BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/12 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
    Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
  • Plis èd pou fanmi
    Reveye n! — 2018
  • Èske soufrans ap janm fini?
    Èske soufrans ap janm fini?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/12 p. 16
Yon paran k ap sèvi ak egzanp ki gen nan kreyasyon an pou l anseye pitit li.

Sèvi ak egzanp ki gen nan kreyasyon an pou w ede timoun ou yo aprann konnen Bondye e pou yo renmen l.

REPONS BIB LA BAY

Ki jan pitit ou ka aprann renmen Bondye?

Timoun ou yo ka aprann renmen Bondye sèlman si yo gen prèv ki montre Bondye egziste e Bondye renmen yo. Pou timoun ou yo renmen Bondye, yo bezwen konnen l (1 Jan 4:8). Pa egzanp, yo bezwen konnen: Pou ki rezon Bondye te kreye lèzòm? Poukisa Bondye pèmèt soufrans? Ki sa Bondye pral fè pou lèzòm alavni? — Li Filipyen 1:9.

Pou w ede pitit ou renmen Bondye, ou dwe montre yo ou menm ou renmen Bondye. Lè yo wè sa, petèt y ap suiv egzanp ou. — Li Detewonòm 6:5-7; Pwovèb 22:6.

Ki sa w ka fè pou w touche kè pitit ou yo?

Pawòl Bondye a pisan (Ebre 4:12). Kidonk, ede timoun ou yo aprann ansèyman fondamantal ki ladan l yo. Pou Jezi te ka touche kè moun yo, li te poze yo kesyon, li te koute yo e li te esplike yo Ekriti yo. Pou w touche kè timoun ou yo, ou ka imite fason Jezi te konn anseye. — Li Lik 24:15-19, 27, 32.

Mete sou sa, istwa yo rapòte nan Bib la sou fason Bondye te konn boule ak moun ka ede timoun yo konnen Bondye pou yo ka renmen li. Gen piblikasyon yo fè pou sa ki sou sit www.jw.org/ht a. — Li 2 Timote 3:16.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 14 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.jw.org/ht a, oswa mande liv sa a gratis nan youn nan adrès ki nan paj 2 a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje