BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 novanm p. 7
  • “Fè Jewova kado kèk bagay”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Fè Jewova kado kèk bagay”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Nou di Jewova mèsi pou lanmou nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Ki kote Temwen Jewova yo jwenn lajan pou yo fè travay y ap fè a?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Ki kado nou ka bay Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Valè “de ti pyès monnen” yo te genyen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 novanm p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Fè Jewova kado kèk bagay”

Yon moun k ap mete yon ofrann nan yon bwat ofrann; yon moun k ap fè yon ofrann sou Entènèt

Ki jan nou kapab “fè Jewova kado kèk bagay jodi a”? (1Kw 29:5, 9, 14.) Pi ba a, n ap jwenn plizyè fason nou ka chwazi fè ofrann volontè pou n soutni aktivite Temwen Jewova yo nan zòn kote n ap viv la ak nan lemonnantye.

OFRANN NOU FÈ SOU ENTÈNÈT OSWA NOU METE NAN BWAT OFRANN:

  • Ofrann pou travay mondyal la

    TRAVAY MONDYAL LA

    konstwi biwo filyal ak biwo tradiksyon ki pa nan Betèl epi fè yo fonksyone

    lekòl teyokratik

    sèvitè espesyal aplentan yo

    pote sekou lè gen katastwòf

    enprimri, pwodiksyon videyo ak piblikasyon ki soti sou Entènèt

  • Ofrann pou kongregasyon an

    DEPANS KONGREGASYON AN

    depans pou kongregasyon an, tankou achte tout sa ki nesesè pou Sal Wayòm nan epi fè antretyen ladan l

    kèlkeswa rezolisyon kongregasyon an pran pou yo voye yon kòb nan biwo filyal la pou:

    • konstriksyon Sal Wayòm ak Sal asanble sou tout tè a

    • dispozisyon entènasyonal pou pote èd

    • lòt aktivite k ap fèt sou tout tè a

KONGRÈ AK ASANBLE

Ofrann yo fè nan kongrè rejyonal yo ale pou travay mondyal la. Tandiske, se ofrann yo fè pou travay mondyal la yo itilize pou depans ki fèt pou kongrè rejyonal, asanble espesyal ak asanble entènasyonal yo.

Yo itilize ofrann yo fè nan asanble sikonskripsyon yo pou depans yo fè pou lwe, fè fonksyone epi fè antretyen nan lokal yo itilize pou fè asanble yo ak lòt depans ki nesesè pou sikonskripsyon an. Yon sikonskripsyon gendwa pran rezolisyon pou kòb ki rete apre yo fin fè tout depans yo genyen ale kòm ofrann pou travay mondyal Temwen Jewova yo.

ofrann sou jw.org

APRANN PLIS SOU ENTÈNÈT

Pou w ka konnen ki jan w ka fè ofrann, sèvi ak youn nan opsyon ki apre yo:

  • ale nan donate.jw.org

  • chwazi “Ofrann” ki nan seksyon Enfòmasyon sou nou ki sou sit jw.org la

  • klike sou lyen “Ofrann” ki anba paj akèy aplikasyon JW Library a

Nan kèk peyi, gen yon dokiman ki gen tit “Kesyon moun poze souvan” ki bay repons pou kèk kesyon moun abitye poze anrapò ak fè ofrann.

Videyo ki gen tit Fason pou nou fè ofrann sou aparèy elektwonik bay bonjan enfòmasyon sou metòd ki disponib pou moun fè ofrann.

PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN

Gen kèk ofrann yo fè pou travay mondyal la ki mande planifikasyon alavans oswa konsèy sou sa lalwa di e ki gendwa menm bezwen pou fè toule de bagay sa yo. Men sa ki ladan l:

  • Testaman ak lajan oswa byen yon moun bay lòt moun jere

  • Byen imobilye, aksyon, bon ak asirans

  • fè ofrann sou kondisyon

Si w ta renmen fè ofrann fason sa a, kontakte biwo filyal ki nan zòn w ap viv la lè w sèvi ak enfòmasyon yo mete pou kontakte yo w ap jwenn sou donate.jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje