BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp18 no 1 p. 12-13
  • 3 Li ede n fè fas ak pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 3 Li ede n fè fas ak pwoblèm
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MALADI KI PA GEN TRETMAN
  • LAPENN
  • Ki jan lapriyè ka ede w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Priye — Ki sa sa ka itil nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Di yo ou renmen yo
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Li te rekonfòte lòt moun malgre l t ap fè fas ak gwo pwoblèm sante
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
wp18 no 1 p. 12-13
Yon dam ki kanpe nan yon simityè e ki tris anpil, epi yon dam ki sou yon chèz woulant k ap koute mesaj ki nan Bib la

3 Li ede n fè fas ak pwoblèm

Gen de pwoblèm n ap jwenn jodi a nou pa ka ni evite ni jwenn yon solisyon pou yo. Pa egzanp, si yon moun nou renmen ta mouri oubyen si sa ta rive nou gen yon maladi ki pa gen tretman, nou gendwa oblije wè sèl sa n ka fè se jwenn kèk fason pou n rive fè fas ak doulè sa ka pote. Men, èske Labib ka ede w nan sitiyasyon difisil konsa?

MALADI KI PA GEN TRETMAN

Men sa yon dam ki rele Rose di: “Mwen gen yon maladi jenetik ki lakòz mwen toujou gen gwo doulè. Sante m ap vin pi mal.” Youn nan bagay ki te plis enkyete l se lefètke sa konn rive li pa ka konsantre l sou etid Labib li ak lòt bagay ankò ki fè l pwòch ak Bondye. Men, pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 19:26 yo te vrèman ede l. Men sa nou li: “Pou Bondye, tout bagay posib.” Rose te vin aprann gen plizyè fason pou yon moun etidye. Piske doulè l te genyen yo te fè l prèske pa kapab li pafwa, li te kòmanse pran abitid koute anrejistreman Labib ak lòt piblikasyon odyo ki baze sou Bib laa. Men sa Rose di ankò: “Si m pa t gen posiblite sa yo, m pa konn ki jan m t ap fè kontinye kenbe amitye m ak Bondye.”

Lè Rose santi l tris poutèt li pa fè sa l te konn fè anvan, li jwenn konsolasyon nan pawòl ki nan 2 Korentyen 8:12 yo ki di: “Si volonte a la anvan, Bondye ap aksepte l sitou selon sa yon moun genyen, se pa selon sa yon moun pa genyen.” Pawòl sa yo fè Rose sonje Bondye pran plezi nan sa l fè paske li fè sa l kapab nan mezi li kapab.

LAPENN

Men sa Delphine nou te pale de li nan atik anvan yo te di: “Lè pitit fi m nan ki te gen 18 an te mouri, soufrans lan te tèlman rèd m te panse m pa t ap ka kontinye viv. Lavi m pap janm menm jan an ankò.” Men li te jwenn anpil rekonfò nan pawòl ki nan Sòm 94:19 la kote youn nan moun ki te ekri Sòm yo te di Bondye: “Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.” Men sa Delphine di ankò: “Mwen te priye Jewova pou m mande l ede m jwenn kèk bagay ki te ka soulaje soufrans mwen.”

Li te pote l volontè pou l fè yon travay ki vrèman enpòtan. Rive yon lè, li te kòmanse konpare tèt li ak yon kreyon desen pou timoun: Menmsi yo kase, yo toujou itil pou desine. Byenke sa k te rive l yo te fè l santi l kase an de, li te aprann li te toujou anmezi pou l ede lòt moun. Men sa l di: “Mwen te vin rann mwen kont, lè m sèvi ak prensip biblik yo oswa m sèvi ak panse ki nan Bib la pou m konsole moun m ap etidye Labib ansanm avèk yo, se te mwayen sa a Jewova te itilize pou kalme doulè m epi rekonfòte m.” Li te fè yon lis non moun nan Bib la ki te soufri anpil. Li te di: “Yo tout nèt te renmen priye.” Li te aprann tou, “yon moun ki pran tan pou l li Labib ap jwenn rekonfò”.

Delphine te vin aprann yon lòt bagay ankò nan etid li te fè nan Bib la, li te aprann konsantre l sou lavni olye l konsantre l sou sa k te pase. Espwa li te jwenn nan pawòl ki nan Travay 24:15 lan te ede l anpil. Men sa vèsè a di: “Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” Èske Delphine kwè se toutbon Jewova ap fè pitit fi l la reviv ankò? Ann kite l reponn: “Mwen pa gen okenn dout m ap rewè pitit fi m nan ankò. Dat pou m rewè l la gentan la paske nan yon sans li deja ekri nan kalandriye Jewova ki se Papa m. Mwen deja wè m ki ansanm ak pitit fi m nan nan yon jaden, m ap gade l e m renmen l, ou pa ta di se jou m t ap gade l lè l te fèt la.”

a Anpil nan anrejistreman odyo sa yo disponib sou sit Entènèt jw.org la.

Labib ka fè w jwenn rekonfò menm nan moman ki pi difisil yo.

KI JAN BONDYE KA EDE NOU?

Repons Bib la bay la klè. Li di: “Jewova toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle, li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo.” (Sòm 145:18, 19). Èske pawòl sa yo pa touche kè w? Men, ki jan Bondye ap reponn priyè moun k ap rele l avèk senserite pou mande l èd?

LI BAN NOU FÒS AK KOURAJ:

Souvan pwoblèm yo ka dekouraje n epi boulvèse nou. Lè konsa, sa konn gen efè sou fizik nou, sou emosyon nou ak sou relasyon nou ak Bondye (Pwovèb 24:10). Men, Jewova ede “moun ki fatige yo, li ba yo fòs, e moun ki manke fòs yo, li fè yo gen tout fòs yo”. (Ezayi 40:29.) Apot Pòl te fè fas ak anpil sitiyasyon ki difisil anpil. Men sa l di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” (Filipyen 4:13). Lespri sen Bondye te bay Pòl pisans. Ou ka priye Bondye pou w mande l lespri sen l. — Lik 11:13.

LI BAN NOU SAJÈS:

E si se èd ou ta bezwen pou w konprann sa Labib anseye epi suiv sa l anseye yo? Men sa disip Jak ekri: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” (Jak 1:5). Ou ka aji ann amoni ak priyè w fè yo lè w pran tan pou w li Labib epi aplike sa l anseye yo (Jak 1:23-25). Lè w fè sa, w ap ka wè ou menm jan konsèy ki nan Bib la bon.

LI BAN NOU LAPÈ:

Menm lè w ap fè fas ak gwo pwoblèm, Jewova ka ede w santi w anpè. Men sa nou li nan Pawòl li a: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” (Filipyen 4:6, 7). Èske w pa ta renmen mande Jewova pou l fè w gen lapè?

Men, e si w poko jwenn yon solisyon tousuit pou w pwoblèm ou yo? Pa panse Bondye abandone w. Menmsi pwoblèm yo la toujou, Bondye ka ba w fòs ak kouraj pou w andire (1 Korentyen 10:13). Anplis de sa, Labib pwomèt nou yon lè tout pwoblèm nou yo pral rezoud pou toutan!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje