BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 15 kesyon 1-4
  • Poukisa w dwe kontinye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa w dwe kontinye?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Pa gen pi bon fason pou moun viv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • “Pwoche bò kote Bondye bon” pou nou!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 15 kesyon 1-4

LESON 15

Poukisa w dwe kontinye?

1. Ki byenfè w ap jwenn si w kontinye etidye Labib?

De fi k ap etidye Labib nan poz travay yo.

Pa gen dout, ansèyman fondamantal ou sot egzamine nan Bib la ranfòse lanmou w gen pou Jewova. Ou dwe kontinye travay pou w fè lanmou sa a vin pi fò toujou (1 Pyè 2:2). W ap ka toujou gen espwa jwenn lavi ki pap janm fini an si w kontinye pwoche bò kote Bondye grasa etid w ap fè nan Pawòl li a. — Li Jan 17:3; Jid 21.

Plis w ap vin gen konesans sou Bondye, se plis lafwa w ap vin pi solid. Lafwa ap ede w fè Bondye plezi (Ebre 11:1, 6). L ap pouse w pou w repanti e pou w fè chanjman ki nesesè nan fason w ap viv. — Li Travay 3:19.

2. Ki jan lòt moun kapab benefisye konesans ou gen sou Bondye a?

Yon dam k ap priye Bondye.

Ou ka vin gen yon relasyon espesyal ak Jewova.

Natirèlman, w ap anvi pataje sa w aprann yo ak lòt moun paske nou tout renmen bay bon nouvèl. Pandan w ap kontinye etidye Labib, w ap aprann fason pou w sèvi ak Bib la pou w bay rezon ki fè w gen lafwa nan Jewova ak nan bon nouvèl la. — Li Women 10:13-15.

Pifò moun kòmanse pataje bon nouvèl la ak zanmi yo oswa ak fanmi yo anvan. Men, se pou w fè sa avèk tak. Olye pou w di yo relijyon yo a pa bon, pale yo pito de pwomès Bondye fè yo. Epi pa bliye, souvan, konduit nou gen plis efè sou moun pase sa nou di. — Li 2 Timote 2:24, 25.

3. Ki relasyon w ka vin gen ak Bondye?

Lefètke w ap etidye Pawòl Bondye a, sa ap ede w vin gen pi bon relasyon ak Bondye. Rive yon lè, ou ka gen yon relasyon vrèman espesyal ak Jewova. Anfèt, ou ka vin fè pati fanmi l, konsa w ap vin moun pa l. — Li 2 Korentyen 6:18.

4. Ki jan w ka kontinye pwogrese?

Ou ka vin gen pi bon relasyon ak Bondye lè w kontinye etidye Pawòl li a (Ebre 5:13, 14). Mande yon Temwen Jewova pou l etidye Labib avè w nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Plis w ap aprann konn Pawòl Bondye a, se plis lavi w ap reyisi. — Li Sòm 1:1-3; 73:27, 28.

Temwen Jewova yo k ap ofri moun etib Labib.

Se Jewova, Bondye ki gen kè kontan an, ki bay bon nouvèl la. Ou ka pwoche bò kote l lè w vin pi pwòch ak pèp li a (Ebre 10:24, 25). Si w kontinye fè efò pou w fè Jewova plezi, w ap gen lavi toutbon an, lavi pou toutan an. Vrèmanvre, pwoche bò kote Bondye se pi bon bagay ou ka fè. — Li 1 Timote 1:11; 6:19.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 18 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje