BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/12 p. 6-7
  • Ou ka jwenn èd pou w konprann Bib la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou ka jwenn èd pou w konprann Bib la
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ÈD MOUN YO TE JWENN NAN TAN LONTAN
  • ÈD KI DISPONIB JODI A
  • Ki jan Bib la ka amelyore lavi m?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Poukisa nou preche?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Plis èd pou fanmi
    Reveye n! — 2018
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Navige sou JW.ORG
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/12 p. 6-7

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA KONPRANN BIB LA

Ou ka jwenn èd pou w konprann Bib la

Imajine w al vizite yon peyi etranje pou premye fwa. Lè w rive, ou wè yon seri moun, yon seri manje ak yon kalite lajan ou pa abitye wè. Natirèlman, ou ka santi w kontrarye.

Ou ka santi w menm jan an premye fwa w ap li Bib la. Anfèt, se bak ou fè nan yon monn ansyen ki sanble etranj pou ou. Nan monn sa a, w ap jwenn yon pèp yo te rele Filisten, w ap tonbe sou yon seri koutim etranj tankou moun ki gen abitid “chire rad” ki sou yo oubyen w ap aprann gen yon manje yo te rele lamàn e gen yon kòb yo te rele drak (Egzòd 16:31; Jozye 13:2; 2 Samyèl 3:31; Lik 15:9). Tout bagay sa yo ka lage w nan konfizyon. Men, èske w pa t ap kontan mande yon moun ki ka esplike w bagay yo èd menm jan w t ap fè sa si w t ap vizite yon peyi etranje?

ÈD MOUN YO TE JWENN NAN TAN LONTAN

Depi lè yo te fèk ekri premye liv sakre yo, nan 16yèm syèk anvan epòk nou an, yo te bay moun yo èd pou yo konprann tèks la. Pa egzanp, Moyiz premye chèf nasyon Izrayèl la te “pran esplike” nasyon an sa ki te ekri ladan yo. — Detewonòm 1:5.

Anviwon dis syèk apre, te toujou gen moun kalifye ki te la pou yo anseye moun Ekriti yo. Nan ane 455 anvan epòk nou an, te gen yon pakèt Juif ki te rasanble sou yon plas piblik nan vil Jerizalèm, te gen anpil timoun pami yo. Moun kalifye ki te la pou yo anseye moun yo Bib la te “li [menm liv sakre yo] byen fò”. Men, yo te fè plis pase sa. “Yo te ede pèp la konprann sa yo te sot li a.” — Neyemi 8:1-8.

Senk syèk apre sa, Jezi Kris te patisipe nan yon travay ansèyman menm jan an. Anfèt, moun yo te sitou konnen l kòm yon anseyan (Jan 13:13). Li te konn anseye ni gwo foul moun, ni yon moun ki poukont li. Yon lè, Jezi te pale ak yon gwo foul moun, lè l t ap bay Sèmon sou montay la, yon sèmon anpil moun byen konnen, e ‘foul moun yo te rete bouch ouvè devan fason l anseye’. (Matye 5:1, 2; 7:28.) Nan prentan ane 33 epòk nou an, Jezi te pale ak de nan disip li yo pandan yo te nan wout y ap mache pou y al nan yon ti vil ki toupre Jerizalèm, ‘li te byen esplike yo Ekriti yo’. — Lik 24:13-15, 27, 32.

Disip Jezi yo se moun ki te konn anseye Pawòl Bondye a tou. Yon lè, gen yon mesye ki te nan gwo pozisyon nan peyi Etyopi ki t ap li yon pati nan Ekriti yo. Gen yon disip Jezi ki te rele Filip ki te pwoche bò kote l epi li mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” Etyopyen an reponn: “Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” Konsa, Filip te esplike Etyopyen an sans pati li t ap li a. — Travay 8:27-35.

ÈD KI DISPONIB JODI A

Menm jan ak moun ki t ap anseye moun Bib la nan tan lontan yo, jodi a, Temwen Jewova yo ap fè yon travay kote y ap anseye moun Bib la nan 239 peyi nan lemonnantye (Matye 28:19, 20). Semèn apre semèn, yo ede plis pase nèf milyon moun konprann Bib la. Anpil nan moun k ap etidye Labib yo pa t gen konesans sou krisyanis la. Etid sa yo gratis e Temwen yo ka fè yo lakay moun nan oswa yon lòt kote ki bon pou moun nan. Gen moun ki menm kontan fè etid la nan telefòn oswa yo sèvi ak videyo, gen lòt moun ki itilize yon òdinatè oubyen yon aparèy mobil.

Tanpri, mande nenpòt Temwen Jewova plis enfòmasyon sou fason w ka pwofite dispozisyon sa a. W ap wè Bib la pa yon liv moun pa ka konprann, okontrè, li se yon liv ki “itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis” yon fason pou w ka ‘vin kalifye nèt, pou w vin gen tout sa w bezwen pou w fè tout bon travay’. — 2 Timote 3:16, 17.

Gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? sou sit Entènèt www.jw.org/ht a.

Gade videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? sou sit Entènèt www.jw.org/ht a.

Ou ka jwenn èd sou Entènèt

Yon dam k ap gade sit Entènèt jw.org la pandan li chita deyò nan yon restoran

Èske w pa ta renmen fè yon ti gade enfòmasyon nou gen sou Bib la sou Entènèt poukont ou? Pou kòmanse, ale sou sit Entènèt jw.org la. Sit Entènèt sa a bay enfòmasyon gratis sou Bib la nan plis pase 700 lang. W ap kontan jwenn enfòmasyon sou sijè sa yo:

Kesyon moun yo poze souvan

  • Ki bi lavi a?

  • Poukisa moun mouri?

  • Ki sa k rive apre yon moun fin mouri?

(Gade ribrik LA BIBLE ET VOUS > QUESTIONS BIBLIQUES)

Sitiyasyon pèsonèl

  • Sa w ka fè lè w deprime

  • Fason pou w fè fas ak yon maladi w soufri

  • Pwoblèm lajan ak dèt

(Gade ribrik LA BIBLE ET VOUS > QUESTIONS BIBLIQUES)

Èd pou fanmi yo

  • Fason nou ka sispann fè diskisyon

  • Fason nou ka leve timoun yo pou yo vin moun ki responsab

  • Aprann timoun yo prensip moral yo

(Gade ribrik LA BIBLE ET VOUS > COUPLES & PARENTS)

Konsèy pou adolesan yo

  • Fason yo ka fè fas ak agresyon seksyèl

  • Sa pou yo fè lè yo agrese yo

  • Fason yo ka fè fas ak santiman ki fè yo santi yo poukont yo

(Gade ribrik LA BIBLE ET VOUS > ADOLESCENTS)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje