BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 5 p. 3
  • Èske zanj yo ka ede w?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske zanj yo ka ede w?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Èske w gen yon anj gadyen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Suiv egzanp zanj ki fidèl yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 5 p. 3
Yon mari ak madanm li k ap sèvi ak Bib la pou rekonfòte yon dam.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU ZANJ?

Èske zanj yo ka ede w?

Yon dimanch aprèmidi, Kenneth ak Filomena, k ap viv Kiraso, t al vizite yon koup marye yo t ap etidye Labib avè l.

Kenneth di: “Lè nou rive, pòt la te fèmen e machin nan pa t la. Men, gen yon bagay ki te pouse m rele sou telefòn madanm nan.”

Lè madanm nan reponn apèl la, li esplike yo mari l al travay. Men, lè l vin rann li kont Kenneth ak Filomena deyò a, li al ouvè pou yo e li fè yo antre.

Yo te ka wè sou figi l li t ap kriye. Pandan Kenneth ap priye pou l kòmanse etid la, madanm nan kòmanse kriye. Donk, avèk jantiyès, Kenneth ak Filomena mande l sa l genyen.

Madanm nan esplike yo li te sou wout touye tèt li nan menm aprèmidi sa a, e se ekri li t ap ekri yon lèt kite pou mari l lè telefòn nan te sone a. Li di yo li soufri depresyon. Yo te montre l kèk vèsè nan Bib la pou ankouraje l, e sa te sove lavi l.

Kenneth di: “Nou di Jewova mèsi paske li te pèmèt nou ede madanm sa a ki te dekouraje. E nou sitou di l mèsi paske li te pouse nou, petèt pa mwayen yon zanj oswa lespri sen l, pou nou fè apèl sa a.”a

Èske Kenneth ak Filomena gen bonjan rezon pou yo kwè se Bondye ki te pouse yo fè apèl sa a, pa mwayen yon zanj oswa lespri sen, sa vle di fòs Bondye sèvi pou l aji? Oswa, èske apèl sa a se te yon bagay ki jis rive konsa konsa?

Nou pa ka di egzakteman sa k te rive. Men, nou konnen Bondye itilize zanj li yo pou l ede moun vin zanmi l. Pa egzanp, Bib la di Bondye te sèvi ak yon zanj pou l gide Filip, yon kretyen ki t ap preche, pou l ede yon fonksyonè etyopyen ki t ap chèche direksyon nan men Bondye. — Travay 8:26-31.

Anpil relijyon ankouraje moun kwè nan kreyati espirityèl yo ki gen gwo pouvwa, e yo pale de kèk nan yo kòm kreyati ki la pou fè sèvis Bondye oswa k ap sèvi kòm anj gadyen. Anpil moun pa sèlman kwè zanj yo egziste, men yo kwè tou yo ka ede yo nan kèk domèn enpòtan. Yon lòt bò, gen yon pakèt moun ki pa kwè nan zanj ditou.

Èske zanj yo egziste vre? Si se wi, ki kote yo soti? Ki sa ki verite konsènan zanj yo? Èske zanj yo ka ede nou? Ann gade sa Bib la di.

a Jewova se non Bondye, jan Bib la fè konn sa. — Sòm 83:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje