BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/7 p. 8-9
  • Enkyetid nou genyen lè gen malè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Enkyetid nou genyen lè gen malè
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ENPÒTANS LAPRIYÈ GENYEN
  • ESPERANS NOU GENYEN POU LAVNI
  • Gen anpil bagay ki bay moun enkyetid!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Lage tout tètchaje nou sou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a
    Kèk lòt sijè
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/7 p. 8-9

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON POU NOU FÈ FAS AK ENKYETID NOU GENYEN

Enkyetid nou genyen lè gen malè

Men sa Alona di: “Lè m tande sirèn nan, kè m te kòmanse bat fò e mwen kouri abrite m nan yon kay ki fèt pou pwoteje moun kont bonm. Malgre sa, mwen te toujou pè. Sa te pi mal lè m deyò paske pa t gen kote pou m kache. Yon fwa, pandan m t ap mache nan lari a, mwen te kòmanse kriye e mwen pa t ka respire. Sa te pran plizyè èdtan pou m te vin kalm. Apre sa, sirèn nan te kòmanse ankò.”

Alona enkyè akoz danje ki genyen lè yon bonm eksploze

Alona

Lagè se sèlman youn nan bagay ki lakòz malè. Pa egzanp, lè w dekouvri ou gen yon maladi grav, sa ka yon gwo chòk pou ou, se menm bagay la tou si sa ta rive yon moun ou renmen. Gen lòt moun ki pè paske yo pa konnen ki jan demen ap ye. Yo enkyè, y ap mande tèt yo ‘èske pitit nou yo oubyen pitit pitit nou yo ap oblije viv nan yon monn kote gen lagè, krim, polisyon, chanjman nan klima a ak epidemi maladi?’ Ki jan nou ka fè fas ak enkyetid sa yo?

Lefètke moun ki gen konprann nan konnen bagay mal ka rive, “lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l”. (Pwovèb 27:12.) Anplis de sa, menm jan nou fè efò pou nou pwoteje byennèt fizik nou, nou ka pran dispozisyon pou n pwoteje sante mantal nou ak sante afektif nou. Divètisman ki vyolan e menm nouvèl ki chaje ak imaj ki bay laperèz ka ajoute sou enkyetid nou menm ak pitit nou deja genyen. Lefètke nou pa chwazi gade imaj sa yo sa pa vle di n ap kouri pou reyalite a. Bondye pa t fè lespri nou pou l ap reflechi sou sa ki mal. Olye de sa, nou dwe ranpli lespri nou ak ‘tout bagay ki vrè, ki jis, ki pwòp, ki merite pou nou renmen yo’. Si nou fè sa, “Bondye lapè a” ap fè nou gen lapè ni nan lespri nou ni nan kè nou. — Filipyen 4:8, 9.

ENPÒTANS LAPRIYÈ GENYEN

Vrè lafwa a ede nou fè fas ak enkyetid. Bib la ankouraje n pou n “vijilan pou nou pa neglije lapriyè”. (1 Pyè 4:7.) Nou ka mande Bondye pou l ede nou, pou l ban nou sajès ak kouraj pou nou ka fè tout sa nou kapab nan sitiyasyon nou ye a, toutpandan nou gen konfyans l ap “tande nou pou kèlkeswa sa nou mande l”. — 1 Jan 5:15.

Avi ak Alona ap priye Bondye pou l ede yo

ak mari l, Avi.

Bib la fè n konnen se Satan ki “chèf monn nan”, se pa Bondye, epi li di tou “lemonnantye anba pouvwa mechan an”. (Jan 12:31; 1 Jan 5:19.) Donk, se pa t yon langaj senbolik Jezi te itilize lè li te anseye nou pou nou priye Bondye pou l “delivre nou anba mechan an”. (Matye 6:13.) Men sa Alona di: “Chak fwa sirèn nan kanpe, mwen te mande Jewova pou l ede m kontwole santiman m genyen yo, mete sou sa, mari m te rele m e li te priye avè m. Lapriyè te vrèman ede m.” Se egzakteman sa Bib la di: “Jewova pre tout moun ki envoke li, wi, tout moun ki envoke l avèk senserite.” — Sòm 145:18, NW.

ESPERANS NOU GENYEN POU LAVNI

Nan Sèmon sou montay la Jezi te anseye disip li yo pou yo priye: “Se pou Wayòm ou an vini.” ​(Matye 6:10). Wayòm Bondye a pral elimine tout enkyetid k ap fè nou soufri yo, e l ap retire yo pou toutan. Grasa Jezi, “Prens lapè” a, Bondye pral “fè lagè sispann jis nan dènye bout tè a”. (Izayi 9:6; Sòm 46:9, NW). “Li [Bondye ] pral rann jijman pami anpil pèp [...]. Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, yo pap aprann fè lagè ankò [...]. Pap gen pèsonn k ap fè yo tranble.” ​(Mika 4:3, 4, NW). Fanmi yo ap gen kè kontan, “y ap bati kay e y ap abite nan yo, y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay”. (Izayi 65:21, NW.) “Pa gen moun ki abite la k ap di: ‘Mwen malad.’” — Izayi 33:24, NW.

Jodi a, malgre tout prekosyon yon moun ka pran, li pa toujou posib pou l anpeche “evènman moun pa prevwa” rive ni pou l evite twouve l yon move kote yon move lè (Eklezyas 9:11, NW). Jan sa ye depi plizyè syèk, lagè, vyolans, maladi pa sispann touye bon moun. Ki espwa ki genyen pou inosan sa yo ki viktim?

Gen plizyè milyon moun ki pral reviv ankò e se sèl Bondye ki konnen ki kantite yo ye. Annatandan, y ap dòmi an sekirite, yo nan memwa pafè Bondye, jiskaske jou a rive kote “tout moun ki nan tonm yo [...] ap soti”. (Jan 5:28, 29.) Anpalan de rezirèksyon, men asirans Bib la ban nou: “Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid.” ​(Ebre 6:19). Mete sou sa, Bondye “bay tout moun yon garanti lefètke li resisite [Jezi] sot nan lanmò”. — Travay 17:31.

Pou kounye a, menm moun k ap fè efò pou yo fè Bondye plezi gen enkyetid. Lefètke Paul, Janet ak Alona te pran yon seri dispozisyon pratik, yo te pwoche bò kote Bondye nan lapriyè e yo te gen lafwa nan esperans Bib la bay pou lavni, sa te ede yo tout venk enkyetid yo te genyen. Menm jan sa te ye pou yo, se pou “Bondye ki bay esperans lan ranpli nou ak yon jwa ak yon lapè total poutèt nou kwè nan li”. — Women 15:13.

Èske w dwe al wè yon doktè?

Apre w fin fè yon seri aksyon ki pratik pou w venk enkyetid ou genyen, si w wè yo kontinye gen move efè sou lavi w, l ap bon pou w al wè yon doktè. Lè enkyetid yon moun genyen ap ogmante nan yon pwopòsyon ki plis pase pwoblèm li genyen oubyen ki plis pase strès li genyen se yon siy ki ka montre moun nan gen yon pwoblèm ki pi grav. Petèt pou kòmanse, doktè w la ka fè yon bilan sante pou ou, paske pafwa se konn yon pwoblèm sante ki lakòz yon moun gen enkyetid. Nan moman sa a, doktè a ka ede w wè si l apwopriye pou w suiv yon tretman pou saa.

a Peryodik sa a pa rekòmande moun okenn tretman medikal an patikilye. Kretyen yo dwe veye pou tretman medikal y ap suiv pa vyole prensip ki nan Bib la. Gade atik ki gen tit “Mieux comprendre les troubles anxieux” ki nan Réveillez-vous! mas 2012 la, li sou sit Entènèt www.jw.org la tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje