BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w18 novanm p. 32
  • Ki kado nou ka bay Jewova?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki kado nou ka bay Jewova?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Sou menm sijè a
  • “Fè Jewova kado kèk bagay”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Valè “de ti pyès monnen” yo te genyen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Ki kote Temwen Jewova yo jwenn lajan pou yo fè travay y ap fè a?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Nou di Jewova mèsi pou lanmou nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
w18 novanm p. 32
donate.jw.org

Ki kado nou ka bay Jewova?

MEN sa Jezi te di yon lè: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35). Nou ka aplike verite fondamantal sa a nan relasyon nou ak Jewova. Sa k fè sa? Se paske Jewova ban nou anpil kado ki fè kè n kontan, men nou ka jwenn plis kè kontan toujou lè nou bay Jewova yon kado. Ki kado nou ka bay Jewova? Pwovèb 3:9 di: “Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo.” Pami “sa w genyen ki gen valè yo” gen tan w, talan w, fòs ou ak bagay materyèl ou posede. Lè nou itilize bagay sa yo nan vrè adorasyon an, se bay nou bay Jewova yon kado e sa fè nou gen anpil kè kontan.

Ki sa k ka ede n sonje bay Jewova yon kado pami bagay nou genyen nan domèn materyèl yo? Apot Pòl te di kretyen nan vil Korent yo pou yo “mete yon ti bagay apa” kòm ofrann (1 Kor. 16:2). Ki sa w ka fè si w vle gen plis enfòmasyon sou diferan fason ou ka fè ofrann nan zòn ou? Tanpri gade kare ki pi ba a.

Se pa nan tout peyi moun ka fè ofrann sou Entènèt. Men, n ap jwenn enfòmasyon sou lòt fason pou n fè ofrann sou paj pou n fè ofrann ki sou sit la. Nan kèk peyi, gen yon dokiman ki sou paj sa a ki bay repons pou kesyon moun poze souvan anrapò ak fè ofrann.

Yon mwayen ki fasil pou n fè ofrann sou Entènèt

FASIL POU N JWENN

  • Motè rechèch sou Entènèt

    Tape donate.jw.org nan yon navigatè Entènèt

  • JW Library

    Nan paj akèy JW Library® a, klike sou “Donations” oswa “Dons”

FASIL POU N ITILIZE

Fè yon ofrann tousuit oswa pwograme l pou yo pran ofrann nan yon fason otomatik pou:

  • Travay mondyal

  • Kongregasyon w

  • Kongrè rejyonal

  • Asanble sikonskripsyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje