si gen gwo diferans nan laj yo. Paran yo ka pale sou bezwen chak moun nan fanmi an, epi, yo ka montre yo fleksib lè y ap chwazi sijè a ak kad la.

Ki sa kèk fanmi fè pou yo ka varye sijè yo? Gen kèk nan yo ki chante kèk kantik pou Jewova lè y ap kòmanse adorasyon an fanmi an. Juan ki soti nan peyi Meksik fè konnen: “Sa kreye yon bon anbyans epi l prepare lespri nou pou sijè nou pral debat la.” Li menm ak fanmi l chwazi kèk kantik ki gen rapò ak sijè yo te chwazi pou yo diskite pandan sware a.

Yon fanmi nan peyi Srilanka k ap jwe kèk sèn ki soti nan yon istwa nan Bib la.

Srilanka

Gen fanmi ki chwazi li yon pòsyon nan Bib la ansanm. Pou kèk fanmi rive varye sijè yo, nan istwa kote gen plizyè moun k ap pale yo, chak manm nan fanmi sa yo li pawòl yon moun ki nan istwa sa yo di. Gen yon papa nan peyi Japon ki admèt “okòmansman, li pa t abitye li Bib la fason sa a”. Sepandan, de pitit gason l yo te kontan wè jan paran yo pran plezi fè yon aktivite ansanm ak yo. Gen kèk fanmi ki menm konn jwe kèk sèn kote yo imite kèk pèsonaj ki nan istwa biblik yo. Roger, yon papa nan peyi Afrik disid ki gen de pitit, fè konnen timoun yo “souvan wè yon seri bagay nan istwa biblik yo paran yo konn pa menm wè”.

Yon fanmi nan peyi Afrik disid k ap chante kèk kantik Wayòm.

Afrik disid

Yon lòt fason nou ka varye sijè yo ankò, se lè nou travay ansanm sou yon pwojè. Pa egzanp, nou ka fè yon ti lach Noye oswa tanp Salomon an. Kalite pwojè sa yo mande pou nou fè rechèch ki kapab vrèman enteresan. Gen yon fanmi ki gen yon manman, yon papa, yon granmè ak yon pitit fi ki gen senkan k ap viv ann Azi ki konn fè yon jwèt ki baze sou vwayaj misyonè apot Pòl yo. Gen kèk lòt fanmi ki konn fè kèk jwèt ki baze sou istwa nou jwenn nan liv Egzòd la. Donald ki gen 19 an e k ap viv nan peyi Togo fè konnen lè sijè yo varye konsa “sa fè gen vi nan adorasyon an fanmi an e sa fè gen vi nan fanmi an tou”. Èske w konn panse ak yon pwojè ki ka fè adorasyon an fanmi w lan vin pi enteresan?

Yon fanmi nan peyi Etazini k ap bati yon ti lach Noye.

Etazini

LI ENPÒTAN POU N FÈ PREPARASYON

Se vre, lè n varye sijè yo epi nou montre nou fleksib, sa fè adorasyon an fanmi an enteresan, men, pou tout moun ka byen pwofite, li enpòtan pou yo tout fè preparasyon. Pafwa, jèn yo konn fatige. Pou rezon sa a, papa yo bezwen panse ak sijè yo pral debat la alavans, e yo bezwen pran tan pou yo fè bonjan preparasyon. Men sa yon papa di: “Lè m prepare, moman etid la vin pi enteresan pou chak moun.” Gen yon papa nan peyi Almay ki fè fanmi l konnen alavans ki sijè yo pral diskite nan semèn k ap vini yo. Lè yon papa k ap viv nan peyi Benen, ki gen sis pitit, pwograme pou l pase yon DVD ki baze sou Bib la nan adorasyon an fanmi an, li prepare kesyon pou l poze anvan jou a rive. Vrèmanvre, lè n fè preparasyon, sa ap fè gen yon diferans nan kalite adorasyon an fanmi nou an.

Lè fanmi an konnen ki sa yo pral fè alavans, yo kapab pale de sa pandan tout semèn nan, konsa, sa ap fè yo chofe pou yo fè adorasyon an. Mete sou sa, si nou bay chak moun yon asiyasyon, yo chak ap santi adorasyon an fanmi an se adorasyon an fanmi pa yo.

FÈ EFÒ POU N FÈ L REGILYÈMAN

Se pa ni de ni twa fanmi k ap fè fas ak pwoblèm pou yo fè adorasyon an fanmi an regilyèman.

Gen anpil papa ki oblije pase anpil tan ap travay pou fè fanmi yo jwenn sa yo bezwen. Pa egzanp, gen yon papa nan peyi Meksik ki oblije kite kay li a sizè dimaten, e l ap retounen jis vè uit è diswa. Mete sou sa, gendelè li kapab nesesè pou n fè ajisteman nan jou n ap fè adorasyon an fanmi an akoz lòt evènman nan domèn espirityèl.

Aktout sa, nou bezwen pran detèminasyon pou n fè adorasyon an fanmi an regilyèman. Men sa Loïs ki gen 11 an, e k ap viv nan peyi Togo fè konnen konsènan detèminasyon fanmi l pran: “Menm lè, pafwa, nou oblije kòmanse adorasyon an fanmi an anreta akoz yon bagay ki te pase nan jounen an, nou toujou fè adorasyon an fanmi an.” Sa ka ede n konprann rezon ki fè kèk fanmi chwazi fè adorasyon an fanmi an nan kòmansman semèn nan. Konsa, si gen yon bagay yo pa t atann ki rive, yo ka pwograme pou yo fè adorasyon an fanmi an yon lòt jou nan menm semèn nan.

Jan ekspresyon “adorasyon an fanmi an” montre sa, adorasyon an fanmi an fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Kidonk, chak semèn, se pou tout moun nan fanmi w ‘ofri Jewova pawòl ki sot nan bouch yo tankou jèn towo’. (Och. 14:2, NW.) E se pou adorasyon an fanmi an tounen yon moman enteresan pou chak moun nan fanmi an “paske lajwa Jewova a se fòtrès nou”! — Ney. 8:9, 10, NW.

ADORASYON AN FANMI AN DWE:

  • Rilaks.

  • Fleksib.

  • Varye.

  • Byen prepare.

  • Fèt regilyèman.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje