BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/1 p. 16
  • Ki jan lavi te kòmanse?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan lavi te kòmanse?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Èske bèt yo ale nan syèl?
    Repons Bib la bay
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/1 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Ki sa k pouse anpil moun admèt gen yon Kreyatè ki egziste?

Yon manman k ap admire tibebe l

Èske lavi pa yon mirak?

Men sa yon powèt te ekri sa gen anviwon 3 000 an: “Mwen fèt [...] yon fason ki estrawòdinè.” ​(Sòm 139:14, NW). Lè n egzamine fason yon tibebe devlope apati yon sèl selil, èske sa pa ranpli nou ak respè ak admirasyon? Gen anpil moun ki admèt tout bagay ki gen lavi nan yo se yon Kreyatè ki fè yo. — Li Sòm 139:13-17; Ebre 3:4.

Moun ki kreye linivè a e ki fè tè a yon fason pou moun ka abite sou li a se li ki kreye lavi a tou (Sòm 36:9). Li kominike ak lèzòm e li fè nou konnen l. — Li Izayi 45:18.

Èske se nan bèt nou soti?

Nan anpil detay, kò nou sanble ak kò bèt yo. Men rezon ki fè sa se paske Kreyatè a te fè ni moun ni bèt pou yo viv sou tè a. Se ak pousyè tè Bondye te fè premye moun nan, se pa nan yon bèt li te soti. — Li Jenèz 1:24; 2:7.

Gen de fason enpòtan lèzòm diferan ak bèt yo. Premyèman, lèzòm gen kapasite pou yo konnen Kreyatè a, pou yo renmen l e pou yo respekte l. Dezyèmman, Kreyatè a te fè lèzòm pou yo viv pou toutan, tandiske li pa t fè bèt yo pou yo viv pou toutan. Men kounye a, tout moun eritye lanmò paske premye gason an te rejte direksyon Kreyatè a ba li. — Li Jenèz 1:27; 2:15-17.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 1 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje