BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 4 p. 16
  • Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske Labib ka ede w fè fas ak tètchaje w genyen yo?
  • Èske tètchaje yo ap fini yon lè?
  • Lage tout tètchaje nou sou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a
    Kèk lòt sijè
  • Fason n ka rive fè fas ak tètchaje
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Enkyetid nou genyen lè gen malè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 4 p. 16
Yon fanmi ki nan Paradi a

Lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, moun yo pral “kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:11

Ki sa Bib la di?

Èske Labib ka ede w fè fas ak tètchaje w genyen yo?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

“Lage tout tètchaje nou genyen sou [Bondye], paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:7). Labib ban nou asirans Bondye kapab ede n jwenn soulajman lè n gen tètchaje.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Grasa lapriyè, nou ka rive jwenn “lapè Bondye” k ap soulaje n anba tètchaje yo. — Filipyen 4:6, 7.

  • Epitou, si nou li Pawòl Bondye a, sa ka ede n fè fas ak strès. — Matye 11:28-30.

Èske tètchaje yo ap fini yon lè?

Gen kèk moun ki kwè... tètchaje ak strès se bagay nòmal nan lavi moun, men gen lòt ki kwè se sèlman lè yo mouri y ap soulaje anba tètchaje yo. E ou menm, ki sa w panse?

Men sa Bib la di

Bondye pral retire bagay ki lakòz nou gen tètchaje yo. “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:4.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, moun yo pral viv anpè e an sekirite. — Ezayi 32:18.

  • Nou pap sonje pakèt vye tètchaje ak strès nou te konn genyen yo ankò. — Ezayi 65:17.

Pou w ka aprann konsènan moman kote bonjan jistis pral blayi sou tè a, gade chapit 3 liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje