BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 2 p. 8-9
  • Lè mari w oswa madanm ou twonpe w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè mari w oswa madanm ou twonpe w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KÈK VÈSÈ NAN BIB LA KI KAPAB EDE W
  • Konsolasyon nou jwenn nan moman difisil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Labib chanje lavi moun
    “Mwen vin yon pi bon mari.” — Rigobert Houeto
  • 3 Li ede n fè fas ak pwoblèm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm fanmi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 2 p. 8-9
Yon dam k ap priye

Lè mari w oswa madanm ou twonpe w

“Mwen te anvi mouri lè mari m te di l ap kite m pou yon fi ki pi jèn. Sa te parèt tèlman enjis, sitou lè m t ap panse ak tout sakrifis mwen te fè pou li.” — Maria, Espay.

“Lè madanm mwen te annik leve yon bon jou li kite m, se kòmsi lavi m te fini. Rèv nou yo, espwa nou ak objektif nou te genyen yo, tout sa te fini nèt. Gende jou mwen te konn panse mwen anfòm, men annapre, mwen te santi yon gwo depresyon ankò.” — Billy, Espay.

LÈ W marye ak yon moun epi moun nan twonpe w, se pa ti mal sa fè mal! Se vre, gen moun ki gendwa rive padone moun yo te marye avè l la lè yo wè moun nan regrèt sa, epi yo travay pou yo retounen gen yon bon relasyon ankòa. Sepandan, kit maryaj la kraze, kit li pa kraze, se sèten, moun ki vin aprann moun li marye avè l la twonpe l la ap soufri anpil anpil. Ki sa moun sa a kapab fè pou l rive jere soufrans sa pote?

KÈK VÈSÈ NAN BIB LA KI KAPAB EDE W

Anpil nan moun ki marye yo fè adiltè sou yo rive jwenn konsolasyon nan pawòl ki nan Bib la, malgre sitiyasyon sa a fè yo soufri anpil. Yo vin aprann Bondye wè dlo k ap koule nan je yo e li konprann yo. — Malachi 2:13-16.

“Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.” — Sòm 94:19.

Men sa Billy di: “Lè m li vèsè sa a, mwen imajine Jewova k ap konsole m avèk anpil tandrès, menm jan yon papa ki gen sousi pou pitit li t ap fè sa.”

“Ou fidèl ak moun ki fidèl.” — Sòm 18:25.

Men sa Carmen, yon dam mari l te fè plizyè mwa ap twonpe l, te di: “Mari m pa t fidèl, men, mwen te gen konfyans Jewova ap fidèl avè m.”

“Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou.” — Filipyen 4:6, 7.

Sara fè konnen: “Mwen li vèsè sa yo plizyè fwa. E lè m priye Bondye, li fè m jwenn lapè.”

Tout moun nou sot pale de yo la a te anvi mouri yon moman nan lavi yo. Men, yo te met konfyans yo nan Jewova Dye e yo te jwenn fòs lè yo te li Bib la. Men sa Billy fè konnen: “Nan moman tout bagay te tèt anba nan lavi m, lafwa m te bay lavi m yon sans. Menm pandan m t ap mache nan ‘vale fènwa pwès la’, Bondye te ansanm avè m.” — Sòm 23:4.

a Pou w ka konnen si wi ou non ou dwe padone, gade seri atik ki parèt nan Reveye n! 22 avril 1999 la (fransè), ki gen tit L’infidélité : des conséquences tragiques, La réconciliation est-elle possible ? ak Quand on opte pour le divorce.

Men sa kèk moun te fè ki te ede yo

Li epi medite sou vèsè ki ka konsole w.

Men sa Billy fè konnen: “Mwen li liv Jòb ak Sòm yo, epi mwen souliye chak vèsè ki mache ak sitiyasyon pa m. Mwen rann mwen kont, moun ki te patisipe nan ekri liv sa yo ki nan Bib la te konn sa yo rele soufrans ak tètchaje menm jan avè m.”

Koute mizik ap ede w.

Men sa Carmen di: “Leswa, lè m pa t ka dòmi, mwen te konn koute mizik. Sa te konn ede m anpil anpil.” Daniel li menm fè konnen: “Mwen te aprann jwe gita e mizik mwen te konn jwe yo te fè m santi m anpè.”

Pale sou sa w santi.

Daniel ajoute: “Mwen pa t gen abitid di moun sa m santi. Men, mwen te gen kèk bon zanmi mwen te konn pale avèk yo chak jou. Mwen te konn di yo jan m santi m lè m ekri yo oswa lè m ap pale avèk yo. Sa te vrèman ede m.” Sara di: “Èd fanmi m te ban mwen te vrèman enpòtan. Manman m te toujou la pou mwen. Li te konn koute m nan moman mwen te bezwen pale. Papa m te fè m santi l renmen m e m pa poukò m. Li te ede m reprann mwen jan m te kapab.”

Priye toutan.

Carmen di: “Mwen te konn priye toutan. Mwen te santi Bondye avè m, l ap koute m e l ap ede m. Nan moman difisil sa a, mwen te vin pi pwòch Bondye.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje