BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 4 p. 14-15
  • Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON POU NOU KONPARE KWAYANS NOU AK BIB LA
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Konsènan Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 4 p. 14-15

Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè

ÈSKE W konsidere tèt ou kòm yon kretyen? Si se sa, ou pami plis pase de milya moun sou tè a ki di yo se disip Kris, sa vle di prèske 1 moun sou chak 3 moun. Jodi a, gen plizyè milye gwoup relijye ki rele tèt yo kretyen, poutan yo gen divizyon nan mitan yo akoz doktrin yo genyen e akoz pwennvi yo ki pa menm. Konsa, kwayans ou ka pa menm ditou ak lòt moun ki di yo se kretyen tou. Èske kwayans ou gen enpòtans vre? Wi, yo gen enpòtans, si w vle pratike krisyanis lan jan yo anseye l nan Bib la.

Yo te rele premye disip Jezi Kris yo “kretyen”. (Travay 11:26.) Yo pa t bezwen okenn lòt non pou idantifye yo, etandone se yon sèl lafwa kretyen yo te genyen. Kretyen yo te ini nan fason yo te suiv ansèyman ak enstriksyon Jezi Kris, Fondatè krisyanis lan, te bay. E legliz pa w la menm? Èske w kwè l ap anseye sa Kris te anseye yo, sa premye disip Kris yo te kwè yo? Ki jan w ka sèten se sa yo fè vre? Gen yon sèl mwayen pou w rive konn sa: Se sèvi ak Bib la pou ede w verifye.

Reflechi sou pwen sa a: Jezi te gen yon gwo respè pou Ekriti yo ki se Pawòl Bondye. Li pa t dakò ak moun ki te minimize ansèyman ki nan Bib la lè yo bay tradisyon lèzòm plis enpòtans (Mak 7:9-13). Se sa k fè, avèk asirans, nou ka di kwayans vrè disip Jezi yo te genyen yo te baze sou Bib la. Konsa, chak kretyen ap fè byen si yo mande tèt yo: ‘Èske ansèyman yo bay nan legliz mwen an ann amoni ak sa Bib la anseye?’ Pou reponn kesyon sa a, poukisa w pa konpare sa legliz ou a anseye ak sa Bib la di toutbon?

Jezi te di adorasyon n ap bay Bondye a dwe baze sou laverite, sa vle di laverite ki nan Bib la (Jan 4:24; 17:17). Epi, apot Pòl te di n ap sove akondisyon nou vin gen “konesans egzak sou laverite”. (1 Timote 2:4.) Kidonk, li trèzenpòtan pou kwayans nou baze sou verite ki nan Bib la. Paske delivrans nou depann de sa!

FASON POU NOU KONPARE KWAYANS NOU AK BIB LA

Nou envite w li sis kesyon ki vin apre yo, epi gade repons bib la bay pou chak kesyon sa yo. Li vèsè yo bay yo epi reflechi sou repons yo. Apre sa, mande tèt ou: ‘Èske ansèyman legliz mwen an bay yo koresponn ak sa Bib la di?’

Ti analiz sa a nou sot fè a ka ede w fè konparezon ki pi enpòtan an. Èske w pa ta renmen konpare kèk lòt ansèyman yo bay nan legliz ou a ak sa Bib la di? Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w egzamine verite klè ki nan Bib la. Poukisa w pa mande youn nan yo fè yon etid biblik gratis avè w? Oubyen ou ka ale sou sit Entènèt jw.org la.

1 KESYON: Kiyès Bondye ye?

REPONS: Jewova, Papa Jezi Kris, se Bondye ki la pou toutan an e li se Kreyatè toupisan an ki fè tout bagay.

MEN SA BIB LA DI:

“Nou toujou di Bondye, Papa Jezi Kris, Seyè nou an, mèsi lè n ap priye pou nou.” — Kolosyen 1:3.

“Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay.” — Revelasyon 4:11.

Gade Women 10:13; 1 Timote 1:17.

2 KESYON: Kiyès Jezi Kris ye?

REPONS: Jezi se premye Pitit Bondye. Bondye te kreye Jezi, donk, li gen yon kòmansman. Jezi soumèt devan Bondye e li fè volonte l.

MEN SA BIB LA DI:

“Papa a nan pi gwo pozisyon pase m.” — Jan 14:28.

“[Jezi] se pòtre Bondye envizib la, se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an.” — Kolosyen 1:15.

Gade Matye 26:39; 1 Korentyen 15:28.

3 KESYON: Ki sa lespri sen ye?

REPONS: Lespri sen se fòs Bondye itilize pou l akonpli volonte l. Li pa yon moun. Moun ka ranpli ak lespri sen e li ka ba yo fòs.

MEN SA BIB LA DI:

“Lè Elizabèt tande Mari salye l, tibebe a sote nan vant li, e Elizabèt vin ranpli ak lespri sen.” — Lik 1:41.

“Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou.” — Travay 1:8.

Gade Jenèz 1:2; Travay 2:1-4; 10:38.

4 KESYON: Ki sa Wayòm Bondye a ye?

REPONS: Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la. Se Jezi ki Wa nan Wayòm Bondye a. Talè konsa, grasa Wayòm nan, volonte Bondye pral fèt toupatou sou tè a.

MEN SA BIB LA DI:

“Setyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Gen plizyè vwa nan syèl la ki di byen fò: ‘Wayòm monn nan vin tounen Wayòm Seyè nou an ak Kris li a. E li pral dirije antanke wa pou tout tan gen tan.’” — Revelasyon 11:15.

Gade Dànyèl 2:44; Matye 6:9, 10.

5 KESYON: Èske tout bon moun pral nan syèl?

REPONS: Non. Se yon ti gwoup moun fidèl, Bib la rele yo yon “ti twoupo”, Bondye chwazi pou al nan syèl la. Yo pral dirije limanite antanke wa ansanm ak Jezi.

MEN SA BIB LA DI:

“Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou Wayòm nan.” — Lik 12:32.

“Yo pral sèvi kòm prèt pou Bondye e pou Kris, e yo pral dirije antanke wa avèk Kris.” — Revelasyon 20:6.

Gade Revelasyon 14:1, 3.

6 KESYON: Ki objektif Bondye gen pou tè a ak lèzòm?

REPONS: Anba Wayòm Bondye a, tè a ap tounen yon paradi, epi moun ki fidèl yo pral gen yon sante pafè, y ap viv anpè pou toutan e lavi yo pap gen fen.

MEN SA BIB LA DI:

“Moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:10, 11.

“L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:3, 4.

Gade Sòm 37:29; 2 Pyè 3:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje