BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 1 p. 14-15
  • Ki jan lapriyè ka ede w?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan lapriyè ka ede w?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Priye — Ki sa sa ka itil nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 1 p. 14-15

Ki jan lapriyè ka ede w?

Pamela te gen kansè, li te chèche èd nan men pwofesyonèl lasante yo. Men tou, li te priye Bondye pou l te ka jwenn fòs pou l andire sitiyasyon difisil sa a. Èske lapriyè te ede l?

Men sa Pamela di: “Pandan m t ap suiv tretman pou kansè a, souvan m te konn pè anpil. Men, lè m te priye Jewova, m te vin santi m kalm e m te ka kontinye andire sitiyasyon m nan, san m pa t pè. M kontinye soufri akoz m gen doulè toutan, men lapriyè ede m rete pozitif. Lè moun mande m ki jan m santi m, mwen di: ‘M pa santi m byen, men m kontan!’”

Natirèlman, nou pa bezwen ret tann se lè nou gen gwo tètchaje nan lavi a pou nou priye. Nou tout ap fè fas ak pwoblèm, kit yo gwo, kit yo piti, e souvan nou bezwen èd pou nou ka jere yo. Èske lapriyè ka ede n?

Men sa Bib la di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” ​(Sòm 55:22). Panse sa yo vrèman ankourajan! Donk, ki jan lapriyè ka ede w? Lè w priye Bondye fason ki kòrèk la, l ap ba w sa w bezwen pou w fè fas ak pwoblèm ou yo. — Gade kare ki gen tit “Sa lapriyè ka fè pou ou.”

Sa lapriyè ka fè pou ou

Lespri w anpè

Mesye ki t ap travay ki te pèdi travay li anvan an k ap ri e k ap mache avèk konfyans.

“Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” ​(Filipyen 4:6, 7). Lè w fè Bondye konnen pwoblèm ou yo, l ap ede w rete kalm epi l ap ede w aji avèk sajès lè w anba strès.

Sajès ki soti nan Bondye

Dam ki t ap resite priyè nan liv priyè a k ap li Labib kounye a lakay li.

“Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” ​(Jak 1:5). Lè n anba presyon, nou pa toujou pran bon desizyon. Si w priye Bondye pou w mande l sajès, l ap fè w sonje anpil nan prensip ki nan Pawòl li a, Labib, ki kapab ede w.

Fòs ak rekonfò

Madanm ak misye ki te lopital anvan an, k ap mache ansanm nan yon plas. Mari a ap ede madanm li avèk jantiyès sèvi avèk yon baton pou l mache.

“Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” ​(Filipyen 4:13). Antanke Bondye Toupisan an, Jewova ka ba w fòs ou bezwen pou w fè fas ak pwoblèm ou yo e li ka rekonfòte w lè w nan tribilasyon (Ezayi 40:29). Bib la rele Jewova tou “Bondye tout konsolasyon an”. Li kapab konsole nou “nan tout eprèv nou yo”. — 2 Korentyen 1:3, 4.

ÈSKE W TA RENMEN LAPRIYÈ EDE W?

Se vre, Jewova pa fòse w priye l, men avèk lanmou, li envite w fè sa (Jeremi 29:11, 12). Bon, e si w santi Bondye pa t reponn priyè w te fè? Pinga w dekouraje e pinga w bay vag. Paran ki gen lanmou yo gendwa pa ede pitit yo egzakteman jan timoun yo ta swete sa a e nan lè yo ta swete l la. Petèt paran yo gen yon pi bon solisyon. Sepandan, yon bagay ki sèten, sèke paran ki gen lanmou yo ede pitit yo.

Jewova Dye se Papa ki gen plis lanmou an e li vle ede w tou. Si w pran tan pou w byen reflechi sou pwen nou sot egzamine yo e w fè tout sa w kapab pou w viv ann amoni ak yo, Bondye ap reponn priyè w yo pi bon fason ki ta ka genyen an! — Sòm 34:15; Matye 7:7-11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje