BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/7 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/7 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Ki kote mechanste soti?

Jezi refize òf Dyab la fè l kote li di l l ap ba li tout wayòm ki gen nan monn nan

Kiyès ki t ap eseye fè Jezi fè yon move bagay? — Matye 4:8-10.

Nòmalman, moun ta renmen viv anpè, yo ta renmen onèt e yo ta renmen janti. Si se konsa, poukisa byen souvan nou wè gen vyolans, gen enjistis ak zak kriminèl? Li kouran pou nou tande nouvèl terib. Èske gen yon moun k ap pouse moun fè mechanste? — Li 1 Jan 5:19.

Èske Bondye te fè lèzòm ak tandans pou yo fè mechanste? Non, Jewova te kreye lèzòm pòtre ak li, ak tandans pou yo imite lanmou li gen lakay li (Jenèz 1:27; Jòb 34:10). Mete sou sa, Bondye te onore lèzòm, li te fè yo ak kapasite pou yo deside. Lè premye paran nou yo te chwazi pou yo aji mal, yo te rejte bèl egzanp Bondye te ba yo e yo te vin enpafè. Se nan men yo nou eritye tandans pou nou peche a. — Li Detewonòm 32:4, 5.

Èske ap toujou gen mechanste?

Bondye vle pou nou reziste devan tandans nou genyen pou nou fè sa ki mal (Pwovèb 27:11). Se sa k fè, li aprann nou fason pou nou evite fè mechanste ak fason pou nou gen kè kontan toutbon. Sepandan, kounye a nou pa ka imite lanmou Bondye genyen yon fason ki pafè. — Li Sòm 32:8.

Malgre jodi a gen anpil mechanste, Bondye pèmèt sa rive pou yon tan limite, pou l ka kite tout moun wè move konsekans sa genyen lè moun ap fè mechanste (2 Pyè 3:7-9). Sepandan, talè konsa, tout tè a pral ranpli ak moun ki gen kè kontan ki obeyi Bondye. — Li Sòm 37:9-11.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje