BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/11 p. 3-6
  • Yon èd pou fanmi yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon èd pou fanmi yo
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Se pou fanmi ki kretyen yo ‘montre yo pare’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki sa adorasyon an fanmi an ye?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Adorasyon an fanmi enpòtan anpil pou nou sove
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 1/11 p. 3-6

Yon èd pou fanmi yo

1. Ki byenfè fanmi yo te jwenn lè yo te obsève saba a chak semèn?

1 Dispozisyon Jewova te pran pou pèp li a obsève saba a se yon dispozisyon ki demontre lanmou Jewova genyen e sa te pote byenfè pou fanmi yo. Izrayelit yo te sispann fè travay yo te konn fè chak jou e yo te gen tan pou yo medite sou bonte Jewova e sou relasyon yo te genyen avè l. Paran yo te pwofite moman sa a pou yo fè Lwa Bondye a antre nan kè pitit yo (Det. 6:6, 7). Saba a te fè pèp Jewova a jwenn tan chak semèn pou yo konsantre sou adorasyon y ap bay Jewova.

2. Ki sa saba a aprann nou sou Jewova?

2 Natirèlman, Jewova pa mande pou fanmi yo obsève saba ankò. Men, lwa sa a aprann nou yon bagay sou Bondye nou an. Li toujou enterese nan byennèt espirityèl pèp li a (Iza. 48:17, 18). Jodi a, sware adorasyon an fanmi an se youn nan fason Jewova montre l gen yon enterè ki plen lanmou pou pèp li a.

3. Nan ki objektif yo fè sware adorasyon an fanmi an?

3 Nan ki objektif yo fè sware adorasyon an fanmi an? Apati janvye 2009, yo te kòmanse fè etid liv kongregasyon an nan menm sware yo fè Lekòl ministè teyokratik ak reyinyon sèvis la. Youn nan rezon yo te fè ajisteman sa a se pou bay fanmi yo okazyon pou yo fè relasyon yo gen ak Jewova vin pi solid. E y ap rive fè sa lè yo pwograme yon sware fiks chak semèn pou yo fè adorasyon an fanmi. Yo te ankouraje chak fanmi pou yo chanje jou etid familyal la, si sa te pratik, pou yo fè l nan sware yo te konn asiste etid liv kongregasyon an. Fanmi yo dwe pran tan sa a pou yo fè konvèsasyon ki baze sou Labib, pou yo etidye sijè ki adapte ak bezwen fanmi an e yo pa dwe fè sa nan prese.

4. Èske se inèdtan sèlman adorasyon an fanmi an dwe dire? Esplike.

4 Pou n te ka asiste etid liv kongregasyon an, nou te bezwen pran tan pou n abiye, pou n deplase, eksetera. Pou anpil nan nou te rive asiste reyinyon sa a ki te dire inèdtan, sa te pran yon bon pati nan sware a. Grasa ajisteman yo fè nan pwogram reyinyon an, kounye a nou gen sware sa a pou n adore Jewova an fanmi. Se sa k fè nou pa bezwen limite tan nou pase nan sware adorasyon an fanmi an pou jis inèdtan sèlman. Depreferans, nou dwe reflechi sou bezwen fanmi an ak sou limit moun nan fanmi an genyen, e konsa n ap ka deside kantite tan n ap bezwen pran.

5. Èske nou dwe itilize tout tan an pou nou fè konvèsasyon an gwoup? Esplike.

5 Èske nou dwe itilize tout tan an pou nou fè konvèsasyon an gwoup? Lè koup marye yo ak fanmi ki gen timoun yo fè yon konvèsasyon ansanm sou yon sijè biblik, se ankouraje y ap ankouraje youn lòt (Wom. 1:12). Moun nan fanmi an ap vin gen relasyon ki pi sere youn ak lòt. Pou rezon sa a, se konvèsasyon ki baze sou Bib la ki dwe pati ki enpòtan nan sware adorasyon an fanmi an. Sepandan, chak moun nan fanmi an ka pran tan pou yo fè etid pèsonèl yo tou. Pa egzanp, apre nou fin fè konvèsasyon an gwoup la, fanmi an ka rete ansanm pandan chak moun kontinye ap etidye apa. Petèt chak moun ka fin fè preparasyon pou reyinyon yo, oubyen yo ka fin li atik ki nan peryodik yo. Gen kèk fanmi ki deside pou yo pa ouvri televizyon pandan tout sware a.

6. Ki sa nou ka fè nan moman nou prevwa pou nou fè konvèsasyon an?

6 Ki sa nou ka fè nan moman nou prevwa pou nou fè konvèsasyon an? Nou pa oblije fè yon konvèsasyon ki gen kesyon ak repons tout tan. Pou anpil fanmi ka fè sware adorasyon an gen bon anbyans, pou l ka enteresan, yo gen yon pwogram ki sanble ak pwogram reyinyon nou gen nan semèn nan. Yo divize tan yo fè konvèsasyon an gwoup la pou yo fè plizyè bagay e yo fè yo divès fason. Pa egzanp, yo fè lekti Labib ansanm, yo prepare yon pati nan reyinyon yo, e yo fè seyans repetisyon pou yo patisipe nan ministè a. Nan paj 6 la n ap jwenn kèk sijesyon.

7. Ki anbyans paran yo dwe fè efò pou gen nan fanmi an?

7 Ki anbyans paran yo dwe fè efò pou gen nan fanmi an? Fanmi nou ap pi byen aprann nan yon anbyans kote moun yo demontre lanmou, yo rilaks. Pafwa nou ka chita deyò pou n fè etid la lè gen bon tan. Nou mèt santi n alèz pou nou pran kèk ti poz lè sa nesesè. Gen kèk fanmi ki konn aranje yo pou yo pran yon ti rafrechisman apre pwogram nan. Toutpandan paran yo ap evite sèvi ak sware adorasyon an fanmi an pou yo pale di ak pitit yo oswa pou yo reprimande yo, y ap bezwen itilize yon pati nan tan an pou yo pale sou yon tandans byen presi ki kouran nan monn nan, oubyen sou yon pwoblèm yo vin okouran timoun yo genyen. Sepandan, li pi bon pou nou pale sou sijè delika ki konsène yon timoun an prive e n ap fè sa yon lòt lè nan semèn nan pou nou pa fè l santi l jennen devan frè l ak sè l yo. Sware adorasyon an pa dwe annuiyan, ni moun yo pa dwe twò serye, men se dwe yon moman ki bay kè kontan, yon moman ki montre jan Bondye n ap adore a se yon Bondye ki gen kè kontan. — 1 Tim. 1:11.

8, 9. Ki preparasyon chèf fanmi yo dwe fè?

8 Kòman pou chèf fanmi an prepare? Fanmi yo ap jwenn plis byenfè si chèf fanmi an prepare chak sware adorasyon an fanmi alavans, lè l detèmine sou ki sijè y ap pale e ki pi bon fason pou yo fè sa. (Pwo. 21:5). Li bon pou mari a pale ak madanm li sou sa fanmi an ta bezwen egzamine (Pwo. 15:22). Chèf fanmi, poukisa nou pa mande pitit nou sijesyon pa yo tou dèfwa? Si nou fè sa, n ap vin pi byen konnen sa ki enterese yo, sa ki okipe lespri yo.

9 Pifò semèn chèf fanmi an pap oblije pase yon pakèt tan ap prepare. San dout, chak semèn, fanmi an ap byen kontan fè kèk nan bagay yo toujou konn fè yo. Konsa, chèf fanmi an pap bezwen prepare yon nouvo pwogram kote tout bagay ki ladan l chanje chak fwa. Chèf fanmi an ka wè li pi bon pou l prepare apre chak sware adorasyon an fanmi fini, piske nan moman sa a bezwen espirityèl fanmi an tou fre nan lespri l. Gen kèk chèf fanmi ki ekri yon pwogram ki tou kout pou fanmi an, epi yo mete l yon kote tout moun nan fanmi an ka wè l, tankou sou frijidè a. Konsa, sa chofe fanmi an e sa fè moun yo pa wè lè pou sware a rive. Epitou, sa bay fanmi an tan pou yo prepare si sa nesesè.

10. Ki jan moun k ap viv poukont yo ka itilize sware adorasyon an fanmi an?

10 E si se mwen sèl ki Temwen nan fanmi an oswa m ap viv poukont mwen? Moun k ap viv poukont yo ka itilize sware adorasyon an fanmi an pou yo fè etid pèsonèl. Yon bon pwogram etid pèsonèl gen ladan l: Li Labib, prepare reyinyon yo, li Toudegad ak Réveillez-vous! Mete sou sa, gen kèk pwoklamatè ki fè rechèch sou sijè ki adapte ak bezwen yo. Dèfwa, nan moman sa a, yo ka envite yon lòt pwoklamatè oubyen yon fanmi vin lakay yo pou yo fè konvèsasyon biblik ki ankourajan.

11, 12. Site kèk nan benediksyon nou jwenn lè sware adorasyon an fanmi an fèt regilyèman.

11 Ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sware adorasyon an fanmi an regilyèman? Moun ki pratike vrè adorasyon an, e ki fè sa ak tout kè yo, vin pi pwòch ak Jewova. Anplis de sa, fanmi ki adore Bondye ansanm yo fè relasyon moun nan fanmi an gen youn ak lòt vin pi solid. Men sa yon koup marye te ekri sou benediksyon yo jwenn: “Antanke koup pyonye ki pa gen pitit, nou vrèman ap tann lè pou sware adorasyon an fanmi an rive. Nou santi nou vin pi pwòch ni youn ak lòt ni ak Papa nou ki nan syèl la. Kounye a lè nou leve nan maten nan jou nou te pwograme pou nou etidye ansanm nan, men sa youn di lòt: ‘Ou sonje sa n ap fè aswè a? Sware adorasyon an fanmi an!’”

12 Dispozisyon yo pran pou nou gen yon sware adorasyon an fanmi ede fanmi ki okipe anpil yo tou. Men sa yon manman ki pyonye k ap leve de pitit gason poukont li te ekri: “Lontan, etid familyal nou an prèske pa t konn fèt. Akoz mwen te toujou fatige, etid la pa t gen yon lè fiks e li pa t regilye. Mwen pa t ka wè sa pou m fè pou m rive fè l ansanm ak tout lòt bagay mwen gen pou m fè yo. Se pou rezon sa a mwen ekri nou pou m di nou mèsi anpil pou sware adorasyon an fanmi an. Kounye a nou rive fè etid familyal la regilyèman e nou jwenn anpil benediksyon.”

13. Kantite benediksyon fanmi nou ap jwenn nan dispozisyon sa a depann de ki sa?

13 Menm jan ak saba a, sware adorasyon an fanmi an se yon kado Papa nou ki nan syèl la bay pou ede fanmi yo (Jak 1:17). Kantite byenfè yon fanmi izrayelit t ap jwenn nan domèn espirityèl te depann de fason li itilize saba a. Menm jan an tou, kantite byenfè fanmi nou ap jwenn nan sware adorasyon an fanmi an depann de fason nou sèvi ak sware nou rezève pou fanmi pa nou adore Bondye ansanm nan (2 Kor. 9:6; Gal. 6:7, 8; Kol. 3:23, 24). Lè fanmi nou byen suiv dispozisyon sa a, menm jan ak salmis lan, fanmi nou ap ka di: “Men kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen. Se nan Jewova, Souvren Seyè a, mwen pran refij mwen.” — Sòm 73:28.

[Antrefilè nan paj 5]

Sware adorasyon an pa dwe annuiyan, ni moun yo pa dwe twò serye, men se dwe yon moman ki bay kè kontan, yon moman ki montre jan Bondye n ap adore a se yon Bondye ki gen kè kontan

[Kare nan paj 6]

KONSÈVE L

Kèk sijesyon nou ka suiv pandan sware adorasyon an fanmi an

Bib la:

• Li yon pati nan lekti Labib yo bay pou semèn nan ansanm. Si pati n ap li nan Bib la ekri yon fason kote yon moun nan fanmi an ka li pati ki esplike sa k ap pase nan istwa a, epi lòt moun yo ka li pawòl diferan pèsonaj yo, nou ka fè lekti a konsa.

• Repwodui yon pati nan lekti Labib la.

• Depi alavans asiye chak moun nan fanmi an chapit nan Bib la y ap gen pou yo li epi mande yo pou yo make youn oubyen de kesyon yo gen sou sa yo te li a. Apre sa, tout moun ap fè rechèch ansanm sou kesyon yo.

• Chak semèn, prepare yon ti kat ki gen yon vèsè biblik sou li. Fè efò pou nou sonje vèsè a epi bay yon esplikasyon sou li. Fè yon koleksyon ak ti kat sa yo. Epi chak semèn, fè revizyon pou nou wè konbyen vèsè biblik nou sonje.

• Nou ka tande lekti Labib sou yon anrejistreman odyo toutpandan n ap suiv nan Bib nou.

Reyinyon yo:

• Prepare yon pati nan reyinyon yo ansanm.

• Repete kantik yo pwograme pou nou chante nan reyinyon yo pou semèn pwochèn nan.

• Si yon moun nan fanmi an gen yon diskou nan Lekòl ministè teyokratik oubyen si l gen yon demonstrasyon nan reyinyon sèvis, nou ka pale sou kèk pwen li ka itilize pou l prezante l, oubyen li ka fè yon repetisyon devan fanmi an.

Bezwen fanmi an genyen:

• Egzamine kèk chapit nan liv Les jeunes s’interrogent la oubyen nan liv Koute gran Anseyan an.

• Fè yon seyans repetisyon sou fason pou timoun yo fè fas ak yon sitiyasyon ki ka rive nan lekòl yo.

• Fè yon seyans repetisyon kote paran yo chanje wòl ak timoun yo. Timoun yo fè rechèch sou yon sijè epi apre sa yo fè yon konvèsasyon kote y ap rezone ak paran yo.

Ministè a:

• Fè seyans repetisyon pou nou prepare prezantasyon n ap fè nan wikenn nan.

• Pale sou kèk objektif pratik fanmi an ka fikse pou yo ka patisipe plis nan ministè a pandan epòk Memoryal la oubyen pandan peryòd vakans lan.

• Bay chak moun nan fanmi an yon kesyon diferan moun yo konn poze nan ministè a. Epi bay kèk minit pou chak moun fè rechèch sou fason l ap reponn kesyon pa l la, apre sa, fè seyans repetisyon sou yo.

Lòt sijesyon toujou:

• Li yon atik nan peryodik resan yo ansanm.

• Depi alavans mande chak moun nan fanmi an pou yo li yon atik ki vrèman enteresan pou yo nan peryodik resan yo, epi mande chak moun pou l esplike atik li te li a pandan sware adorasyon an fanmi an.

• Yon lè konsa, envite yon pwoklamatè oubyen yon koup vin asiste sware adorasyon an fanmi an e petèt nou ka fè yon entèvyou avè yo.

• Gade youn nan videyo yo ansanm epi pale sou li.

• Nan Réveillez-vous! a, egzamine ribrik ki gen tit sa yo ansanm: “Les jeunes s’interrogent” oubyen “Apprenons en famille”.

• Nan Toudegad la, egzamine ribrik ki gen tit sa yo ansanm: “Anseye pitit ou” oubyen “Pou jèn yo”.

• Li yon pati nan Annuaire ki pi resan an ansanm oubyen li yon pati nan yon piblikasyon ki te parèt nan dènye kongrè distri a epi pale sou li.

• Apre fanmi an fin asiste yon asanble fè yon revizyon sou pwen enteresan yo.

• Egzamine yon bagay Jewova kreye epi fè yon ti pale sou sa bagay sa a aprann nou sou Jewova.

• Travay sou yon pwojè ansanm, tankou repwodui yon ti lach pa egzanp, fè yon kat oubyen fè yon tablo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje