BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/8 p. 7
  • Bondye vle gen yon relasyon avè w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye vle gen yon relasyon avè w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Èske Jewova gen sousi pou nou toutbonvre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Li te anonse “bon nouvèl konsènan Jezi a”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Ki sa ki verite konsènan Bondye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Pa gen pi bon fason pou moun viv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/8 p. 7

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?

Bondye vle gen yon relasyon avè w

“Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini.” — JAN 6:44.

REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Anpil moun ki kwè nan Bondye santi yo lwen l. Christina se yon dam ki soti nan peyi Ilann e li te konn al legliz chak semèn. Men sa l di: “M te annik konsidere Bondye kòm Moun ki kreye tout bagay la. Men, mwen pa t konnen l. Pa menm yon fwa m pa t santi m pwòch ak li.”

SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Lè nou santi nou dekouraje, Jewova pa abandone nou. Men fason Jezi te montre Bondye gen sousi pou nou: “Si yon nonm gen san mouton e youn ladan yo pèdi, èske li pap kite katreven diznèf lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a?” Ki leson nou aprann nan sa? “Menm jan an tou, Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Matye 18:12-14.

Chak moun ki fè pati “tipiti sa yo” presye pou Bondye. Ki fason Bondye “al chèche sa ki pèdi a”? Selon vèsè nou te site nan entwodiksyon an, Jewova rale moun vin jwenn li.

Temwen Jewova nan yon gwo vil, y ap pataje enfòmasyon yo jwenn nan Bib la ak yon mesye

Ki moun jodi a k al lakay moun e k al nan andwa piblik yo pou yo pataje mesaj Bondye a ki nan Bib la avèk moun yo?

Ann egzamine fason Bondye te pran inisyativ pou l atire moun ki sensè vin jwenn li. Nan premye syèk epòk nou an, Bondye te voye Filip, yon disip Kris, al rankontre yon fonksyonè etyopyen pou l esplike fonksyonè a yon pwofesi ki nan Bib la fonksyonè a t ap li (Travay 8:26-39). Kèk tan apre, Bondye te dirije apot Pyè pou l al lakay yon ofisye women yo rele Kònèy ki t ap priye e ki t ap fè tout sa l kapab pou l adore Bondye (Travay 10:1-48). Bondye te gide apot Pòl ansanm ak konpayon l yo tou pou y al bò yon rivyè ki pa deyò vil Filip. Lè yo rive, yo te rankontre yon dam ki rele Lidi ki t ap “sèvi Bondye” epi “Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute” sa Pòl t ap di yo. — Travay 16:9-15.

Nan chak ka sa yo, Jewova te asire l pou moun ki t ap chèche l yo te gen opòtinite pou yo konnen l. Ki moun jodi a k al lakay moun e k al nan andwa piblik yo pou yo pataje mesaj Bondye a ki nan Bib la avèk moun yo? Anpil moun t ap reponn: ‘Temwen Jewova yo.’ Mande tèt ou: ‘Èske se Bondye k ap sèvi ak moun sa yo pou l ede m gen yon relasyon avè l?’ Nou ankouraje w priye Bondye pou l ede w byen reyaji devan efò l ap fè pou l atire w vin jwenn lia.

a Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? ki sou sit www.jw.org/ht.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje