BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/9 p. 7
  • Poukisa nou preche?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa nou preche?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Plis èd pou fanmi
    Reveye n! — 2018
  • Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
    Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a?
  • Ou ka jwenn èd pou w konprann Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/9 p. 7
De Temwen Jewova k ap preche nan yon katye rezidansyèl

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KIYÈS TEMWEN JEWOVA YO YE?

Poukisa nou preche?

Gwo travay predikasyon n ap fè a se petèt sa ki fè nou plis diferan parapò ak lòt moun. Nou fè travay sa a kay an kay ak lòt kote ankò, kèlkeswa kote nou jwenn moun. Men, poukisa nou preche?

Nou preche pou nou bay Bondye glwa e pou nou fè konnen non l (Ebre 13:15). Anplis de sa, nou vle obeyi lòd Jezi Kris te bay lè l te di: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — Matye 28:19, 20.

Yon lòt rezon ki fè nou preche se lanmou nou genyen pou pwochen nou (Matye 22:39). Nòmalman, nou konnen pifò moun yo gen pwòp kwayans yo e se pa tout moun ki enterese nan mesaj nou an. Men, nou kwè mesaj ki nan Bib la se yon mesaj ki ka sove lavi moun. Se sa k fè nou kontinye ‘anseye san rete e nou kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la’, menm jan kretyen yo te konn fè sa nan premye syèk la. — Travay 5:41, 42.

Antonio Cova Maduro, yon sosyològ, te ekri konsènan “fason Temwen Jewova yo fè efò, fason yo bay tout yo menm jis nan pwen yo fatige [...], pou yo fè tèks sakre yo rive nan dènye bout tè a.” — Yon jounal ki rele El Universal, Venezyela.

Pifò moun k ap li piblikasyon nou yo pa Temwen Jewova. E gen plizyè milyon moun k ap etidye Labib ak nou ki nan lòt relijyon. Poutan, yo byen kontan dèske Temwen Jewova yo pase vizite yo.

Men, si w gen lòt kesyon konsènan Temwen Jewova yo, ou kapab jwenn repons yo

  • lè w poze yon Temwen Jewova kesyon.

  • lè w vizite sit nou an: www.jw.org/ht.

  • lè w asiste reyinyon nou yo. Yo gratis e nenpòt moun kapab vini.

Jezi voye de disip al preche
Yon mòn ki gen nèj sou tèt li

Si w vle plis enfòmasyon konsènan Temwen Jewova yo, gade fim ki rele Temwen Jewova yo òganize pou yo preche bon nouvèl la sou sit www.jw.org/ht a. (Gade anba ribrik PIBLIKASYON > VIDEYO)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje