KANTIK 50
Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m
Édition imprimée
1. Men kè mwen, pran li souple,
Pou’m renmen laverite.
Pran vwa mwen pou’l ka ba’w glwa,
Pou’l chante pou ou ki Wa.
2. Pran pye mwen, e pran men’m tou,
Pou yo ka sèvi’w chak jou.
Pran lajan’m ak byen’m genyen,
Mwen ba’w yo ak tout kè mwen.
3. Pran lavi’m, pran mwen tanpri,
Pou’m ka viv ann amoni
Ak sa’w vle, san’m pa devye,
E pou’m fè’w plezi, Bondye.
(Gade tou Sòm 40:8; Jan 8:29; 2 Kor. 10:5.)