BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 2 p. 10-11
  • Lè w malad grav

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè w malad grav
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MEN SA KÈK MOUN TE FÈ KI TE EDE YO
  • Lè gen yon moun nan fanmi an ki malad
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Nou gen valè nan je Jewova, Bondye nou an!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Sa k fè m malad konsa a?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki jan lapriyè ka ede w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 2 p. 10-11

Lè w malad grav

“Lè m te aprann mwen fè kansè nan poumon ak nan kolon (gwo trip mwen), tout lide m se te m pral mouri. Men, apre m sot kay doktè a e m rive lakay, mwen te di tèt mwen: ‘Oke, se pa t sa m te espere, men, mwen oblije jwenn yon fason pou m fè fas ak sitiyasyon an.’” — Linda, 71 an.

“Mwen gen yon maladi ki bay gwo doulè ki gen efè sou nè ki sou pati goch figi m. Pafwa, doulè a konn tèlman rèd, mwen konn fè depresyon. Pandan plizyè fwa, mwen konn santi m lage poukò m e m konn menm panse touye tèt mwen.” — Elise, 49 an.

Yon mesye ki malad ki sou yon chèz woulant e ki ansanm ak moun ki renmen l

SI OU menm oswa yon moun ou renmen vin aprann nou fè yon maladi ki ka vin lakòz nou mouri, nou konnen sa kapab bay anpil strès. Nonsèlman maladi a se deja yon pwoblèm, men, nou gen pou n jere emosyon n yo tou. Gen yon seri bagay ki gendwa fè n plis pè toujou epi ban n plis enkyetid, tankou randevou n gen ak doktè yo ki konn stresan, zafè chèche jwenn tretman oubyen kòb pou n peye tretman an oswa efè medikaman yo konn gen sou nou. Enkyetid mete ak maladi a ki deja grav kapab fè n santi n about.

Ki kote n ka jwenn èd? Pou anpil moun, sa k plis ede yo se lè yo priye Bondye epi yo li yon seri vèsè nan Bib la ki bay konsolasyon. Gen lòt moun ki twouve lanmou ak sipò fanmi yo ba yo konn ede yo tou.

MEN SA KÈK MOUN TE FÈ KI TE EDE YO

Men sa Robert, yon mesye ki gen 58 an, di: “Fè fas ak maladi a toutpandan w met lafwa w nan Bondye, e l ap ede w. Priye Jewova. Fè l konnen sa w santi. Mande l pou l ba w lespri sen. Mande l ede w panse yon fason ki pozitif, mande l fòs pou w ka ankouraje fanmi an e pou w ka rete kalm toutpandan w ap andire anba maladi a.”

Robert ajoute: “Se yon gwo èd sa ye lè fanmi w kanpe la ansanm avè w pou ede w jere santiman w. Gen youn oswa de nan yo ki rele m chak jou pou yo mande m ki jan m ye. Se toupatou zanmi m yo rele m pou yo ankouraje m. E franchman, sa ban m fòs ak kouraj pou m kontinye.”

Si w pral vizite yon zanmi w ki malad, sonje pawòl sa yo Linda di: “Yon bagay ki sèten sèke malad la ta renmen mennen yon vi nòmal menm jan ak tout moun. Li gendwa pa anvi pou se de maladi a nou pale sèlman. Donk, pale de bagay nou konn abitye pale deja.”

Nou mèt gen asirans, grasa fòs Bondye ap ban nou ak konsolasyon nou jwenn nan Bib la, san wete èd zanmi ak fanmi nou ki renmen nou, lavi nou kapab gen sans, menm lè n ap lite ak yon maladi ki grav.

Kèk vèsè nan Bib la ki kapab ede w

Konte sou Bondye.

“Mwen te rele Jewova e li te reponn mwen, li te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo. Malere a rele Jewova e Li koute l.” — Sòm 34:4, 6.

Men sa Linda, nou te deja pale de li, di: “Lè m priye Bondye, m pa janm di l: ‘Geri m.’ M toujou mande l pito: ‘Ede m rete djanm, epi ede m andire maladi m genyen an.’”

Li Pawòl Bondye a pou w ka rete djanm.

“Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:24.

Medite sou pwomès Bondye fè pou lavni. Sa ap fè w gen espwa k ap ba w fòs pou w andire.

Chèche èd nan men fanmi w ak zanmi w.

“Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Men sa Elise, nou te pale de li deja, di: “Pa met kò w apa. Bay zanmi w yo posiblite pou yo ede w. Kapab gen moman kote w santi w poukont ou e w pa menm panse Bondye ap koute w, men, pa met kò w apa.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje