BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp18 no 2 p. 6-7
  • Kèk pwofesi ki deja reyalize

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk pwofesi ki deja reyalize
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PWOFESI K AP REYALIZE NAN EPÒK NOU AN
  • Pèp Bondye a kite Babilòn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Ki sa tout bagay sa yo vle di ?
    Kontinye veye!
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
wp18 no 2 p. 6-7
L ap etidye pwofesi ki nan Bib la.

Kèk pwofesi ki deja reyalize

Nan atik anvan an, nou te pale sou istwa divinò nan zòn Dèlfès ki te twonpe wa Kresis, sa ki te fè wa a pèdi batay li te fè kont wa peyi Pès la. Yon lòt bò, Bib la li menm pale konsènan yon bèl pwofesi ki gen rapò ak yon wa peyi Pès men ki te reyalize nan tout ti detay.

Anviwon 200 an alavans, Ezayi, yon pwofèt ebre, te gentan fè konnen gen yon wa ki t ap rele Siris ki t ap gen pou l pran vil Babilòn, yon vil ki te byen pwoteje e ki te pisan, alòske Siris potko prèt pou l fèt.

Ezayi 44:24, 27, 28: “Men sa Jewova [...] di: [...] ‘Mwen se Sila a ki di dlo ki fon yo: “Se pou nou seche, e m ap seche tout rivyè nou yo.” Mwen se Sila a ki pale de Siris e ki di: “Li se bèje m nan. L ap fè tout sa m vle nèt.” Mwen se Sila a ki pale de Jerizalèm e ki di: “Y ap rebati l”, e ki pale de tanp lan e ki di: “Y ap fè fondasyon w.”’”

Selon Ewodòt, yon istoryen grèk, lame Siris la te fè dlo Rivyè Efrat la, ki te pase nan vil Babilòn, al koule yon lòt kote. Taktik Siris te itilize a te pèmèt mesye l yo pase nan rivyè a pou yo antre nan vil Babilòn. Apre Siris te fin pran vil la, li te libere Juif ki te Babilòn yo e li te ba yo pèmisyon pou yo retounen Jerizalèm pou y al rekonstwi vil Jerizalèm paske Jerizalèm te gentan gen 70 an depi yo te detwi l.

Ezayi 45:1: “Men sa Jewova di Siris, moun li chwazi a, moun li kenbe men dwat li a pou l fè nasyon yo soumèt devan l, pou l dezame wa yo, pou l ouvri pòtay ki gen de batan yo devan l yon fason pou pòtay vil la pa fèmen.”

Moun peyi Pès yo te pase nan de gwo pòt vil la Babilónyen yo te kite ouvè pa neglijans. Si Babilónyen yo te konnen plan Siris te genyen an, yo t ap fèmen mezi se baryè ki bay sou rivyè a. Men, jan nou konn sa, vil la te san defans.

Bèl pwofesi sa a se youn nan pwofesi ki reyalize pami plizyè lòt pwofesi Bib la pale de yoa. Kontrèman ak lèzòm ki konn fè konnen se fo dye y ap sèvi yo ki revele yon seri bagay ki gen pou fèt, moun ki bay pwofesi nou jwenn nan Bib la di: “Depi nan kòmansman yon bagay, mwen di ki jan l ap fini, e depi byen lontan, mwen anonse bagay ki poko rive yo.” — Ezayi 46:10.

Se sèlman Jewova, vrè Dye a, ki kapab fè yon deklarasyon konsa, li menm non l vle di: “Li fè vin tounen.” Sa ki montre kapasite li genyen pou l konnen yon seri bagay ki gen pou fèt alavni e ranje yo yon fason pou yo akonpli volonte l. Sa ban nou asirans l ap reyalize tout sa l pwomèt nou yo san mank.

PWOFESI K AP REYALIZE NAN EPÒK NOU AN

Èske w ta renmen konnen ki pwofesi Bib la bay anrapò ak epòk n ap viv jodi a? Sa gen anviwon 2 000 an Labib te gentan fè konnen, ‘nan dènye jou yo, tan yo t apral di e yo t apral difisil pou moun sipòte’. De ki dènye jou y ap pale menm? Dènye jou y ap pale la a pa gen anyen pou l wè ak tè a oswa ak lèzòm, men li gen rapò ak chirepit, enjistis ak soufrans k ap bay lèzòm pwoblèm pandan plizyè milye ane. Ann egzamine kèk pwofesi ki se mak fabrik “dènye jou yo” menm.

2 Timote 3:1-5: “Nan dènye jou yo [...] moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a.”

Èske w pa dakò tout moun ka wè se konsa lèzòm ye jounen jodi a e chak jou ki pase y ap vin pi mal toujou? Èske w pa remake jodi a moun yo renmen tèt yo depase limit, yo renmen lajan e yo pran tèt yo pou yon pakèt afè? Èske w pa remake tou jan yo vin pi egzijan e yo mwens dispoze antann yo ak lòt moun? Se sèten ou kapab wè jan toupatou timoun yo ap dezobeyi paran yo epi jan moun yo plis renmen plezi olye yo renmen Bondye. E chak jou ki pase, se pi mal bagay yo ap vin pi mal!

Matye 24:6, 7: “Nou pral tande bri lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè [...] Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.”

Selon etid kèk moun fè, yo fè konnen gen plis pase 100 milyon moun ki mouri akoz lagè ak lòt konba moun ap fè ak zam depi ane 1914. Kantite moun sa a ki mouri an depase popilasyon plizyè peyi. Imajine tout moun ki gen dlo nan je yo, ki nan lapenn e k ap soufri akoz tout moun sa yo ki mouri! Èske sa fè nasyon yo di se twòp atò e yo sispann fè lagè pou sa?

Matye 24:7: “Pral gen rate manje.”

Men sa Pwogram alimantè mondyal fè konnen: “Nan yon monn kote nou pwodui ase manje pou tout moun manje, gen 815 milyon moun k al dòmi grangou chak jou, sa vle di sou chak nèf moun gen youn k al dòmi grangou. E sa k pi rèd la, sou chak twa moun gen youn ki soufri malnitrisyon.” Selon sa yon etid fè konnen, chak ane gen anviwon twa milyon timoun ki mouri grangou paske yo pa jwenn manje pou yo manje.

Lik 21:11: “Pral gen gwo tranblemanntè.”

Chak ane, gen anviwon 50 000 tranblemantè ki fèt e yo ase fò pou moun santi sa. Gen anviwon 100 ki yon ti jan andomaje kay, men prèske chak ane gen yon gwo tranblemanntè ki fèt. Selon yon etid, soti ane 1975 pou rive ane 2000, tranblemanntè touye 471 000 moun.

Matye 24:14: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.”

Gen plis pase uit milyon Temwen Jewova k ap preche e k ap bay temwayaj konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a toupatou sou tè a nan anviwon 240 peyi. Yo preche bon nouvèl la tout kote, kit se nan vil, nan bouk, nan forè ak nan mòn. Lè travay sa a rive fèt nan yon nivo Bondye satisfè avè l, pwofesi a fè konnen: “Apre sa, lafen an ap vini.” Ki sa sa pral vle di? Sa pral vle di lèzòm ap sispann dirije e se Wayòm Bondye a ki pral ranplase yo. Ki bagay konsa ki pral reyalize lè Wayòm Bondye a pral dirije? Ann gade pou n wè.

a Gade atik ki gen tit: “Yon bèl prèv ki montre jan yon pwofesi egzak.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje