BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/10 p. 6-8
  • Priye — Ki sa sa ka itil nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Priye — Ki sa sa ka itil nou?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Nou gen lapè nan lespri nou.
  • Nou jwenn konsolasyon ak fòs lè n ap fè fas ak eprèv.
  • Nou jwenn sajès ki soti nan Bondye.
  • Ki jan lapriyè ka ede w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Poukisa nou ta dwe priye toutan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ki jan nou ta dwe priye? Èske pi bon fason pou n priye se resite priyè yo rele Nòtrepè a?
    Repons Bib la bay
  • “ Fè Bondye konnen demann nou yo ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/10 p. 6-8
Yon dam k ap priye pandan l ap panse ak manman l ki malad

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L VRÈMAN ITIL POU NOU PRIYE?

Priye — Ki sa sa ka itil nou?

Anvan w kòmanse fè yon bagay, nòmalman, ou ka mande tèt ou: ‘Ki sa m ap jwenn ladan l?’ Si yon moun ta poze kesyon sa a konsènan lapriyè, èske li t ap montre l egoyis? Pa vrèman. Natirèlman, ou ta renmen konnen si lapriyè ka itil ou? Menm Jòb, ki te yon bon moun, yon lè li te mande tèt li: “Si m rele [Bondye], èske l ap reponn mwen?” — Jòb 9:16, NW.

Nan atik ki vin anvan yo, nou sot egzamine plizyè prèv ki montre lapriyè pa jis yon woutin nan relijyon, ni li pa jis yon terapi yon moun fè pou fè l santi l byen nan lespri l. Vrè Dye a koute priyè moun fè toutbonvre. Si nou priye l bon fason an e nou mande l bagay ki kòrèk, l ap koute nou. An reyalite, li ankouraje nou pwoche bò kote l (Jak 4:8). Donk, ki sa nou ka jwenn lè nou toujou rezève tan nan lavi nou pou n priye? Annou wè kèk byenfè nou ka jwenn.

Nou gen lapè nan lespri nou.

Lè w rankontre pwoblèm ak difikilte nan lavi w, èske w santi enkyetid anvayi w? Labib ankouraje n pou n “priye toutan” nan moman sa yo e pou n “fè Bondye konnen demann nou yo”. (1 Tesalonisyen 5:17; Filipyen 4:6.) Labib ban nou asirans si nou priye Bondye, “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou”. (Filipyen 4:7.) Nou ka rive gen lapè nan lespri nou nan yon sèten degre lè nou vide kè nou bay Papa nou ki nan syèl la, nou fè l konnen bagay ki enkyete nou yo. Anfèt, li mande nou fè sa, paske men sa Sòm 55:22, NW, di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.”

“Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” — Sòm 55:22, NW.

Gen anpil moun ki jwenn lapè sa a. Hee Ran, k ap viv Kore disid, di: “Menm lè m gen gwo pwoblèm, yonfwa m priye sou pwoblèm yo, mwen santi m soulaje anba chay la epi mwen santi m gen fòs pou m andire.” Men sa Cecilia, k ap viv Filipin, fè konnen: “Etandone m se yon manman, mwen enkyete pou pitit fi m yo, epi mwen enkyete pou manman m tou, ki pa ka rekonèt mwen kounye a. Grasa lapriyè, mwen rive fè fas ak pwoblèm lavi a chak jou san m pa gen twòp enkyetid. Mwen konnen Jewova ap ede m pran swen yo.”

Nou jwenn konsolasyon ak fòs lè n ap fè fas ak eprèv.

Èske w ap fè fas ak gwo strès ki menm mete lavi w an danje oubyen w ap fè fas ak yon trajedi? Ou ka jwenn yon gwo soulajman lè w priye “Bondye tout konsolasyon an”. Bib la di Bondye ap “konsole nou nan tout eprèv nou yo”. (2 Korentyen 1:3, 4.) Pa egzanp, yon lè, Jezi te nan yon gwo detrès, ‘li met ajenou e li kòmanse priye’. Ki rezilta sa te bay? Gen ‘yon zanj ki sot nan syèl la ki parèt devan l, e zanj lan ba l fòs’. (Lik 22:41, 43.) Neyemya, yon lòt gason fidèl, te soufri akoz menas moun mechan t ap fè l pou yo eseye bloke travay Bondye te ba l fè a. Li te priye Bondye, li te di: “Kounye a, o Bondye, bay men m fòs.” Evènman ki te pase apre yo montre Bondye te vrèman ede l pou l pa t pè e pou l te rive fè travay la kòrèkteman (Neyemya 6:9-16, NW). Reginald, ki nan peyi Gana, esplike sa lapriyè fè pou li. Men sa l di: “Lè m priye Bondye, sitou lè m gen pwoblèm ki difisil yo, mwen santi se yon Moun ki gen mwayen pou ede m mwen sot rakonte pwoblèm mwen yo, yon Moun ki ban m asirans mwen pa bezwen panike.” Wi, Bondye kapab konsole nou lè n priye l.

Nou jwenn sajès ki soti nan Bondye.

Gen kèk desizyon nou pran ki ka gen efè sou nou ak sou moun ki pwòch nou pandan lontan. Ki jan nou ka pran desizyon ki saj? Men sa Bib la di: “Si youn nan nou manke sajès [espesyalman lè l ap fè fas ak eprèv], se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” ​(Jak 1:5). Si nou mande Bondye sajès, li ka sèvi ak lespri sen l pou l gide nou pou n pran desizyon ki saj. Anfèt, nou ka priye l espesyalman pou l ban nou lespri sen, paske Jezi ban nou asirans “Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li”. — Lik 11:13.

Yon mesye k ap priye

“Mwen te toujou priye Jewova pou l gide m pou m pran bon desizyon.” — Kwabena, Gana.

Menm Jezi te santi l bezwen mande Papa l èd lè l te gen pou l pran desizyon enpòtan. Bib la fè nou konnen lè Jezi te vle chwazi 12 mesye ki t ap vin apot li yo, ‘li te fè tout nuit lan ap priye Bondye’. — Lik 6:12.

Menm jan ak Jezi, jodi a, anpil moun vin santi yo gen konfyans lè yo wè jan Bondye reponn priyè yo fè l pou yo mande l ede yo pran bon desizyon. Regina ap viv nan peyi Filipin. Li rankontre divès kalite pwoblèm, pa egzanp, li gen pou l pran swen tèt li ak fanmi l apre lanmò mari l, li pèdi travay li e li jwenn difikilte pou l leve pitit li yo. Ki sa k te ede l pran bon desizyon? Men sa l di: “Mwen konte sou èd Jewova bay grasa lapriyè.” Kwabena, ki nan peyi Gana, esplike rezon ki te fè l mande Bondye èd. Li di: “Mwen te konn travay nan konstriksyon, mwen te pèdi travay mwen, yon travay ki te byen peye.” Men sa l te di lè l t ap egzamine chwa l te gen pou l fè: “Mwen te toujou priye Jewova pou l gide m pou m pran bon desizyon.” Men sa l di ankò: “Mwen santi Jewova te vrèman ede m chwazi yon karyè ki pèmèt mwen pran swen tèt mwen, ni nan domèn espirityèl ni nan domèn fizik.” Ou menm tou, ou ka jwenn direksyon nan men Bondye lè w priye l sou bagay ki ka gen efè sou relasyon w avè l.

Nou sot pale sèlman sou kèk bagay lapriyè ka fè pou ou. (Pou w ka jwenn plis egzanp, gade kare “Byenfè nou jwenn lè nou lapriyè”.) Men, pou w ka jwenn byenfè sa yo, toudabò, ou bezwen chèche konnen Bondye epi aprann konn volonte l. Si w ta renmen sa, nou ankouraje w mande Temwen Jewova yo ede w etidye Bib laa. Se ka premye pa w ap fè pou w ka pwoche pi prè Sila a “ki tande lapriyè” a. — Sòm 65:2, NW.

a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, kontakte Temwen Jewova ki nan zòn lakay ou oubyen ale sou sit Entènèt www.jw.org/ht.

Byenfè nou jwenn lè nou priye

Nou gen lapè nan lespri nou. “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” — Filipyen 4:6, 7.

Nou jwenn konsolasyon nan men Bondye. Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li, Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo.” — 2 Korentyen 1:3, 4.

Sa ede nou pran desizyon ki saj. “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” — Jak 1:5.

Sa ede nou evite tantasyon. “Kontinye priye dekwa pou nou pa tonbe nan tantasyon.” — Lik 22:40.

Nou jwenn padon pou peche nou. “Pèp mwen an, ki pote non m nan, imilye tèt li, li priye m, li chèche m, li vire do bay move bagay li t ap fè yo, lè sa a, detan m nan syèl la, m ap tande yo, m ap padone peche yo.” — 2 Kwonik 7:14, NW.

Se yon fason pou n ede lòt moun. “Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas.” — Jak 5:16.

Lè nou jwenn repons pou priyè nou yo sa ankouraje nou. “Jewova di l [Salomon]: ‘Mwen te tande priyè w te fè devan m nan kote w te mande pou m fè w favè a.’” — 1 Wa 9:3, NW.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje