BYOGRAFI
Kote sèvis aplentan te mennen m
Lè m reflechi ak 65 an mwen gen nan sèvis aplentan yo, mwen kapab di vrèmanvre, mwen te viv anpil bèl jou nan lavi m. Sa pa vle di pa t konn gen jou kote m te konn tris oswa dekouraje (Sòm 34:12; 94:19). Sepandan, mwen te plis jwenn satisfaksyon nan lavi m, e lavi m te gen yon sans.
JOU ki te 7 septanm 1950 la, mwen te vin fè pati fanmi Betèl Bwouklin nan. Nan epòk sa a, fanmi Betèl la te gen 355 frè ak sè ki te soti nan divès peyi, e ki te gen ant 19 a 80 an. Anpil nan frè ak sè sa yo te gen esperans pou y al viv nan syèl.
FASON M TE KÒMANSE SÈVI JEWOVA
Jou batèm mwen, lè m te gen 10 an.
Se grasa manman m ki fè m te vin aprann sèvi “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Li te kòmanse sèvi Jewova depi lè m te timoun. Nan jou ki te 1ye jiyè 1939 la, mwen te batize nan yon asanble zòn (kounye a yo rele l asanble sikonskripsyon), ki te fèt Columbus, Nebraska, Ozetazini. Lè sa a, mwen te gen dizan. Gen anviwon 100 nan nou ki te rasanble nan yon lokal nou te lwe pou n te koute yon diskou ki tou anrejistre frè Joseph Rutherford te bay. Tit diskou sa a se te: “Fascisme ou Liberté.” Lè nou te rive nan mitan diskou a, gen yon foul moun ki te rasanble devan ti pyès kote n te ye a. Yo te pete pòt la, yo kanpe reyinyon an epi yo fè nou kite vil la. Nou t al rasanble nan yon fèm, yon frè te genyen, ki pa t twò lwen yon fason pou n te ka kontinye tande rès pwogram nan. Petèt ou remake sa, mwen pa janm bliye dat batèm mwen!
Manman m te fè anpil efò pou l leve m nan laverite. Byenke papa m te yon bon moun e l te yon bon papa, li pa t twò enterese nan zafè relijyon e l pa t twò enterese nan byennèt espirityèl mwen nonplis. Manman m ansanm ak tout lòt Temwen ki te nan kongregasyon Omaha a te ban m anpil ankourajman ki te nesesè.
LAVI M PRAN YON LÒT DIREKSYON
Lè m te rive nan moman pou m gradye nan lekòl segondè, mwen te gen pou m pran yon desizyon konsènan sa m pral fè ak lavi m. Chak lè m an vakans nan sezon ete, mwen te konn pran sèvis pyonye vakans (kounye a yo rele l pyonye oksilyè) ansanm ak kèk lòt frè ki te nan menm laj avè m.
Gen de jèn frè selibatè ki te apèn gradye nan 7yèm klas Lekòl Gileyad, ki te vin sèvi kòm siveyan itineran nan zòn kote n te rete a. Frè sa yo se te John Chimiklis ak Ted Jaracz. Mwen te sezi aprann yo te fèk antre nan ventèn yo. Lè sa a, mwen te gen 18 an, e m t apral gradye nan lekòl segondè. Mwen toujou sonje lè frè Chimiklis te mande m ki sa m pral fè ak lavi m. Apre m te fin reponn li, li te di m pawòl ankourajan sa yo: “Wi antre nan sèvis aplentan. Ou pa janm konnen kote l ka mennen w.” Konsèy sa a ansanm ak bèl egzanp frè sa yo te bay, te fè gwo enpresyon sou mwen. Se sa k fè, apre m te fin gradye, mwen te kòmanse sèvi kòm pyonye an 1948.
FASON MWEN TE ANTRE NAN BETÈL
Nan mwa jiyè 1950, mwen menm ak paran m te vwayaje pou n al asiste kongrè entènasyonal ki t ap fèt nan Yankee Stadium, nan vil Nouyòk la. Nan kongrè sa a, mwen te asiste reyinyon yo te fè pou moun ki te vle al sèvi nan Betèl yo. Mwen te ekri yon lèt pou m fè konnen mwen t ap kontan sèvi nan Betèl.
Byenke papa m pa t gen pwoblèm pou m te kontinye sèvi antanke pyonye e pou m te kontinye viv nan kay la. Li te wè l bon pou m te bay yon kantite kòb ki rezonab pou manje nan kay la ak chanm mwen te ye a. Konsa, yon jou, nan kòmansman mwa out, pandan m te sou wout pou m al chèche yon travay, toudabò, mwen te verifye bwat postal nou an. Mwen te jwenn yon lèt ki te sot Bwouklin Nathan H. Knorr te voye pou mwen. Men sa l te ekri: “Nou resevwa aplikasyon w te voye pou w vin sèvi nan Betèl la. Mwen konprann ou dakò pou w sèvi nan Betèl jiskaske Seyè a pran w. Kidonk, mwen ta renmen w vin nan Betèl la nan 124 Columbia Heights, Bwouklin, Nouyòk, nan jou k ap 7 septanm 1950 lan.”
Lè papa m te sot travay jou sa a, mwen te di l mwen jwenn yon travay. Li te di m: “Se byen, ki kote w pral travay?” Mwen te reponn li: “Nan Betèl Bwouklin pou 10 dola ameriken pa mwa.” Nouvèl sa a te yon ti jan choke l, men, li te di m si se sa m chwazi fè, mwen dwe fè tout sa m kapab pou m reyisi ladan l. Yon ti tan apre sa, li te batize an 1953 nan kongrè ki te fèt nan Yankee Stadium nan.
Mwen menm ak Alfred Nussrallah, patnè m nan sèvis pyonye.
Mwen te kontan anpil dèske Alfred Nussrallah, patnè m te gen nan sèvis pyonye a, te jwenn envitasyon pou l vin sèvi nan Betèl nan menm moman avè m. Konsa, nou te fè vwayaj la ansanm. Annapre, li te vin marye, epi, li menm ak Joan, madanm li, te asiste Lekòl Gileyad. Yo t al sèvi kòm misyonè nan peyi Liban, epi annapre, yo te retounen vin sèvi Ozetazini antanke siveyan itineran.
ASIYASYON MWEN TE GEN NAN BETÈL
Premye asiyasyon m te gen nan Betèl la se te kote yo relye liv yo. Premye piblikasyon mwen te travay sou li se te liv La religion a-t-elle servi l’humanité? a. Apre m te fin fè anviwon uit an nan sèvis sa a, yo te ban m asiyasyon nan Biwo sèvis pou m al sèvi anba direksyon frè Thomas J. Sullivan. Mwen te renmen travay avè l anpil, e m te kontan dèske m te ka aprann nan sajès ak bon konprann li te demontre nan domèn espirityèl, yon seri kalite li te vin genyen pandan plizyè ane li te gentan pase nan òganizasyon an.
Apre m te fin pase prèske twazan nan Biwo sèvis, Max Larson, ki te siveyan enprimri an, te di m frè Knorr ta renmen wè m. Mwen te mande tèt mwen si m te fè yon bagay mal. Mwen te vin soulaje lè frè Knorr te di m li ta renmen konnen si wi ou non mwen t ap planifye pou m kite Betèl yon lè. Li te bezwen yon moun pou fè yon ti tan ap travay nan biwo l la, e l te vle konnen si m t ap ka aksepte asiyasyon sa a. Mwen te di l mwen pa t ap planifye pou m kite Betèl. Anfèt, mwen te gen privilèj pou m travay nan biwo l la pandan 20 ane ki te vin apre yo.
Byen souvan, mwen te konn di mwen pap janm ka peye pou fòmasyon mwen te jwenn pandan m t ap travay ak frè Sullivan, frè Knorr ansanm ak anpil lòt frè nan Betèl tankou Milton Henschel, Klaus Jensen, Max Larson, Hugo Riemer ak Grant Suitera.
Frè m te travay avèk yo a se te yon seri frè ki te byen òganize pou yo fè travay yo t ap fè pou òganizasyon an. Frè Knorr te konn travay san pran souf, e l te vle wè aktivite Wayòm nan pwogrese pi plis chak jou. Frè ki te konn travay nan biwo l yo te twouve l fasil pou yo pale avè l. Menm lè n pa t toujou konprann bagay yo menm jan, nou te santi n alèz pou n pale avè l, e l te toujou fè n konfyans.
Yon lè, frè Knorr te pale avè m pou l montre m jan l enpòtan pou m bay menm sa nou ta ka konsidere kòm yon ti bagay anpil atansyon. Pou l te montre m jan sa enpòtan, li te di m lè l te siveyan enprimri, frè Rutherford te konn rele l nan telefòn pou l di l: “Frè Knorr, lè w ap kite enprimri an pou w al manje a midi, pot kèk gòm kreyon pou mwen. Mwen bezwen yo nan biwo m nan.” Frè Knorr te di m premye bagay li te fè se al nan chanm kote gòm yo te ye a, li pran gòm yo epi l mete yo nan pòch li. Konsa, nan poz midi a, li t ap ka pote yo nan biwo frè Rutherford la. Se vre, se te yon ti bagay, men, li te enpòtan pou frè Rutherford. Apre sa, frè Knorr te di m: “Mwen ta renmen gen kèk kreyon ki tou fèt sou biwo m nan. Kidonk, tanpri, mete yo sou biwo m nan pou mwen chak maten.” Pandan plizyè ane, mwen te asire m kreyon l yo te toujou byen fèt.
Byen souvan, frè Knorr te konn di nou jan l enpòtan pou n byen koute lè yo mande n fè yon bagay byen presi. Yon lè, li te ban m enstriksyon byen klè sou fason pou m fè yon bagay, men, mwen pa t koute avèk atansyon. Kòm rezilta, mwen te fè l wont. Sa te tèlman fè m mal, mwen te ekri l yon lèt tou kout pou m te di l mwen regrèt sa m te fè a anpil, e mwen panse l t ap pi bon si yo ta ban m yon lòt asiyasyon. Apre sa, nan menm maten sa a, frè Knorr te vin nan biwo m nan, epi l te di m: “Robert, mwen jwenn mesaj ou a. Ou te fè yon erè. Mwen te pale avè w sou sa, e m sèten w ap fè plis atansyon alavni. Kounye a, ann tounen al travay.” Se pa ti apresye m te apresye fason l te demontre bonjan konsiderasyon pou mwen an!
MWEN TE VIN ANVI MARYE
Apre m te fin pase uit an ap sèvi nan Betèl, sèl objektif mwen te genyen se te kontinye sèvi nan Betèl. Sepandan, sa te vin chanje. Pandan kongrè entènasyonal ki te fèt nan Yankee Stadium ak nan Polo Grounds an 1958 la, mwen te wè Lorraine Brookes, yon sè mwen te rankontre an 1955 lè l t ap sèvi kòm pyonye nan vil Monreyal, nan peyi Kanada. Mwen te sezi wè fason l te konsidere sèvis aplentan ak fason l te dispoze ale kèlkeswa kote òganizasyon Jewova a ta voye l. Lorraine te gen objektif pou l al asiste Lekòl Gileyad. Nan ane 1956, lè l te gen 22 an, yo te envite l pou l al asiste 27yèm klas la. Apre l te fin gradye, yo te voye l al sèvi kòm misyonè nan peyi Brezil. Lorraine avè m te repran kontak an 1958, e lè m te mande l pou l marye avè m li te aksepte. Nou te planifye pou n marye nan ane ki t ap vin apre a, e nou te espere sèvi ansanm kòm misyonè.
Lè m te fè frè Knorr konn entansyon m, li te konseye m pou m ret tann twazan anvan m marye, epi pou m sèvi nan Betèl Bwouklin ak madanm mwen. Nan epòk sa a, pou yon koup te ret nan Betèl apre yo fin marye, youn nan yo te dwe gen pou pi piti 10 an depi l ap sèvi nan Betèl, e lòt la te bezwen gen omwen twazan nan Betèl. Se sa k fè, anvan nou te marye, Lorraine te dakò pase dezan ap sèvi nan Betèl Brezil la, epi ennan nan Betèl Bwouklin.
Pandan de premye ane fiyansay yo, se pa mwayen lèt sèlman nou te konn kominike. Nan epòk sa a, pale nan telefòn te koute anpil lajan, epi pa t gen kesyon imel. Lè nou te marye nan dat ki te 16 septanm 1961 an, nou te gen privilèj pou frè Knorr bay diskou a. Se vre, ane nou te pase ap ret tann yo te parèt long. Men, kounye a, apre plis pase 50 an maryaj, lè n ap gade tout satisfaksyon ak tout jwa nou jwenn nan maryaj nou, nou dakò pou n di sa te vo lapenn pou n te ret tann tout tan sa a!
Jou maryaj nou. Soti sou bò goch: Nathan H. Knorr, Patricia Brookes (sè Lorraine), Lorraine avè m, Curtis Johnson, Faye ak Roy Wallen (paran m yo).
PRIVILÈJ SÈVIS
Nan ane 1964, mwen te vin gen privilèj pou m al vizite lòt peyi antanke siveyan zòn. Nan epòk sa a, sè yo pa t ka akonpaye mari yo nan vwayaj sa yo. Sepandan, an 1977, bagay yo te vin chanje, e medam yo te ka vwayaje ak mari yo. Nan menm ane a, Lorraine avè m te akonpaye Grant ak Edith Suiter lè yo t apral vizite biwo filyal peyi Almay, Otrich, Grès, Chip, Tiki ak Izrayèl. Antou, mwen te vizite anviwon 70 peyi.
Nan ane 1980, pandan nou t al vizite peyi Brezil, nou te pase Belém, yon vil ki twouve l sou ekwatè a, kote Lorraine te sèvi kòm misyonè. Nou te vizite frè ki nan vil Manaus yo tou. Nan yon diskou yo t ap bay nan yon stad, nou te wè yon gwoup moun ki te chita ansanm ki pa t suiv koutim Brezilyen yo genyen pou medam yo bo youn lòt bò figi epi pou mesye yo bay youn lòt lanmen. Ki sa k te fè sa?
Gwoup moun sa yo ki t ap sèvi Jewova menm jan avè n yo se te yon gwoup moun ki gen lèp ki te soti nan yon zòn ki anndan forè Amazòn nan kote lapli te konn tonbe toutan. Yo pa t vle pran kontak ak lòt moun nan asistans lan yon fason pou yo te ka pwoteje yo. Sepandan, se sèten yo te touche kè nou, e nou pap janm bliye jan lajwa te parèt sou figi yo. Pawòl pwofèt Ezayi te di yo se laverite. Men sa l te di: “Sèvitè m yo va fè fèt tèlman y’a kontan.” — Eza. 65:14.
YON LAVI KI BAY KÈ KONTAN E KI GEN SANS
Byen souvan, Lorraine avè m konn ap reflechi ak plis pase 60 an nou genyen depi n ap sèvi Jewova a. Nou vrèman kontan pou fason Jewova beni nou lefètke n te kite l dirije n pa mwayen òganizasyon l lan! Byenke m pa ka vwayaje toupatou nan monn nan ankò janm te konn fè sa lontan, mwen kontinye travay chak jou antanke moun k ap soutni Kolèj santral la. Mwen travay ak Komite kowòdonatè a ansanm ak Komite pou sèvis la. Mwen vrèman apresye privilèj mwen genyen pou m bay ti patisipasyon pa m nan soutni fanmi entènasyonal la fason sa a. Jiska prezan mwen toujou sezi wè tout kantite jèn gason ak jèn fi k ap antre nan sèvis aplentan. Jèn sa yo gen menm etadespri ak pwofèt Ezayi ki te di: “Men mwen. Voye m!” (Eza. 6:8). Tout moun sa yo met ansanm pou yo montre yo dakò ak pawòl siveyan sikonskripsyon an te di m sa gen lontan an: “Antre nan sèvis aplentan. Ou pa janm konnen kote l ka mennen w.”
a Pou nou jwenn istwa lavi kèk nan frè sa yo, gade atik ki vin apre yo ki te parèt nan Toudegad: Thomas J. Sullivan (15 out 1965, anglè); Klaus Jensen (1ye septanm 1971, fransè); Max Larson (1ye septanm 1989, fransè); Hugo Riemer (15 septanm 1964, anglè); ak Grant Suiter (1ye desanm 1983, fransè).