BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 5 p. 6
  • Èske gen zanj ki mechan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske gen zanj ki mechan?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Èske demon yo egziste toutbonvre?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 5 p. 6
Zanj mechan oswa demon

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU ZANJ?

Èske gen zanj ki mechan?

Wi, genyen. Men, ki kote yo soti? Sonje, Bondye te kreye zanj ak libète pou yo chwazi. Yon tikras tan apre Bondye te fin kreye Adan ak Èv, te gen yon zanj pafè ki te mal sèvi ak libète li gen pou l chwazi a, e li te vin lakòz rebelyon sou tè a. Li te reyisi fè Adan ak Èv vire do bay Bondye (Jenèz 3:1-7; Revelasyon 12:9). Bib la pa bay non zanj sa a ni li pa di ki pozisyon li te genyen nan syèl la anvan li te rebele. Men, apre li fin rebele, se avèk rezon Bib la rele l Satan, ki vle di “Opozan”, ak Dyab, ki vle di “Medizan”. — Matye 4:8-11.

Malerezman, rebelyon an pa t kanpe la. Nan epòk Noye a, gen yon kantite zanj nou pa konnen “ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete a” nan fanmi Bondye a nan syèl la. Yo te vin sou tè a e yo te pran fòm kò moun pou yo te ka fè yon seri vye aksyon imoral, sa ki te kontrè ak fason Bondye te fè yo pou yo viv la. — Jid 6; Jenèz 6:1-4; 1 Pyè 3:19, 20.

Ki sa k te rive zanj mechan sa yo? Lè Bondye te fè yon gwo delij dlo vin efase tout sa k pa bon sou tè a, zanj sa yo te kite fòm kò moun yo te pran an pou yo ka retounen nan syèl la. Sepandan, Bondye pa t pèmèt zanj mechan sa yo retounen nan “pozisyon yo te ye a”. Okontrè, li te mete yo nan yon kondisyon ki ba, nan yon “fènwa [espirityèl] pwès” yo rele “Tata”. (Jid 6; 2 Pyè 2:4.) Demon sa yo te vin anba kontwòl Satan Ledyab, “chèf demon yo”, “li menm [ki] toujou ap fè tèt li pase pou zanj limyè”. — Matye 12:24; 2 Korentyen 11:14.

Bib la fè konnen Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki nan syèl la, te tabli nan ane 1914a. Apre gwo evènman sa a, Bondye te mete Satan ak demon l yo deyò nan syèl la, li te voye yo sou tè a. Mechanste ak gwo imoralite ki gaye sou tè a se prèv klè ki montre yo an kòlè e yo gen move enfliyans sou tè a. — Revelasyon 12:9-12.

Men, imoralite ak vyolans k ap ogmante yo montre aklè rèy Satan an pa lwen fini. Talè konsa, zanj mechan sa yo pap gen okenn enfliyans sou tè a. Apre Wayòm Bondye a fin dirije Paradi sou tè a pandan 1000 an, zanj mechan sa yo pral gen yon dènye okazyon tou kout pou yo teste lèzòm. Apre sa, Bondye ap detwi yo pou toutan. — Matye 25:41; Revelasyon 20:1-3, 7-10.

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa Bib la di konsènan Wayòm Bondye a, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a, li sou sit www.pr418.com/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje