BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/12 p. 7
  • Pa gen pi bon fason pou moun viv

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa gen pi bon fason pou moun viv
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Èske w santi w pwòch ak Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Poukisa w dwe kontinye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Ou kapab pwoche bò kote Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/12 p. 7
Yon mesye k ap li Bib la.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE

Pa gen pi bon fason pou moun viv

Ki sa w ka fè pou w vin pwòch ak Bondye? Nou te egzamine kèk bagay ou ka fè pou w vin gen bon relasyon ak Bondye. Men yo:

  1. Konnen non Bondye se Jewova, epi itilize l.

  2. Kominike ak Jewova regilyèman lè w priye l ak lè w etidye Bib la, Pawòl li a.

  3. Toujou fè sa k fè Jewova plezi.

Yon mesye k ap priye.

Pwoche bò kote Bondye lè w sèvi ak non l, ou priye l, ou etidye Pawòl li a epi w fè sa k fè l plezi.

Dapre sa nou sot di la a, èske w t ap di ou fè sa ki nesesè pou w vin pwòch ak Bondye? Èske gen kèk domèn ou panse ou ka amelyore nan yo? Nòmalman, sa mande efò, men panse ak rezilta yo.

Men sa Jennifer k ap viv Etazini fè konnen: “Sa vo lapenn pou yon moun fè kèlkeswa efò sa mande pou l vin gen bon relasyon ak Bondye. Relasyon sa a pote anpil benediksyon: moun sa a vin gen plis konfyans nan Bondye, li vin pi byen konprann pèsonalite l, men sa k pi enpòtan an, li vin pi renmen Bondye. Pa gen pi bon fason pou moun viv!”

Si w ta renmen gen bon relasyon ak Bondye, Temwen Jewova yo ap kontan ede w. Yo ka fè aranjman avè w pou w fè yon etid biblik gratis. Anplis de sa, y ap byen kontan si w vin asiste reyinyon yo fè ki baze sou Bib la nan Sal Wayòm ki toupre lakay ou. Nan reyinyon sa yo, w ap ka pwofite konpayi moun ki bay relasyon yo gen ak Bondye a anpil valèa. Toutpandan w ap fè efò sa yo, ou menm tou, w ap vin santi w menm jan ak salmis la ki te di: “Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” — Sòm 73:28, NW.

a Pou w ka mande yon etid biblik oswa pou w ka jwenn yon Sal Wayòm ki toupre lakay ou, tanpri pale ak moun ki pote peryodik sa a pou ou a oswa ale sou sit wèb www.jw.org/ht epi gade anba soutit PRAN KONTAK AK NOU an ki nan fen paj la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje