Ki byenfè w kapab jwenn lè w aprann konnen Bondye?
Jiska prezan, nou aprann anpil bagay ki ede nou reponn kesyon Kiyès Bondye ye? a. Nou te aprann nan Bib la non Bondye se Jewova, e lanmou se kalite li genyen ki pi enpòtan. Anplis de sa, nou te aprann sa l te fè ak sa l pral fè ankò pou byen lèzòm. Etandone gen anpil bagay toujou pou n aprann sou Bondye, ou gendwa ap mande tèt ou ki byenfè w ap jwenn lè w aprann konnen l.
Jewova pwomèt “si w chèche l, l ap kite w jwenn li”. (1 Kwonik 28:9.) Lè w chèche Bondye e w vin aprann konnen l, w ap jwenn yon kado ki vrèman espesyal. Ki kado sa a? W ap vin ‘bon zanmi Jewova’! (Sòm 25:14.) Ki sa amitye sa a ap fè w jwenn?
Kè kontan toutbon an. Labib fè konnen Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Lè w pwoche bò kote l e w imite fason l aji, kè w ap kontan toutbon. Sa ap fè w santi w byen ni nan kè w, ni nan lespri w, ni nan kò w (Sòm 33:12). Anplis de sa, w ap kapab viv yon fason ki ba w kè kontan lè w evite gen yon konduit ki ka fè w soufri, lè w vin gen yon seri bon abitid ak lè w chèche gen bon relasyon ak lòt moun. W ap vin dakò ak moun ki ekri pawòl sa yo nan liv Sòm nan: “Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” — Sòm 73:28.
Bonjan swen ak èd. Men sa Jewova pwomèt sèvitè l yo: “M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou.” (Sòm 32:8). Sa montre Jewova ede chak sèvitè l e li ba yo chak egzakteman sa yo bezwen (Sòm 139:1, 2). Yon fwa w vin gen bon relasyon ak Jewova, l ap toujou avè w.
Yon bèl avni. Nonsèlman Jewova montre w fason pou w viv byen e pou w gen kè kontan depi kounye a, men, li ba w posiblite tou pou w gen yon avni ki san parèy (Ezayi 48:17, 18). Bib la di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Nan moman difisil n ap viv jodi a, esperans Bondye ban nou an kapab tankou yon lank batiman pou nou paske li “sèten e anmenmtan li solid”. — Ebre 6:19.
Sa yo se kèk nan tout gwo rezon ou genyen pou w aprann konnen Bondye pi byen e pou w chèche gen bon relasyon avè l. Yon Temwen Jewova ap kontan ede w nan sans sa a oubyen ou ka al sou sit jw.org la pou w jwenn plis enfòmasyon k ap itil ou.