ATIK ETID 24
Ann ranvèse tout rezònman ki kont konesans Bondye!
“N ap ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye.” — 2 KOR. 10:5.
KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl
SA NOU PRAL WÈa
1. Ki avètisman apot Pòl te bay kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo?
“SISPANN!” Pawòl sa a se yon avètisman apot Pòl te bay kretyen premye syèk yo. Ki sa yo te dwe sispann fè? Yo te dwe “sispann konfòme [yo] ak sistèm sa a”. (Wom. 12:2.) Sa k fè yon seri gason ak fi ki te vwe Bondye lavi yo e Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen pou al viv nan syèl te resevwa yon avètisman fèm konsa nan men Pòl? — Wom. 1:7.
2-3. Ki jan Satan eseye fè n vire do bay Jewova, men ki jan n ka derasinen bagay ki “byen anrasinen” nan panse n yo?
2 Pòl te enkyè paske sanble kèk kretyen te konn kite move rezònman oswa filozofi ki gen nan monn Satan an gen enfliyans sou yo (Efe. 4:17-19). Sa ka rive nenpòt nan nou. Satan, dye sistèm sa a, sèvi ak divès taktik pou l eseye fè nou vire do bay Jewova. Pa egzanp, si nou gen tandans pou nou vle parèt enpòtan oubyen pou moun konnen nou, l ap sèvi ak sa pou l eseye fè nou vire do bay Jewova. Li gendwa menm sèvi ak bagay nou aprann nan men moun lakay nou, nan lekòl nou ak nan men moun ki bò kote nou pou l fè nou panse menm jan avè l.
3 Èske l posib pou nou derasinen yon seri bagay ki “byen anrasinen” nan panse nou (2 Kor. 10:4)? Gade ki sa Pòl di sou sa: “Paske, n ap ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye, e n ap mete nenpòt ki lide sou kontwòl, pou nou fè l obeyi Kris.” (2 Kor. 10:5). Wi, grasa èd Jewova, nou ka rive gen kontwòl sou move rezònman yo. Menm jan gen medikaman ki ka elimine move efè pwazon gen sou moun, se konsa tou Pawòl Bondye a ka ede nou elimine move efè monn Satan an genyen.
“BAY LESPRI NOU YON LÒT DIREKSYON”
4. Ki chanjman anpil nan nou te oblije fè lè n te fèk aprann laverite?
4 Fè yon ti reflechi sou chanjman w te oblije fè lè w te fèk aprann verite ki gen nan Pawòl Bondye a ak lè w te deside sèvi Jewova. Pou anpil nan nou, sa te mande pou n sispann pratike kèk bagay ki pa bon (1 Kor. 6:9-11). Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova te ede nou kite vye pratik sa yo!
5. Ki de bagay Women 12:2 di pou nou fè?
5 Men, nou pa dwe janm panse nou pa bezwen fè okenn chanjman ankò. Menmsi anvan nou te batize nou te sispann pratike yon seri peche grav, nou toujou bezwen fè gwo efò pou nou evite kèlkeswa bagay ki ta ka fè nou retounen nan move pratik sa yo. Ki jan nou ka rive fè sa? Men sa apot Pòl di: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” (Wom. 12:2). Donk, gen de bagay pou nou fè. Premyèman, nou bezwen “sispann konfòme nou” ak monn sa a oswa sispann kite l enfliyanse nou. Dezyèmman, nou bezwen “transfòme tèt nou” lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.
6. Ki sa nou aprann nan ide ki kache dèyè pawòl Jezi te di ki nan Matye 12:43-45 yo?
6 Lè Pòl di pou nou transfòme tèt nou an, li pa vle di pou nou annik fè yon chanjman sou po. Chanjman l ap pale a se yon chanjman ki pwofon. (Gade kare ki gen tit “Transfòme oswa degize?”) Nou bezwen fè yon chanjman konplè nan lespri nou, nan fason nou wè bagay yo, nan santiman nou ak nan tandans nou. Donk, nou chak bezwen mande tèt nou: ‘Èske chanjman m fè pou m imite Kris yo se chanjman sou po, oswa m vrèman fè chanjman nan kè m ak nan lespri m?’ Se yon kesyon ki enpòtan. Nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 12:43-45, li te montre ki sa nou bezwen fè. (Li vèsè yo.) Ide ki kache dèyè pawòl sa yo atire atansyon sou yon verite enpòtan: Nou pa dwe annik elimine move panse nan lespri nou, nou bezwen ranpli lespri nou ak panse Bondye.
“RENOUVLE MANTALITE K AP DOMINE NAN NOU AN”
7. Ki jan nou ka chanje moun nou ye pa anndan an?
7 Èske l posib pou nou chanje tandans nou genyen oswa moun nou ye pa anndan an? Men repons pawòl Bondye a bay: “Nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.” (Efe. 4:23, 24). Wi, li posib pou nou chanje moun nou ye pa anndan an, men sa pa fasil. Nou bezwen fè plis pase elimine yon seri move dezi nou genyen ak move aksyon nou konn fè. Nou bezwen chanje “mantalite k ap domine nan nou an”. Sa vle di nou bezwen chanje dezi nou genyen yo, tandans nou genyen yo ak rezon nou genyen pou nou fè yon seri bagay. Sa mande pou n toujou ap fè efò.
8-9. Ki eksperyans youn nan frè nou yo te fè ki montre enpòtans pou nou chanje moun nou ye pa anndan an?
8 Ann pran egzanp yon frè ki te vyolan. Li te konn bwè e li te renmen goumen. Men, li te kite vye pratik sa yo pou l kalifye pou l batize. Sa te bay yon bèl temwayaj nan ti zòn li t ap viv la. Men yon jou swa, yon ti tan apre batèm li, li te jwenn yon eprèv sanzatann. Yon mesye ki sou te vin lakay li e mesye a te vle goumen avè l. Okòmansman, frè nou an te kontwole tèt li. Men, lè mesye a te vin ap pale non Jewova mal, frè nou an te vin tèlman fache li te pèdi metriz li. Li sot deyò l al bat mesye a. Kot pwoblèm nan ye la a? Byenke etid li te fè nan Bib la te ede l elimine tandans vyolan li te gen nan li yo, li potko kapab chanje mantalite ki t ap domine nan li an. Nou kapab di li pa t vrèman chanje moun li ye pa anndan an.
9 Men, frè nou an pa t sispann fè efò pou l chanje (Pwo. 24:16). Grasa èd ansyen yo, li te kontinye fè bon pwogrè. Li te menm kalifye pou l vin ansyen. Annapre, yon jou swa, li te fè fas ak yon pwoblèm ki sanble ak pwoblèm li te jwenn kèk ane anvan sa. Te gen yon mesye ki sou ki te vle bat youn nan ansyen yo devan Sal Wayòm nan. Ki sa frè nou an te fè? Li te rete kalm, epi avèk respè, li te rezone ak mesye ki sou a pou l kalme sitiyasyon an, e li te menm ede mesye a retounen lakay li. Sa k fè frè nou an te reyaji konsa fwa sa a? Li te chanje mantalite k ap domine nan li an. Li te transfòme nèt pou l vin tounen yon moun ki pezib, ki gen imilite, e sa te fè Jewova jwenn louwanj!
10. Ki jan n ap rive chanje moun nou ye pa anndan an?
10 Se pa yon sèl kou chanjman sa yo fèt, ni yo pap fèt poukont yo. Nou ka bezwen fè “bonjan efò” pandan plizyè ane (2 Pyè 1:5). Chanjman sa yo pap fèt jis paske nou gen lontan depi nou nan laverite. Nou bezwen fè tout sa n kapab pou n chanje moun nou ye pa anndan an. Gen yon seri etap enpòtan k ap ede nou fè chanjman sa a. Annou egzamine kèk ladan yo.
FASON POU N CHANJE MANTALITE K AP DOMINE NAN NOU AN
11. Ki jan lapriyè ka ede nou chanje mantalite k ap domine nan nou an?
11 Lapriyè se premye etap ki enpòtan. Nou bezwen fè menm priyè ak youn nan moun ki te ekri sòm yo. Men sa l te di nan yon priyè: “Fè kè m vin pwòp, o Bondye. Ban m yon lòt espri, yon espri k ap fè m fidèl.” (Sòm 51:10). Nou dwe rekonèt li nesesè pou nou chanje mantalite k ap domine nan nou an e pou nou mande Jewova pou l ede nou. Ki jan nou ka sèten Jewova ap ede nou chanje? Pwomès Jewova te fè konsènan Izrayelit ki te gen kè di nan epòk Ezekyèl la ka ankouraje nou. Men sa l te di: “M ap fè yo fè yon sèl, m ap fè yo panse yon lòt jan, [...] e m ap ba yo yon kè ki sansib [sa vle di yon kè ki dispoze fè sa Bondye di].” (Eze. 11:19, nòt). Jewova te dispoze ede Izrayelit sa yo chanje, e l ap ede nou tou.
12-13. a) Ann amoni ak Sòm 119:59, sou ki sa nou bezwen medite? b) Ki kesyon w dwe poze tèt ou?
12 Meditasyon se dezyèm etap ki enpòtan anpil. Pandan n ap fouye nan Pawòl Bondye a chak jou, nou bezwen pran tan pou n medite, oswa byen reflechi sou ki panse ak santiman nou bezwen chanje. (Li Sòm 119:59; Ebre 4:12; Jak 1:25.) Nou bezwen egzamine tèt nou pou n wè si n gen tandans kite yon seri ide ki gen nan monn nan enfliyanse nou. Onètman, nou bezwen rekonèt feblès nou genyen yo epi nou bezwen fè gwo efò pou nou konbat feblès sa yo.
13 Pa egzanp, mande tèt ou: ‘Èske m gen tras jalouzi oswa anvi nan kè m?’ (1 Pyè 2:1). ‘Èske m santi mwen pi bon pase lòt moun akoz kote m soti, edikasyon mwen resevwa, oswa kantite kòb mwen genyen?’ (Pwo. 16:5). ‘Èske m meprize moun ki pa nan menm ran sosyal avè m oswa ki pa menm ras avè m?’ (Jak 2:2-4). ‘Èske m santi sa monn Satan an ofri yo bèl nan je m?’ (1 Jan 2:15-17). ‘Èske m santi detant ki gen imoralite ak vyolans yo atire m?’ (Sòm 97:10; 101:3; Amòs 5:15). Repons kesyon sa yo ka ede nou wè ki kote nou bezwen amelyore. Lè nou rive retire yon seri rezònman “ki byen anrasinen” nan kè nou, n ap fè Papa nou ki nan syèl la plezi. — Sòm 19:14.
14. Poukisa li enpòtan anpil pou nou chwazi bon zanmi?
14 Chwazi bon zanmi se twazyèm etap ki enpòtan. Kit nou rann nou kont kit nou pa rann nou kont, moun nou chwazi kòm zanmi gen gwo enfliyans sou nou (Pwo. 13:20). Nan travay nou oswa nan lekòl nou, petèt, nou an kontak ak moun ki pap ede nou vin gen panse Bondye. Men, pi bon zanmi yo se lè n al nan reyinyon nou ka jwenn yo. Se la n ap ka jwenn moun k ap pouse nou gen “lanmou” e k ap pouse nou “fè bèl aksyon”. — Ebre 10:24, 25.
SE POU N “VIN FÈM NAN LAFWA”
15-16. Ki jan Satan eseye fè nou chanje fason nou panse?
15 Pa bliye, Satan vle chanje panse nou ak tout fòs. Li konnen verite ki nan Pawòl Bondye a gen yon bon enfliyans sou fason nou panse. Se sa k fè li sèvi ak tout kalite rezònman pou l chanje fason nou panse e pou l fè nou gen dout.
16 Satan kontinye poze menm kesyon li te poze Èv nan jaden Edenn nan: “Èske se vre Bondye di...?” (Jen. 3:1). Nan monn sa a ki anba kontwòl Satan, byen souvan, nou tande yon seri kesyon k ap simen dout nan lespri nou, tankou: ‘Èske se vre Bondye pa dakò pou moun menm sèks marye youn ak lòt? Èske se vre Bondye pa vle nou fete Nwèl ak anivèsè nesans? Èske se vre Bondye w la mande pou w pa pran san? Èske se vre yon Bondye ki gen lanmou atann pou nou koupe kontak ak moun pa nou ki eskominye?’
17. Ki sa n dwe fè lè moun poze nou kesyon sou kwayans nou pou eseye fè n gen dout, e ki rezilta Kolosyen 2:6, 7 montre nou ka jwenn?
17 Nou bezwen konvenk tèt nou sa nou kwè yo se laverite. Si nou kite yon seri kesyon enpòtan ret san repons nan lespri nou, nou ka kòmanse gen gwo dout sou sa nou kwè yo. Finalman, dout sa yo ka defòme fason nou panse e yo ka detwi lafwa nou. Ebyen, ki sa nou bezwen fè? Pawòl Bondye a di pou nou transfòme panse nou dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman “sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè”. (Wom. 12:2.) Lè nou etidye regilyèman, n ap ka verifye pèsonèlman yon seri verite nou aprann nan Bib la. N ap ka gen bonjan konviksyon prensip Jewova yo dwat. Lè sa a, menm jan ak yon pyebwa ki gen rasin li djanm, n ap byen anrasinen e n ap “vin fèm nan lafwa”. — Li Kolosyen 2:6, 7.
18. Ki sa k ap ede nou pwoteje tèt nou pou monn Satan an pa gen move enfliyans sou nou?
18 Pa gen moun ki ka fòtifye lafwa nou pou nou. Se sa k fè nou bezwen kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an. Nou bezwen priye toutan, sipliye Jewova pou l ede nou grasa lespri l. Pran tan pou nou medite, kontinye egzamine panse nou ak sa ki pouse n aji. Chèche bon zanmi, chèche zanmi k ap ede n transfòme tèt nou. Lè nou fè sa, n ap rive pwoteje tèt nou pou monn Satan an pa gen move enfliyans sou nou, e n ap ka “ranvèse rezònman ak tout obstak ki kanpe kont konesans Bondye”. — 2 Kor. 10:5.
KANTIK 50 Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m
a Gen yon seri bagay ki ka gen bon enfliyans oswa move enfliyans sou panse nou, tankou eksperyans nou fè, kote nou soti ak edikasyon nou te resevwa. Nou gendwa wè gen yon seri move mantalite nou genyen ki byen fon nan pèsonalite nou. Atik sa a pral montre nou fason nou ka gen kontwòl sou nenpòt move tandans nou ta ka vin genyen.