BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 fevriye p. 13-17
  • Nou benefisye favè san parèy Bondye plizyè fason

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou benefisye favè san parèy Bondye plizyè fason
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MWEN TE KENBE NETRALITE M E M TE VIN PYONYE MENM JAN AK PAPI
  • SÈVIS MISYONÈ NAN PEYI BREZIL
  • ASIYASYON NOU NAN PÒTIGAL
  • NOU DEFANN BON NOUVÈL LA NAN TRIBINAL
  • BYENFÈ N JWENN NAN EGZANP YON SERI MOUN FIDÈL
  • Kote sèvis aplentan te mennen m
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 fevriye p. 13-17

BYOGRAFI

Nou benefisye favè san parèy Bondye plizyè fason

Dapre Douglas Guest

LÈ ARTHUR, papa m, te jèn gason, li te gen lakrentif pou Bondye e l te vle vin yon pastè nan legliz Metodis. Men, li te vin chanje lide lè l te li piblikasyon Etidyan Labib yo e l te kòmanse pase tan avèk yo. Li te batize an 1914 lè l te gen 17 an. Lè sa a, Premye Gè mondyal la t ap fè ravaj e yo te mande l pou l fè sèvis militè. Piske l pa t vle pote zam, yo te kondane pou l pase dis mwa nan prizon ki nan Kingstonn nan, nan Ontaryo, nan peyi Kanada. Lè yo te lage papa m, li te antre nan sèvis aplentan antanke kòlpòtè (pyonye).

An 1926, Arthur Guest te marye ak Hazel Wilkinson ki te gen manman l ki te pran laverite an 1908. Mwen fèt 24 avril 1931 e m se dezyèm nan kat pitit yo te genyen yo. Lavi fanmi nou te santre sou adorasyon nou t ap bay Jewova a, e gwo respè papa m te gen pou Labib te fè n bay Pawòl Bondye a anpil valè pandan tout vi nou. Nou te patisipe regilyèman nan predikasyon kay an kay an fanmi. — Tra. 20:20.

MWEN TE KENBE NETRALITE M E M TE VIN PYONYE MENM JAN AK PAPI

Dezyèm Gè mondyal la te kòmanse an 1939, e nan ane apre a yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan peyi Kanada. Lekòl piblik yo te konn fè yon seri seremoni patriyotik kote yo te konn salye drapo epi chante im nasyonal. Yo te konn pèmèt mwen menm ak Dorothy, gran sè m nan, soti nan klas la pandan aktivite sa yo. Yon jou, mwen te sezi lè pwofesè m nan te eseye fè m wont, li t ap di mwen se yon kapon. Lè lekòl lage, plizyè nan elèv nan klas la te vin atake m, yo te frape m e m te tonbe atè. Men, an reyalite, atak sa a te ban m plis detèminasyon pou “se Bondye [mwen] obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”. — Tra. 5:29.

Papa Douglas Guest nan ane 1918-1919 ak paran l an 1926; Douglas Guest pran sèvis pyonye e l ap bay premye diskou piblik li.

An jiyè 1942, lè m te gen 11 an, mwen te batize nan yon basen dlo ki nan yon plantasyon. Mwen te renmen pran sèvis pyonye vakans (kounye a, yo rele l pyonye oksilyè) lè lekòl mwen te bay vakans. Gen yon ane, mwen t al preche ak twa lòt frè ki te konn bay moun k ap koupe bwa temwayaj nan yon tèritwa yo potko asiyen, nan nò Ontaryo.

Mwen te vin pyonye pèmanan 1ye me 1949. Piske biwo filyal la t ap fè kèk travay konstriksyon, yo te envite m al bay kout men e m te vin fè pati fanmi Betèl Kanada a 1ye desanm. Yo te mete m travay nan enprimri a e m te aprann itilize enprimant lan. Mwen te travay nan nuit pandan plizyè semèn pou n enprime yon feyè ki te gen rapò ak pèsekisyon pèp Jewova a te jwenn nan peyi Kanada.

Annapre, pandan m t ap travay nan Biwo sèvis, mwen te fè entèvyou ak kèk pyonye ki t ap vizite filyal la e ki t apral sèvi nan Kebèk, yon kote ki te gen anpil opozisyon nan epòk la. Youn nan moun ki t ap vizite yo se te Mary Zazula ki soti Edmonntonn, nan Albèta. Piske li menm ak Joe, gran frè l, pa t vle sispann etidye Labib, paran yo ki te yon seri Òtodòks wouj te mete yo deyò nan kay la. An jen 1951, yo toule de te batize, e sis mwa annapre, yo te pran sèvis pyonye. Pandan entèvyou a, mwen te enpresyone lè m te wè jan Mary renmen Bondye. Mwen te di tèt mwen: ‘Si anyen mal pa rive, sanble se ak ti dam sa a m ap marye.’ Nou te marye nèf mwa annapre, jou ki te 30 janvye 1954. Yon semèn annapre, yo te envite n al pran fòmasyon pou sèvis sikonskripsyon, e pandan de ane ki te vin apre yo, nou te travay nan yon sikonskripsyon nan nò Ontaryo.

Piske travay predikasyon mondyal la te kontinye ap vin anpil, yo te bezwen plis misyonè. Nou te panse si n te kapab sipòte gwo fredi nan peyi Kanada nan sezon ivè ak pil moustik ki t ap annuiye nou nan sezon ete, n ap kapab sipòte move kondisyon nan nenpòt asiyasyon. An jiyè 1956, nou te gradye nan 27yèm klas Lekòl Galaad, e nan mwa novanm nou te nan asiyasyon nou nan peyi Brezil.

SÈVIS MISYONÈ NAN PEYI BREZIL

Lè n te rive nan filyal peyi Brezil, yo te kòmanse montre nou pale pòtigè. Apre n te fin aprann kèk bagay tou senp pou n kòmanse yon konvèsasyon e n te aprann yon ti prezantasyon yon minit pou peryodik yo, yo te envite n patisipe nan travay predikasyon an. Si yon moun enterese, nou te dwe li kèk vèsè ki montre jan lavi a pral ye lè Wayòm Bondye a ap dirije. Premye jou nou te soti nan predikasyon, gen yon dam ki te pran tan pou l koute nou, se sa k fè m te li Revelasyon 21:3, 4, apre sa m endispoze! Kò m potko abitye ak klima ki cho e ki imid, e se yon pwoblèm ki t apral kontinye.

Douglas Guest travay nan Betèl, li marye, li gradye nan Lekòl Galaad ak madanm li, li sèvi nan peyi Brezil, e li nan yon emisyon televizyon.

Asiyasyon nou antanke misyonè se te vil Kanpos, yon kote ki gen 15 kongregasyon kounye a. Lè n te rive, te gen sèlman yon ti gwoup izole nan vil la ansanm ak yon kay misyonè ki te gen kat sè: Esther Tracy, Ramona Bauer, Luiza Schwarz, ak Lorraine Brookes (kounye a li siyen Wallen). Travay mwen nan kay la se te fè lesiv epi chèche bwa pou fè manje. Yon lendi swa, apre etid Toudegad, nou te gen yon vizitè nou pa t atann. Madanm mwen te kouche sou yon kanape pou l repoze l pandan nou t ap pale de aktivite jounen an. Lè l retire tèt li sou zorye a pou l leve, yon koulèv te soti e sa te met kay la tèt anba jiskaske m touye koulèv la!

Apre m te fin pase ennan ap etidye pòtigè, yo te nome m siveyan sikonskripsyon. Nou t ap viv yon fason ki senp nan zòn andeyò, nou pa t gen kouran, nou te dòmi sou nat, e n te vwayaje sou cheval ak sou ti charyo cheval te konn rale. Pandan yon kanpay predikasyon nan yon tèritwa yo potko asiyen, nou te pran tren pou n al nan yon vil ki nan mòn e n te lwe yon chanm nan yon ti otèl. Biwo filyal la te voye 800 peryodik pou nou ofri nan travay predikasyon an. Nou te oblije fè plizyè vwayaj lapòs pou n t al pran bwat peryodik yo epi pote yo kote n te rete a.

An 1962, yo te fè Lekòl Ministè Wayòm nan nan tout peyi Brezil pou frè ak sè ki misyonè yo. Pandan sis mwa, asiyasyon m se te sot nan yon lekòl al nan yon lòt, men Mary pa t avè m. Mwen te anseye plizyè klas nan Manawous, Belem, Fòtalesa, Resife, ak Salvadò. Mwen te òganize kongrè distri nan sal opera ki nan Manawous la, yon kote anpil moun konnen. Piske te gen gwo lapli, pifò dlo nou te gen pou n bwè te vin kontamine e nou pa t gen yon bon kafeterya pou kongrè a. (Nan epòk sa a, yo te konn bay moun yo manje nan kongrè yo.) Mwen te kontakte lame peyi a, e gen yon ofisye byen janti ki te byen kontan ban nou dlo pou n bwè pandan tout kongrè a, e l te voye sòlda al monte de gwo tant pou n fè kuizin ak salamanje.

Lè m pa t la, Mary te bay temwayaj nan yon zòn ki gen komès kote yo pale pòtigè, e sèl sijè ki te enterese moun yo se fason pou moun fè lajan. Li pa t kapab kòmanse yon konvèsasyon sou Labib ak pèsonn, se sa k fè l te di Betelit yo: “Dènye kote sou tè a mwen t ap renmen al rete se Pòtigal.” Nou te pran yon sipriz! Yon ti tan annapre, nou te resevwa yon lèt ki te mande n pou n al sèvi nan peyi Pòtigal. Nan epòk sa a, yo te entèdi travay predikasyon an nan zòn sa a, men nou te aksepte asiyasyon an aktout Mary te sezi okòmansman.

ASIYASYON NOU NAN PÒTIGAL

Nou te rive Lizbòn, nan peyi Pòtigal, ann out 1964. Frè nou yo te jwenn anpil pèsekisyon nan men polis sekrè peyi Pòtigal la (PIDE). Piske se konsa sa te ye, li te pi bon pou n rive lòtbò a san pèsonn pa t vin resevwa nou e nou pa t pran kontak ak frè ak sè yo. Nou te ret nan yon ti otèl pou n tann papye rezidans nou. Apre nou fin jwenn viza, nou te lwe yon apatman. An janvye 1965, nou te rive pran kontak ak filyal la. Se te yon bèl jou sa te ye lè n te asiste premye reyinyon nou apre senk mwa!

Nou te vin aprann lapolis t ap antre lakay frè yo chak jou. Piske yo t ap fèmen Sal Wayòm yo, se nan kay prive yo te konn fè reyinyon. Yo te mennen plizyè santèn Temwen nan pòs polis pou yo idantifye yo epi poze yo kesyon. Se sitou frè yo yo te maltrete pou yo te ka fè yo bay non moun ki konn kondui reyinyon yo. Se sa k fè frè yo te pran abitid rele youn lòt nan non yo, tankou José oswa Paulo, olye yo te sèvi ak siyati yo. E nou te fè menm bagay la tou.

Douglas Guest nan peyi Pòtigal an 1964, li nan tribinal an 1966, nan yon reyinyon an 1974, e li ansanm ak madanm li, Mary Guest.

Pi gwo sousi n te genyen se te bay frè ak sè yo manje nan domèn espirityèl. Travay Mary se te tape atik etid Toudegad yo ak lòt piblikasyon sou estensil yo t apral itilize pou yo pwodui yon seri kopi ki piti anpil.

NOU DEFANN BON NOUVÈL LA NAN TRIBINAL

An jen 1966, gen yon gwo pwosè ki te fèt nan vil Lizbòn. Yo te mennen tout 49 moun nan kongregasyon Feijó devan tribinal paske yo te asiste yon reyinyon ilegal nan yon kay prive. Mwen te jwe wòl avoka ki t apral poze kesyon an pou m te ka prepare yo pou jijman an. Nou te konnen nou t ap pèdi ka a, men nou t ap gen posiblite bay yon gwo temwayaj. Avèk kouraj, avoka ki t ap defann nou an te site pawòl Gamalyèl te di nan premye syèk la kòm konklizyon (Tra. 5:33-39). Laprès te pale anpil sou ka a, e yo te kondane 49 frè ak sè yo pou yo pase ant 45 jou ak senk mwa edmi nan prizon. Nou kontan pou n fè konnen avoka nou an, ki te gen anpil kouraj, te aksepte yon etid Labib e l te kòmanse asiste reyinyon anvan l mouri.

An desanm 1966, yo te nome m siveyan filyal e m te pase anpil tan ap regle kesyon legal. Te vin gen yon baz solid pou defann dwa Temwen Jewova yo genyen pou yo lib pou yo adore a (Flp. 1:7). Finalman, jou ki te 18 desanm 1974 la, yo te rekonèt travay n ap fè a legalman. Frè Nathan Knorr ak frè Frederick Franz, ki te sot nan syèj mondyal la, te vin vizite Pòtigal pou yo vin pataje lajwa nou te santi nan yon reyinyon istorik ki te fèt nan vil Opòto ak nan Lizbòn, e te gen 46 870 moun ki te asiste reyinyon sa a pou tout kote l te fèt yo.

Jewova te ouvri pòt pou vin gen plis akwasman sou plizyè zile kote moun pale pòtigè, tankou zile Asorès, Kapvè, Madè, Sawotome ak Prensipe. Nou te vin gen pi gwo biwo filyal nou te bezwen an an 1988. Nan menm ane sa a, jou ki te 23 avril la, frè Milton Henschel te prezide inogirasyon nouvo bilding yo devan yon asistans byen chofe ki te gen 45 522 moun. Sa te vrèman touche kè nou pou n wè 20 frè ak sè ki te travay kòm misyonè nan peyi Pòtigal retounen nan peyi a pou evènman istorik sa a.

BYENFÈ N JWENN NAN EGZANP YON SERI MOUN FIDÈL

Tank ane yo t ap pase, bonjan relasyon nou te gen ak frè ak sè ki fidèl yo te bay lavi nou plis sans. Mwen te aprann yon leson ki gen anpil valè nan men frè Theodore Jaracz pandan m t ap ede l fè yon vizit antanke yon siveyan zòn. Filyal nou t ap vizite a te gen yon pwoblèm ki grav anpil, manm komite filyal yo te fè tout sa yo te kapab selon posiblite yo. Pou frè Jaracz te ka mete yo alèz, li te di: “Kounye a, se moman pou n kite lespri sen fè travay li.” Pandan mwen menm ak madanm mwen, Mary, t ap vizite Bwouklin, sa gen plizyè dizèn ane, yon jou swa nou te pase yon ti tan ak frè Franz ak kèk lòt moun ankò. Lè yo te mande frè Franz pou l di kèk pawòl konklizyon sou tout ane li pase nan sèvis Jewova a, men sa l te di: “Men ki konsèy mwen ka bay: Ret nan pati vizib òganizasyon Jewova a, kèlkeswa jan sa ye. Se sèl li menm k ap fè travay Jezi te bay disip li yo lòd fè a, anpalan de preche bon nouvèl Wayòm nan.”

Mwen menm ak madanm mwen te vrèman pran plezi fè sa. Souvni nou genyen lè n t ap vizite filyal yo antanke siveyan zòn gen anpil valè pou nou. Vizit sa yo te ban nou posiblite montre nou apresye sèvis fidèl frè ak sè yo, jèn kou granmoun, e pou n ankouraje yo kontinye kenbe privilèj espesyal yo genyen pou yo sèvi Jewova a.

Ane yo pase byen vit, e nou toule de gen plis pase 80 ane. Mary ap goumen ak yon pakèt pwoblèm sante (2 Kor. 12:9). Eprèv yo te fòtifye lafwa nou e yo te ban nou plis detèminasyon pou n ret fidèl. Lè n reflechi sou lavi nou, nou admèt tousuit nou te benefisye favè san parèy Jewova nan anpil, anpil fasona.

a Pandan yo t ap prepare atik sa a pou yo pibliye l, Douglas Guest te mouri fidèl ak Jewova jou ki te 25 oktòb 2015 lan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje