BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w16 janvye p. 22-27
  • “Nou vle ale avèk nou”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Nou vle ale avèk nou”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ÈSKE L NESESÈ POU N KONN NON TOUT MOUN BONDYE CHWAZI YO JODI A?
  • KI JAN KRETYEN BONDYE CHWAZI YO DWE WÈ TÈT YO?
  • KI JAN W TA DWE REYAJI?
  • E KANTITE MOUN KI PRAN NAN PEN AN AK DIVEN AN NAN MEMORYAL LA?
  • Nou pral avèk nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • “Lespri a li menm bay temwayaj”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Ki siyifikasyon Soupe Seyè a genyen pou ou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Yo jije yo diy pou yo resevwa yon wayòm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
w16 janvye p. 22-27
Mouton k ap desann yon ti mòn dèyè yon bèje.

“Nou vle ale avèk nou”

“Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” — ZAK. 8:23.

KANTIK: 65, 122

ÈSKE W KA ESPLIKE?

  • Ki fason Zakari 8:23 ap akonpli?

  • Ki jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta dwe wè tèt yo? — 1 Kor. 4:6-8.

  • Poukisa n pa dwe ap enkyete n konsènan kantite moun k ap manje nan pen an e k ap bwè nan diven an pandan Memoryal la? — Wom. 9:11, 16.

1, 2. a) Ki sa Jewova di konsènan sa k t ap gen pou rive nan epòk nou an? b) Repons ki kesyon nou pral chèche nan atik sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

MEN sa Jewova te predi konsènan epòk n ap viv la: “Nan epòk sa a, dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale ap kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.’” ​(Zak. 8:23). Menm jan ak dis moun senbolik sa yo, moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ‘kenbe wòb long yon Juif byen di’. Yo fyè pou yo travay ansanm ak moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l ki fè pati “Izrayèl Bondye a”, paske yo konnen Jewova beni moun li chwazi yo. — Gal. 6:16.

2 Menm jan ak pwofèt Zakari, Jezi te pale de bèl inite ki genyen nan mitan pèp Bondye a. Li te pale de disip li yo antanke de gwoup anpalan de “ti twoupo” a ak “lòt mouton” yo, men, li te di yo t ap vin “yon sèl twoupo” ki gen “yon sèl bèje”. (Lik 12:32; Jan 10:16.) Sepandan, rapò ki genyen ant de gwoup sa yo soulve kèk kesyon: 1) Èske lòt mouton sa yo dwe konn non tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo jodi a? 2) Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta dwe wè tèt yo? 3) Ki jan w ta dwe reyaji si yon moun nan kongregasyon w lan kòmanse manje nan pen an epi bwè nan diven an pandan Memoryal la? 4) Èske w bezwen ap enkyete w konsènan nenpòt ogmantasyon w ta wè nan kantite moun k ap pran nan pen an ak diven an? Ann chèche repons pou chak kesyon sa yo.

ÈSKE L NESESÈ POU N KONN NON TOUT MOUN BONDYE CHWAZI YO JODI A?

3. Poukisa l pa posib pou n konnen ki moun egzakteman pami pèp Bondye a k ap gen pou l fè pati 144 000 moun yo?

3 Èske l nesesè pou lòt mouton yo konn non tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl la jodi a? Repons kout la se non. Sa k fè sa? Se paske menmsi yon moun te resevwa apèl selès la, se sèlman yon envitasyon moun sa a resevwa, men, li pa resevwa yon konfimasyon definitif ki fè l kwè l ap jwenn rekonpans lan. Se rezon sa a ki fè Satan te fè kèk “fo pwofèt” vin parèt “pou yo ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa posib”. (Mat. 24:24.) Pèsonn pa ka konnen si wi ou non yon kretyen Bondye chwazi pral resevwa rekonpans li an nan syèl la jiskaske Jewova wè kretyen sa a merite jwenn pri sa a. Se Jewova ki fè jijman sa a epi l bay kretyen an dènye so a swa yon ti tan anvan l mouri fidèl oswa kèk tan anvan “gwo tribilasyon an” kòmanse (Rev. 2:10; 7:3, 14). Kidonk, sa pa t ap itil anyen pou nenpòt moun k ap viv sou tè a kounye a chèche konnen ki moun pami sèvitè Bondye yo k ap rive fè pati 144 000 moun yo.[1]

4. Si l pa posib pou n konn non tout moun sou tè a Bondye chwazi pou al nan syèl yo jodi a, ki jan n ka “ale avèk” yo?

4 Si l pa posib pou n sèten nou konn non tout Izrayelit espirityèl ki sou tè a jodi a, ki jan moun ki fè pati lòt mouton yo ka “ale avèk” yo? Gade ki sa pwofesi Zakari a di konsènan dis moun senbolik sa yo. Moun sa yo t ap gen pou yo “kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou’”. Byenke se yon sèl Juif yo site nan vèsè sa a, nan toude ka yo, pwonon “nou” an gen rapò ak plis pase yon sèl moun. Donk, Juif espirityèl sa a reprezante yon gwoup moun, se pa yon sèl moun! Kidonk, li pa nesesè pou n chèche konn non chak moun nan gwoup sa a pou n suiv yo chak. Okontrè, nou bezwen chèche konnen moun sa yo antanke gwoup epi chèche ede yo. Pa gen okenn vèsè nan Bib la ki ankouraje n suiv yon moun. Se Jezi ki Gid nou. — Mat. 23:10.

KI JAN KRETYEN BONDYE CHWAZI YO DWE WÈ TÈT YO?

5. Sou ki avètisman moun Bondye chwazi yo ta dwe byen reflechi, e poukisa?

5 Moun ki pran nan pen an ak nan diven an pandan Memoryal la ta dwe byen egzamine avètisman nou jwenn nan 1 Korentyen 11:27-29 yo. (Li vèsè yo.) Ki pwen apot Pòl te vle fè soti nan vèsè sa yo? Si yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa gen bon relasyon ak Jewova, lè l manje pen an e li bwè nan diven an, sa montre li pa gen respè pou Jewova (Ebre 6:4-6; 10:26-29). Yon avètisman konsa ede kretyen Bondye chwazi yo sonje yo poko kenbe rekonpans yo a byen di. Yo bezwen kontinye kouri pou yo ka “jwenn rekonpans lan, sètadi apèl selès Bondye fè pa mwayen Kris Jezi a”. — Flp. 3:13-16.

6. Ki jan kretyen Bondye chwazi yo ta dwe wè tèt yo?

6 Lespri sen te pouse Pòl sipliye kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo “mache yon fason ki konfòm ak apèl [yo] te resevwa a”. Ki jan yo t ap ka fè sa? Pòl te kontinye pou l di: “Avèk yon imilite ak yon dousè ki konplè, avèk pasyans, toutpandan youn ap sipòte lòt nan lanmou, e toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a.” ​(Efe. 4:1-3). Lespri Jewova fè moun gen imilite, li pa fè moun gen ògèy (Kol. 3:12). Avèk modesti, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo konnen l pa nesesè pou yo gen plis lespri sen pase moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Yo pap mache fè konnen yo gen yon konesans espesyal oswa kèk swadizan revelasyon, ni yo pap eseye pwouve yo siperyè lòt moun nan kèk domèn. Anplis de sa, yo pap janm fè lòt moun konnen yo menm tou yo se moun Bondye chwazi e yo ta dwe kòmanse manje pen an epi bwè diven an, okontrè, avèk imilite, yo rekonèt se Jewova ki rele moun li chwazi yo.

7, 8. Ki sa kretyen Bondye chwazi yo pa atann pou yo resevwa, e poukisa?

7 Byenke se yon bèl privilèj sa ye pou yon moun resevwa apèl selès la, kretyen Bondye chwazi yo pa atann okenn onè espesyal nan men lòt moun. (Efe. 1:18, 19; li Filipyen 2:2, 3.) Se sèl yo menm lespri Jewova fè konn sa. Li pa t fè lòt moun konn sa. Donk, yo pa sezi si kèk moun pa kouri kwè Bondye chwazi yo toutbon grasa lespri sen. Anfèt, yo rann yo kont Bib la pa ankouraje moun kouri kwè lòt moun ki fè konnen yo jwenn yon asiyasyon espesyal nan men Bondye (Rev. 2:2). Konsa, nan okenn fason, yo pap sèvi ak apèl yo a kòm yon “kat vizit” pou prezante tèt yo bay lòt moun. Nan pifò ka, yo pap menm fè lòt moun konnen yo gen esperans sa a yon fason pou yo pa atire atansyon sou yo. Anplis de sa, yo pap nan fè grandizè pou rekonpans yo pral resevwa alavni an. — 1 Kor. 1:28, 29; li 1 Korentyen 4:6-8.

8 Mete sou sa, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa konsidere tèt yo kòm yon gwoup moun ki fè pati yon elit. Yo pap chèche jwenn lòt moun ki fè konnen yo resevwa menm apèl sa a nan espwa pou yo vin met ansanm ak yo oswa pou yo fòme yon gwoup prive pou yo etidye Labib (Gal. 1:15-17). Efò sa yo t ap lakòz vin gen divizyon nan kongregasyon an e sa t ap aji kont lespri sen k ap ankouraje lapè ak tèt ansanm. — Li Wom. 16:17, 18.

KI JAN W TA DWE REYAJI?

9. Ki sa k fè w bezwen fè atansyon ak fason w ap trete moun ki pran nan pen an e ki bwè nan diven an pandan Memoryal la? (Gade kare “Lanmou ‘pa aji yon fason ki endesan’” an.)

9 Ki jan w ta dwe trete yon moun ki pran nan pen an e ki bwè nan diven an pandan Memoryal la? Jezi te di disip li yo: “Nou tout se frè.” Apre sa li te ajoute: “Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” ​(Mat. 23:8-12). Kidonk, li t ap mal anpil pou n ta leve yon moun menmsi moun sa a se yon frè Kris Bondye chwazi pou al nan syèl. Anpalan de ansyen yo, Bib la ankouraje nou pou n imite lafwa moun k ap dirije nou yo, men, li pa mande pou n konsidere kèlkeswa moun nan kòm lidè nou (Ebre 13:7). Se vre Ekriti yo pale de kèk moun ki “merite yon onè doub”. Sepandan, se pa paske moun sa yo se moun Bondye chwazi ki fè yo merite onè sa a, men, se paske y ap “byen dirije” epi y ap “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”. (1 Tim. 5:17.) Anplis de sa, sa t ap fè moun ki resevwa apèl selès yo santi yo jennen si lòt moun ta fè lwanj pou yo oswa ba yo yon atansyon ki pa kòrèk. Sa k pi mal la, si yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ta resevwa yon tretman espesyal, li ta gendwa twouve l difisil pou l kontinye aji ak imilite (Wom. 12:3). Pa gen okenn nan nou ki ta renmen lakòz youn nan frè Kris yo bite! — Lik 17:2.

Yon Temwen Jewova k ap pran nan pen an pandan Memoryal la.

Ki jan w ta dwe wè yon moun ki manje pen an e ki bwè nan diven an pandan Memoryal la? (Gade paragraf 9-11.)

10. Ki jan w ka montre ou respekte kretyen Bondye chwazi yo?

10 Ki jan n ka montre nou gen bonjan respè pou moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo? Nou pap poze yo kesyon konsènan apèl yo a. Konsa, nou pap chèche mele nan sa k pa regade nou (1 Tes. 4:11; 2 Tes. 3:11). Nou pa dwe panse paran moun sa yo, konjwen yo oswa lòt moun nan fanmi yo se moun Bondye chwazi pou al nan syèl tou. Esperans sa a pa yon eritaj fanmi yon moun oswa moun li marye avè l la kite pou li (1 Tes. 2:12). Anplis de sa, nou dwe goumen kont anvi nou genyen pou n poze konjwen moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kesyon konsènan fason yo santi yo lefètke yo konnen yo pral viv san konjwen yo nan Paradi ki pral gen sou tè a. Olye pou n nan poze yo kesyon ki ka lakòz yo tris, nou tout kapab gen konfyans Jewova pral ouvri men l epi l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Sòm 145:16.

11. Ki jan nou ka pwoteje tèt nou lè nou pa “flate moun”?

11 Moun ki aji anvè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la yon fason ki nòmal yo pwoteje tèt yo kont yon gwo danje. Ekriti yo fè n konnen gen “fo frè” ki ka fofile kò yo tou dousman nan kongregasyon an (Gal. 2:4, 5; 1 Jan 2:19). Fo frè sa yo ka menm fè konnen Bondye chwazi yo. Anplis de sa, gen kèk kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki ka vin pèdi lafwa (Mat. 25:10-12; 2 Pyè 2:20, 21). Si n evite tonbe nan pyèj pou n ap “flate moun”, nou pap kite fo frè yo fè n vire do bay laverite, ni sa pap gen move efè sou lafwa n si yon bon kretyen oswa yon kretyen ki gen lontan depi l ap sèvi Bondye ta vin pa fidèl. — Jid 16.

E KANTITE MOUN KI PRAN NAN PEN AN AK DIVEN AN NAN MEMORYAL LA?

12, 13. Poukisa n pa dwe enkyete n pou nenpòt ogmantasyon nou ta wè nan kantite moun k ap pran nan pen an ak diven an pandan Memoryal la?

12 Nan dènye ane ki sot pase yo, nou te wè yon ogmantasyon nan kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an pandan Memoryal lanmò Kris la. Tandans sa a depaman ak fason n te wè kantite moun ki manje pen an e ki bwè diven an t ap diminye pandan plizyè dizèn ane. Èske ogmantasyon sa a ta dwe enkyete n? Non. Ann konsidere kèk bagay enpòtan nou ta dwe sonje.

13 “Jewova konnen moun ki pou li yo.” ​(2 Tim. 2:19). Moun k ap konte moun yo pandan Memoryal la pa ka konnen kiyès toutbon ki gen esperans pou l al nan syèl. Nan kantite moun yo konte yo, gen moun ki fè erè ki panse Bondye chwazi yo. Gen kèk moun ki te konn pran nan pen an ak diven an ki vin sispann fè sa annapre. Gen lòt ki gendwa gen yon pwoblèm mantal oswa afektif e sa ka fè yo kwè yo pral dirije ak Kris nan syèl la. Se sa k fè, se pa kantite moun ki pran nan pen an ak diven an ki ka fè n konnen egzakteman konbyen moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a toujou.

14. Ki sa Bib la di anrapò ak kantite moun Bondye chwazi pou al nan syèl k ap sou tè a toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse?

14 Ap gen moun Bondye chwazi anpil kote sou tè a nan moman Jezi ap vin rasanble yo pou y al nan syèl la. Anpalan de moman sa a, men sa Bib la di konsènan Jezi: “L ap voye zanj li yo, e avèk yon gwo kout twonpèt, yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo, yo menm ki soti nan kat kwen tè a, sot nan yon pwent syèl la rive nan yon lòt.” ​(Mat. 24:31). Labib sèlman fè konnen ap gen yon rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl sou tè a toujou pandan dènye jou yo (Rev. 12:17). Men, Bib la pa di ki kantite k ap sou tè a toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse.

15, 16. Ki sa n dwe konprann anrapò ak 144 000 moun Jewova chwazi yo?

15 Se Jewova ki konnen nan ki moman nan listwa l ap chwazi moun ki pral nan syèl yo (Wom. 8:28-30). Jewova te kòmanse chwazi moun ki pral nan syèl yo apre Jezi te fin mouri epi l resisite, e sanble tout moun ki te nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la te resevwa apèl la. Soti nan premye syèk la pou rive nan kòmansman dènye jou yo, pifò moun ki te fè konnen y ap suiv Kris yo te fo kretyen e Jezi te konpare yo ak “move zèb”. Aktout sa, Jewova te kontinye chwazi kèk moun fidèl pandan tan sa a, e moun sa yo te montre yo tankou “ble” Jezi te pale a (Mat. 13:24-30). Pandan dènye jou yo, Jewova te kontinye chwazi moun ki t ap vin fè pati 144 000 moun yo.[2] Si Jewova ta chwazi tann byen ta nan epòk sa a pou l chwazi kèk moun pou privilèj sa a, kiyès nou ye pou n ta kesyone sajès li? (Eza. 45:9; Dàn. 4:35; li Women 9:11, 16.)[3] Nou dwe fè atansyon pou n pa reyaji menm jan ak travayè ki pa t kontan e ki te tonbe plenyen konsènan fason mèt yo a te aji ak travayè ki te fè inèdtan ap travay yo. — Li Matye 20:8-15.

16 Se pa tout moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl la ki fè pati “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45-47.) Menm jan sa te ye nan premye syèk la, jodi a, Jewova ak Jezi ap sèvi ak yon ti gwoup moun pou yo bay anpil moun manje. Nan premye syèk la, se sèlman ak yon ti kantite kretyen ki pral nan syèl Jewova te sèvi pou l fè Liv ki te ekri an grèk yo. Menm jan an tou jodi a, se sèlman yon ti kantite kretyen ki pral nan syèl Jewova nome pou bay manje espirityèl la “nan bon moman”.

17. Ki sa nou te aprann nan atik sa a?

17 Ki sa n sot aprann nan atik sa a? Jewova chwazi bay de esperans diferan: lavi nan syèl la pou Juif espirityèl yo ak lavi sou tè a pou dis moun senbolik yo. Sepandan, li egzije menm fidelite a nan men ni moun ki resevwa apèl selès yo ni moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Toule de gwoup yo dwe toujou aji avèk imilite. Toule de gwoup yo dwe gen tèt ansanm. Toule de gwoup yo dwe travay pou gen lapè nan kongregasyon an. Kidonk, toutpandan n ap vanse nan fen dènye jou yo, annou tout pran detèminasyon pou n sèvi Jewova kòm yon sèl twoupo ki anba direksyon Kris.

^ [1] (paragraf 3) Sòm 87:5, 6 montre petèt se alavni n ap rive konn non tout moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la. — Wom. 8:19.

^ [2] (paragraf 15) Byenke Travay 2:33 montre Jezi enplike nan vide lespri sen sou moun, se Jewova ki chwazi moun ki pral nan syèl yo.

^ [3] (paragraf 15) Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade “Questions des lecteurs” ki nan Toudegad 1ye me 2007 la, paj 30-31, fransè.

Yon frè ak madanm li ki gen yon foul moun ki antoure yo k ap pran foto yo.

Lanmou “pa aji yon fason ki endesan”

Pandan apot Pòl t ap esplike ki jan lanmou kretyen an ye, men sa l te di: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l.” ​(1 Kor. 13:4, 5). Nan lang orijinal la, ekspresyon lè yo tradui l yo met “aji yon fason ki endesan” pou li a vle di gen yon konduit ki vilgè, ki malelve oswa ki aji yon fason ki pa kòrèk. Yon lòt bò, lanmou kretyen an pran santiman lòt moun an konsiderasyon.

Nou ka montre nou gen lanmou antanke kretyen nan fason nou boule ak moun ki gen gwo responsablite nan kongregasyon an. Pafwa, kèk nan reprezantan kongregasyon kretyen an nou byen konnen tankou siveyan sikonskripsyon yo, Betelit yo, manm Komite filyal yo, manm Kolèj santral la oswa moun k ap ede Kolèj santral la ka vin asiste menm kongrè oswa menm evènman teyokratik avè n. Nòmalman, nou vle montre nou gen bonjan respè pou frè sa yo ak madanm yo. Pa gen okenn nan nou ki ta vle vin gen menm atitid ak Dyotrefès. Li te refize resevwa frè ki te vin vizite kongregasyon an avèk respè (3 Jan 9, 10). Men, èske n t ap vle montre nou malelve lè n pran lòt ekstrèm nan menm lè n pa gen move entansyon? Ki jan sa ka rive nou?

Byenke nou kontan dèske n gen opòtinite rankontre frè ki vin vizite nou yo ak madanm yo e pou n pale ak yo, nou t ap montre nou manke respè si n ta trete moun sa yo tankou vedèt. Pa egzanp, èske n t ap montre n byennelve si n ta pran foto moun sa yo pandan y ap manje oswa y ap patisipe nan lòt aktivite san n pa mande yo pèmisyon? Èske n ap mande yo pou yo siyen nan liv nou oswa nan bib nou? Èske n ap nan pouse lòt moun pou n pase devan yo epi n ap mande pou yo fè foto n ak frè sa yo? Se sèten, okenn nan aksyon sa yo pa montre nou gen lanmou kretyen an. Okontrè, aksyon sa yo ka montre nou bliye pou ki rezon moun sa yo vin vizite nou ansanm ak fason y ap travay di pou nou. Ki efè yon atitid konsa ap genyen sou moun ki vin asiste asanble nou yo pou premye fwa?

Ki sa k ap ede nou pou nou akeyi yo kòrèkteman? Premyèman, sonje se sèl Jewova ki dwe jwenn louwanj ak glwa (Rev. 4:11). Dezyèmman, nou bezwen konprann gen yon gwo diferans ant respè ak flatri. Frè sa yo ak madanm yo pa vle pou n trete yo tankou vedèt, men, yo vle nou trete yo tankou frè ak sè nou (Mat. 23:8). Twazyèmman, aplike bèl prensip biblik ki di: “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” ​(Mat. 7:12). Si n kenbe bagay sa yo nan lespri n, n ap kapab demontre kalite lanmou ki “pa aji yon fason ki endesan” an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje