BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/6 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/6 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Ki sa k fè yon moun se yon bon paran?

Yon papa ak pitit li k ap gade yon ti bèt

Èske w anseye pitit ou pou l renmen Bondye?

Yon kay kote paran yo renmen youn lòt e yo respekte youn lòt se yon trè bon kote pou yo leve yon timoun (Kolosyen 3:14, 19). Yon bon paran se yon moun ki renmen pitit li e li felisite yo menm jan Jewova te felisite Pitit gason l lan. — Li Matye 3:17.

Papa nou ki nan syèl la koute sèvitè l yo, e li bay santiman yo genyen enpòtans. Li bon pou paran yo imite Jewova e pou yo koute sa pitit yo gen pou di yo (Jak 1:19). Yo dwe aksepte santiman timoun yo genyen, san wete santiman negatif yo. — Li Nonb 11:11, 15.

Ki jan w ka leve pitit ou pou l vin moun ki responsab?

Antanke paran, ou gen otorite pou w etabli règ pou pitit ou (Efezyen 6:1). Imite egzanp Bondye. Li demontre lanmou li gen pou pitit li yo lè li ba yo yon seri règ ki byen klè e li di yo konsekans sa ap genyen si yo dezobeyi yo (Jenèz 3:3). Sepandan, olye Bondye fòse moun obeyi l, li anseye yo fason pou yo jwenn byenfè lè yo fè sa ki dwat. — Li Izayi 48:18, 19.

Fikse objektif pou w ede pitit ou renmen Bondye. Konsa, y ap aji avèk sajès menm lè yo pa avè w. Menm jan Bondye anseye nou grasa egzanp li ban nou, anseye pitit ou pou yo renmen Bondye grasa egzanp ou ba yo. — Li Detewonòm 6:5-7; Efezyen 4:32; 5:1.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 14 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje