BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/9 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Wayòm Bondye a ap dirije!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Bib la rapòte istwa ki egzak e li gen pwofesi ki fyab
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Ann aprann nan pwofesi ki nan Bib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ann chèche konprann pwofesi Ezekyèl yo
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/9 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Poukisa gen pwofesi nan Bib la?

Jezi k ap pale ak kèk nan apot li yo sou Mòn Oliv

Poukisa Labib pale de evènman k ap rive nan epòk nou an? — Lik 21:10, 11.

Gen anpil pwofesi nan Bib la ki bay anpil detay. Pa gen moun ki ka predi sa k pral rive an detay. Se sa k fè reyalizasyon pwofesi yo montre aklè Labib se Pawòl Bondye. — Li Jozye 23:14; 2 Pyè 1:20, 21.

Pwofesi ki nan Bib la ki deja reyalize yo ban nou bonjan rezon pou nou gen lafwa nan Bondye (Ebre 11:1). Anplis de sa, yo fè nou gen konfyans pwomès Bondye fè nou yo pou n gen yon pi bon lavi demen se laverite. Konsa, pwofesi ki nan Bib la ban nou yon esperans ki sèten. — Li Sòm 37:29; Women 15:4.

Ki jan pwofesi ki nan Bib la ede nou?

Gen pwofesi ki mande sèvitè Bondye yo pou yo aji. Pa egzanp, lè kretyen yo nan premye syèk la te wè kèk pwofesi ki te reyalize, yo te kite Jerizalèm. Konsa, lè vil sa a te vin detwi akoz pifò moun ki t ap viv ladan l te rejte Jezi, kretyen yo te deja an sekirite yon kote byen lwen. — Li Lik 21:20-22.

Jodi a, pwofesi ki reyalize yo montre Wayòm Bondye a pral elimine wayòm ak gouvènman lèzòm yo talè konsa (Dànyèl 2:44; Lik 21:31). Se sa k fè, kounye a, nou chak dwe aji san pèdi tan pou nou gen favè Jezi Kris, wa Bondye nome a. — Li Lik 21:34-36.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 2 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje