BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 3 p. 3
  • Kat moun ki sou cheval yo konsène w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kat moun ki sou cheval yo konsène w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Kat moun ki sou cheval k ap galope yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Gè ki nan peyi Ikrèn nan fè gen plis rate manje toupatou sou tè a
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 3 p. 3
Kat cheval k ap galope

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KAT MOUN KI SOU CHEVAL YO: KI EFÈ YO GEN SOU OU?

Kat moun ki sou cheval yo konsène w

Yo pati, yo pran galope ak tout fòs yo! Istwa kat cheval byen pòtan yo ak moun ki chita sou yo a tèlman vivan se tankou nou ka wè yo k ap galope lè n ap li istwa yo nan Bib la! Premye cheval la blan, moun ki chita sou li a se yon moun yo fèk nome wa e li gen glwa. Tousuit apre, gen yon cheval koulè dife k ap suiv li, moun ki chita sou li a ap retire lapè sou tè a. Apre sa, gen yon twazyèm cheval k ap suiv li, li nwa tankou fènwa pwès, e moun ki chita sou li a pote yon balans nan men l kòm yon siy ki anonse t ap gen anpil lapenn ak rate manje. Katriyèm cheval la parèt malad, li gen yon koulè blèm. Li se yon siy klè ki anonse maladi ak lòt bagay ankò ki lakòz anpil ravaj, e se lanmò menm ki chita sou li. Tonm nan bò kote pa l, kote moun ki mouri ale a, ap suiv li pye pou pye, se pran l ap pran lavi moun ase! — Revelasyon 6:1-8.

“Premye fwa mwen te li istwa kat moun ki sou cheval yo, sa te fè m pè anpil. Se kòmsi m te santi Jou jijman an t ap rive, e kòm mwen pa t pare, mwen t ap mouri.” — Crystal.

“Istwa kat moun ki sou cheval ki gen koulè diferan yo te gen anpil efè sou mwen. Lè m te vin konprann sa vizyon an te vle di, istwa a te fè sans.” — Ed.

Èske w panse menm bagay ak Crystal konsènan kat moun ki sou cheval yo pale de yo nan liv Apokalips la? Oubyen w santi w menm jan ak Ed? Kèlkeswa jan w santi w lan, istwa kat moun sa yo ki chita sou cheval k ap galope yo se youn nan istwa ki nan liv Revelasyon an moun plis konnen. Revelasyon se dènye liv ki nan Bib la. Èske w te konnen sa ap vrèman bon pou ou pou w konprann istwa sa a? Nan ki sans? Bondye pwomèt ou kapab jwenn kè kontan toutbon lè w li epi w aprann sa ki ekri nan liv sa a ki gen yon seri pwofesi, men tou, lè w viv ann amoni ak sa ki ladan l yo. — Revelasyon 1:1-3.

Se vre, gen kèk moun vizyon sa a fè yo pè, men se pa nan objektif sa a yo te fè ekri l. An reyalite, gen plizyè milyon moun ki twouve vizyon sa a fè lafwa yo vin pi solid e li menm ba yo yon bèl esperans pou lavni. Ou ka vin wè l konsa tou! Tanpri, li atik ki vin apre a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje