BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/12 p. 6
  • Èske w fè sa Bondye mande?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w fè sa Bondye mande?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ou kapab zanmi Jewova
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “ Pwoche bò kote Bondye ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/12 p. 6
Yon mesye k ap ede yon dam k ap pote yon pwovizyon.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE

Èske w fè sa Bondye mande?

“Kèlkeswa sa w ta renmen, annik di m e m ap kontan fè l pou ou.” Petèt ou t ap ezite di yon moun ou pa konnen ditou oubyen yon moun ou apèn konnen pawòl sa yo. Men, ou ka pa gen okenn pwoblèm pou w ta di yon moun ki bon zanmi w pawòl sa yo. Natirèlman, moun ki bon zanmi gen tandans fè sa youn mande lòt fè.

Bib la fè konnen Jewova toujou fè sa li konnen k ap fè adoratè l yo plezi. Pa egzanp, men sa David, yon wa ki te gen bon relasyon ak Bondye, te di: “Ou fè anpil bagay, o Jewova Bondye mwen an, wi, travay estrawòdinè w yo ak panse ou genyen pou nou yo [...] yo vin pi plis pase sa mwen kapab rakonte.” ​(Sòm 40:5, NW). Mete sou sa, Jewova menm fè moun ki pa konnen l plezi, ‘li ba yo anpil manje e li ranpli kè yo ak lajwa’. — Travay 14:17.

Nou kontan rann moun nou renmen e nou respekte yo sèvis.

Piske Jewova renmen fè lòt moun plezi, li toutafè rezonab pou moun ki vle zanmi l yo fè sa k ap fè ‘kè l kontan’. (Pwovèb 27:11.) Men, ki bagay sitou ou ka fè pou w fè Bondye plezi? Men repons Bib la bay: “Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi.” ​(Ebre 13:16). Èske sa vle di yon moun ki fè sa ki byen epi ki pataje ak lòt moun fè tout sa ki nesesè pou l fè Jewova plezi?

Men sa Bib la di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” ​(Ebre 11:6). Yon bagay pou nou note, sèke se apre “Abraram te mete lafwa l nan Jewova [...] yo te vin rele l ‘zanmi Jewova’”. (Jak 2:23.) Anplis de sa, Jezi Kris te mete aksan sou nesesite pou nou “demontre nou gen lafwa nan Bondye” si nou vle gen benediksyon Bondye (Jan 14:1). Kidonk, ki jan w ka rive gen kalite lafwa Bondye ap chèche lakay moun li atire yo? Pou w kòmanse, ou bezwen etidye Bib la, Pawòl Bondye a regilyèman. Lè w fè sa, w ap vin gen yon “konesans egzak sou volonte l”, e konsa, w ap aprann konnen fason pou w “fè l plezi nèt”. Apre sa, toutpandan konesans egzak ou gen sou Jewova a ap vin pi plis epi w ap aplike prensip li yo ki jis, lafwa w gen nan li ap ogmante epi Bondye ap vin pi pwòch avè w. — Kolosyen 1:9, 10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje