Entwodiksyon
KI SA W PANSE?
Kat moun ki sou cheval k ap galope yo pale de yo nan Apokalips la se youn nan istwa moun pi konnen nou jwenn nan liv Revelasyon an. Gen kèk moun istwa sa a fè yo pè. Gen lòt ki santi li atire yo. Remake sa Bib la di anrapò ak pwofesi sa yo:
“Byennere moun ki li pawòl ki nan pwofesi sa a awotvwa, e byennere moun ki koute pawòl sa yo.” — Revelasyon 1:3.
Toudegad sa a esplike nan ki sans kat moun ki sou cheval k ap galope yo ka yon bon nouvèl pou nou.