Bib la rapòte istwa ki egzak e li gen pwofesi ki fyab
Ki prèv ki montre istwa Bib la rapòte yo egzak? Ki pwofesi biblik ki deja akonpli ki ban nou asirans lòt pwofesi ki poko akonpli yo ap reyalize san mank? N ap jwenn repons kesyon sa yo lè nou gade videyo ki gen tit: La Bible: un récit historique exact, des prophéties dignes de foi, se twazyèm videyo nan twa videyo yo prezante sou DVD ki gen tit: La Bible: un livre historique et prophétique. Apre w fin gade videyo sa a, èske w ka reponn kesyon sa yo?
1) Kiyès ki Sous enfòmasyon fyab nou jwenn nan Bib la (Dàn. 2:28)? 2) Poukisa nou ka di deskripsyon Bib la fè sou Ejip nan tan lontan an egzak, e ki jan pwofesi nou jwenn nan Izayi 19:3, 4 la te akonpli? 3) Ki dekouvèt akeyològ yo fè ki pwouve sa Bib la rapòte sou Asiryen yo, sou wa yo te genyen, ak sou destriksyon Lasiri a se verite (Naw. 3:1, 7, 13)? 4) Ki pwofesi konsa ki gen rapò ak Babilòn ki egzak (Jer. 20:4; 50:38; 51:30)? 5) Anrapò ak Anpi medo-pès, ki pwofesi nan Bib la ki te reyalize (Iza. 44:28)? 6) Kòman pawòl nou jwenn nan Dànyèl 7:6 ak Dànyèl 8:5, 8 te akonpli sou Lagrès? 7) Kòman pawòl nou jwenn nan Dànyèl 7:7 la te akonpli lè Wòm te vin pisans mondyal? 8) Kiyès nan Seza yo non yo mansyone nan Bib la? 9) Ki sa k te rive kretyen yo anba dominasyon Newon? 10) Kòman pwofesi nou jwenn nan Revelasyon 13:11 ak Revelasyon 17:10 yo te akonpli? 11) Ki sa uityèm wa a reprezante? 12) Ki imaj nou wè nan videyo a ki montre pawòl nou jwenn nan Eklezyas 8:9 la se verite? 13) Ki pwofesi ki poko akonpli w ap tann pou w wè yo akonpli avèk enpasyans? 14) Kòman w ka itilize videyo sa a pou w konvenk lòt moun pawòl ki nan Bib la se Pawòl Bondye?