BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 oktòb p. 20-25
  • Ki sa Jewova ap fè w vin tounen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Jewova ap fè w vin tounen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON JEWOVA BAN NOU SA NOU BEZWEN
  • SA YON SERI GASON TE RIVE FÈ
  • SA YON SERI FI TE RIVE FÈ
  • KITE JEWOVA SÈVI AVÈ W
  • Li te aji ak bon konprann
    Annou imite lafwa yo
  • Abigayil ak David
    Liv istwa biblik mwen an
  • Èske w wè l nesesè pou w fè pwogrè espirityèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “Mwen swete li beni w poutèt ou gen bonsans!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 oktòb p. 20-25

ATIK ETID 42

Ki sa Jewova ap fè w vin tounen?

“Bondye [...] fòtifye nou [...], li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” — FLP. 2:13.

KANTIK 104 Bondye ban nou lespri sen kòm kado

SA NOU PRAL WÈa

1. Ki sa Jewova kapab fè pou l reyalize objektif li?

JEWOVA kapab vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou l reyalize objektif li. Pa egzanp Jewova vin tounen yon Pwofesè, yon Konsolatè, yon Moun k ap preche bon nouvèl, pou n site sa yo sèlman (Eza. 48:17; 2 Kor. 7:6; Gal. 3:8). Aktout sa, byen souvan li sèvi ak moun pou l reyalize objektif li (Mat. 24:14; 28:19, 20; 2 Kor. 1:3, 4). Epitou, Jewova ka bay nenpòt nan nou sajès ak fòs nou bezwen pou nou vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou akonpli volonte l. Tout sa gen rapò ak siyifikasyon non Jewova, jan anpil biblis fè konn sa.

2. a) Poukisa pafwa nou ka pa fin kwè Jewova ap sèvi avè n? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Nou tout ta renmen itil Jewova, men gen kèk moun ki pa fin kwè Jewova ap sèvi avè yo. Sa k fè sa? Paske yo santi yo pa ka fè tout sa yo ta renmen fè akoz laj yo, sitiyasyon yo oswa kapasite yo. Yon lòt bò gen moun ki ka santi sa y ap fè a ase e yo pa wè li nesesè pou yo fè plis. Nan atik sa a, nou pral egzamine fason Jewova ka bay nenpòt nan nou sa nou bezwen pou reyalize objektif li. Apre sa, nou pral egzamine istwa nan Bib la ki montre fason Jewova te bay sèvitè l yo, gason kou fi, volonte ak fòs pou yo aji. Finalman, nou pral egzamine fason nou ka kite Jewova sèvi avè n.

FASON JEWOVA BAN NOU SA NOU BEZWEN

3. Selon sa ki di nan Filipyen 2:13, ki jan Jewova ka ban n volonte pou nou aji?

3 Li Filipyen 2:13b. Jewova ka ban nou volonte pou nou aji. Ki jan l ka fè sa? Petèt nou aprann gen yon bezwen nan kongregasyon an. Oswa, ansyen yo li yon lèt filyal la voye ki fè nou konnen gen yon bezwen nan yon lòt tèritwa. Nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan m ka bay èd mwen?’ Oubyen, yo ka ban nou yon asiyasyon ki difisil, men n ap mande tèt nou si n ap kapab fè l byen. Oswa, apre nou fin li yon pati nan Pawòl Bondye a, nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan m ka sèvi ak sa m sot li nan Bib la pou m ede lòt moun?’ Jewova pap fòse nou fè anyen. Men, lè l wè n ap reflechi pou n wè sa n ka fè, l ap ban nou volonte pou nou aji.

4. Ki jan Jewova ka ban nou fòs pou nou aji?

4 Jewova ka ban nou fòs tou pou nou aji (Eza. 40:29). Li ka ogmante kapasite natirèl nou genyen pa mwayen lespri sen (Egz. 35:30-35). Jewova ka sèvi ak òganizasyon l lan pou l anseye nou fason pou nou fè yon seri travay. Si w pa konn ki jan pou w fè yon travay yo ba w fè, mande èd. Epitou, santi w alèz pou w mande Papa nou an ki nan syèl la, ki donan, pou l ba ou “pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7; Lik 11:13.) Labib gen yon pakèt egzanp sou fason Jewova te fòme yon seri gason ak fi lè l te ba yo volonte ak fòs pou yo aji. Pandan n ap egzamine kèk nan istwa sa yo, ann eseye reflechi sou fason Jewova ka sèvi avè n menm jan an.

SA YON SERI GASON TE RIVE FÈ

5. Ki sa nou ka aprann nan fason Jewova te sèvi ak Moyiz pou l delivre pèp Li a ak moman li te fè sa?

5 Jewova te fè Moyiz delivre Izrayelit yo. Men, ki lè Jewova te sèvi ak Moyiz? Èske se lè Moyiz te santi l pare apre l te fin “jwenn fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn”? (Tra. 7:22-25.) Non, Jewova te sèvi ak Moyiz apre l te fin fòme l pou l fè l vin yon moun ki gen imilite e ki dou (Tra. 7:30, 34-36). Jewova te bay Moyiz kouraj pou l kanpe devan chèf ki gen plis pouvwa nan peyi Ejip la (Egz. 9:13-19). Ki sa nou aprann nan fason Jewova te sèvi ak Moyiz ak moman li te fè sa? Nou aprann Jewova sèvi ak moun ki chèche imite kalite l yo e ki konte sou li pou yo jwenn fòs. — Flp. 4:13.

6. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te sèvi ak Bazilayi pou l ede wa David?

6 Plizyè syèk annapre, Jewova te sèvi ak Bazilayi pou bay wa David sa l te gen bezwen. David ak moun ki te avè l yo te “grangou, yo [te] fatige e yo [te] swaf” pandan yo t ap kouri pou Absalon, pitit gason David. Bazilayi, ki te granmoun anpil lè sa a, te riske lavi l ansanm ak yon seri lòt moun pou yo bay David ak moun ki te avè l yo sa yo te gen bezwen. Bazilayi pa t di piske l granmoun anpil, li pa t itil Jewova anyen ankò. Okontrè, li te montre l donan lè l te sèvi ak sa l te genyen pou l ede sèvitè Bondye a ki te nan bezwen (2 Sam. 17:27-29). Ki leson nou aprann nan sa? Kèlkeswa laj nou, Jewova ka sèvi avè n pou ede kwayan parèy nou yo ki nan bezwen, kit se nan peyi nou, kit se nan yon lòt peyi (Pwo. 3:27, 28; 19:17). Menmsi nou pa ka ede yo dirèkteman, nou ka fè ofrann pou travay mondyal la yon fason pou gen kòb ki disponib pou pote frè ak sè n yo sekou nan moman sa nesesè ak kote yo bezwen sa. — 2 Kor. 8:14, 15; 9:11.

7. Ki jan Jewova te sèvi ak Simeyon, e ki jan sa ka ankouraje nou lefètke nou konn sa?

7 Jewova te pwomèt Simeyon, yon granmoun nan Jerizalèm ki te fidèl, li pap mouri san l pa wè Mesi a. Pwomès sa a dwe te ankouraje Simeyon anpil piske li te gen plizyè ane depi l t ap tann Mesi a. Li te jwenn rekonpans paske l te gen lafwa ak andirans. Yon jou, “lespri a [te] pouse” l vin nan tanp lan. Pandan Simeyon la, li wè Jezi ki te yon tibebe, e Jewova te sèvi ak Simeyon pou l bay yon pwofesi konsènan timoun sa a ki t ap vin Kris la (Lik 2:25-35). Byenke petèt Simeyon te gentan mouri anvan Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a, Simeyon te gen rekonesans pou privilèj li te genyen an, e gen pi bon bagay ki rezève pou li! Nan monn nouvo a, mesye sa a ki te fidèl pral wè fason gouvènman Jezi a pral pote benediksyon pou tout fanmi sou tè a (Jen. 22:18). Nou menm tou, nou ka gen rekonesans pou kèlkeswa privilèj Jewova ban nou nan sèvis li.

8. Ki jan Jewova ka sèvi avè n menm jan li te sèvi ak Banabas?

8 Nan premye syèk epòk nou an, gen yon mesye ki donan ki te rele Jozèf ki te dispoze kite Jewova sèvi avè l (Tra. 4:36, 37). Apot yo te rele l Banabas, ki vle di “Pitit konsolasyon”, petèt paske l te fò nan konsole moun. Pa egzanp, apre Sòl te vin yon kwayan, anpil nan frè yo te pè pwoche kote l paske yo te konnen l kòm moun ki te konn pèsekite kongregasyon yo. Men, Banabas ki te gen bon kè te ede Sòl, e se sèten Sòl te apresye sa anpil (Tra. 9:21, 26-28). Annapre, ansyen nan Jerizalèm yo te wè li nesesè pou yo ankouraje frè ki t ap viv Antyòch ki nan Siri a ki te byen lwen. Ki moun yo te voye? Banabas! E yo te byen chwazi. Nou te aprann Banabas te “kòmanse ankouraje yo tout pou yo rete nan sèvis Seyè a ak tout kè yo”. (Tra. 11:22-24.) Menm jan an tou jodi a, Jewova kapab ede nou tounen yon “pitit konsolasyon” pou kretyen parèy nou. Pa egzanp, li ka sèvi avè nou pou konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri. Oubyen, li ka pouse nou al vizite oswa telefone yon moun ki malad oswa ki dekouraje yon fason pou nou di l kèk pawòl ankourajan. Èske w ap kite Jewova sèvi avè w menm jan li te sèvi ak Banabas? — 1 Tes. 5:14.

9. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te ede yon frè ki rele Vasily pou l vin yon bon bèje nan domèn espirityèl?

9 Jewova te ede yon frè ki rele Vasily pou l vin yon bon bèje nan domèn espirityèl. Lè Vasily te vin ansyen, li te gen 26 an. Li te pè pou l pa t kalifye pou ede kongregasyon an nan domèn espirityèl, sitou moun ki nan sitiyasyon ki difisil. Men, li te resevwa bonjan fòmasyon nan men ansyen ki gen eksperyans ak lè l te asiste Lekòl ministè Wayòm. Vasily te fè anpil efò. Pa egzanp, li te fè yon lis ki gen ladan l yon seri ti objektif li ta renmen reyalize. Tank li t ap reyalize yo se tank li te vin gen plis konfyans nan tèt li. Men sa l di kounye a: “Sa k te konn fè m pè lontan yo fè m gen anpil kè kontan kounye a. Lè Jewova ede m jwenn bon vèsè pou m konsole yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an, sa fè m kontan anpil.” Nou menm frè, si nou mete nou disponib menm jan ak Vasily pou Jewova sèvi avè n, Jewova ka ban nou kapasite pou nou fè plis nan kongregasyon an.

SA YON SERI FI TE RIVE FÈ

10. Ki sa Abigayil te fè e ki leson w aprann nan egzanp li?

10 David ak mesye ki te ansanm avè l yo te bezwen èd paske wa Sayil t ap kouri dèyè yo. Mesye David yo te mande yon Izrayelit ki te rich ki te rele Nabal pou l ba yo yon ti manje, nenpòt sa l genyen. Yo te santi yo alèz pou yo te mande Nabal yon bagay paske yo te konn pwoteje mouton l yo nan dezè a. Men, Nabal ki te egoyis pa t vle ba yo anyen. David te vin fache anpil e l te gen entansyon touye Nabal ak tout gason ki gen lakay li (1 Sam. 25:3-13, 22). Men, Abigayil, madanm Nabal, se yon moun ki te gen bon konprann e ki te bèl. Li te met anpil kouraj sou li, li te lage kò l nan pye David e li te sipliye David pou l pa tire revanj, sa ki t ap fè l responsab san moun. Avèk jantiyès, li te mande David pou l kite bagay yo nan men Jewova. Pawòl Abigayil te di yo, ki te montre l gen imilite, ak fason l te aji avèk entèlijans te touche kè David. Se sa k fè David te gen rezon di se Jewova ki voye Abigayil (1 Sam. 25:23-28, 32-34). Abigayil te gen yon seri kalite ki te fè Jewova sèvi avè l. Menm jan an tou, Jewova ka sèvi ak sè yo ki chèche gen ladrès ak bon konprann pou fòtifye fanmi yo ak lòt moun nan kongregasyon an. — Pwo. 24:3; Tit 2:3-5.

11. Ki sa pitit fi Chaloum yo te fè, e ki moun jodi a ki suiv egzanp yo?

11 Plizyè syèk annapre, pitit fi Chaloum yo te pami moun Jewova te itilize pou repare miray Jerizalèm yo (Ney. 2:20; 3:12). Byenke Chaloum, papa yo, se te yon prens, pitit fi Chaloum yo te dispoze fè yon travay ki difisil e ki gen danje ladan l (Ney. 4:15-18). Se pa t menm bagay ditou ak mesye ki te moun Tekowa yo, yon seri mesye enpòtan, ki “pa t vle desann tèt yo pou yo patisipe” nan travay la (Ney. 3:5). Eseye imajine jan pitit fi Chaloum yo te kontan lè konstriksyon an te fini nèt nan 52 jou sèlman (Ney. 6:15)! Jodi a, sè ki ofri tèt yo kòm volontè yo byen kontan ede nan yon fòm sèvis espesyal ki se konstriksyon ak antretyen lokal yo dedye pou Jewova yo. Ladrès yo genyen, fason yo chofe pou yo fè travay la ak fidelite yo enpòtan anpil pou travay la byen fèt.

12. Ki jan Jewova ka sèvi avè n menm jan li te sèvi ak Tabita?

12 Jewova te ede Tabita pou l fè anpil “bèl aksyon, e [pou l] ede moun ki nan nesesite yo”. (Tra. 9:36.) Piske li te donan anpil e li te yon bon moun, anpil moun te nan lapenn lè l te mouri. Men, yo te kontan anpil lè apot Pyè te resisite l (Tra. 9:39-41). Ki leson nou aprann nan egzanp Tabita? Kit nou jèn kit nou granmoun, kit nou se gason kit nou se fi, nou tout ka fè yon seri bagay pou n ede frè n ak sè n yo. — Ebre 13:16.

13. Ki jan Jewova te sèvi ak yon sè ki timid ki rele Ruth, e ki sa Ruth te di finalman?

13 Gen yon sè ki timid ki rele Ruth ki te vle vin misyonè. Lè l te timoun, li te konn sot nan yon kay al nan yon lòt byen vit pou l distribye feyè. Men sa l di: “M te renmen travay sa a anpil.” Epoutan, sa te difisil anpil pou li pou l pale ak moun li te rankontre yo konsènan Wayòm Bondye a. Malgre Ruth te timid, lè l te gen 18 an, li te vin pyonye pèmanan. An 1946, li t al Lekòl Galaad e annapre li t al sèvi Awayi ak nan peyi Japon. Jewova te sèvi avè l yon fason estrawòdinè pou l simaye bon nouvèl la nan peyi sa yo. Apre Ruth te pase prèske 80 an ap preche, men sa l te di finalman: “Jewova te vin yon èd ki ban m fòs. Li te ede m konbat timidite m genyen. Mwen kwè ak tout fòs Jewova ka sèvi ak nenpòt moun ki met konfyans yo nan li.”

KITE JEWOVA SÈVI AVÈ W

14. Selon Kolosyen 1:29, ki sa nou dwe fè si nou vle Jewova sèvi avè n?

14 Depi toutan, Jewova te toujou itilize sèvitè l yo divès fason. Ki sa l ap fè w vin tounen? Sa pral depann anpil de fason w ap dispoze fè efò. (Li Kolosyen 1:29.) Si w mete w disponib, Jewova ka fè w vin tounen yon moun ki zele nan travay predikasyon an, yon anseyan ki efikas, yon bon konsolatè, yon moun ki konn travay byen oswa yon bon zanmi oubyen nenpòt lòt bagay li vle w tounen pou l akonpli volonte l.

JEWOVA AP BAN NOU “VOLONTE [AK] FÒS POU NOU AJI” — FILIPYEN 2:13

Yon seri kretyen ki pa gen menm laj e ki pa gen menm nasyonalite ki mete yo disponib pou yo preche, pou yo anseye, e pou yo patisipe nan konstriksyon.

Si w mete w disponib, Jewova ka fè w vin tounen yon moun ki zele nan travay predikasyon an, yon anseyan ki efikas, yon bon konsolatè, yon moun ki konn travay byen oswa yon bon zanmi oubyen nenpòt lòt bagay li vle w tounen pou l akonpli volonte l. (Gade paragraf 14-16.)

15. Jan sa parèt nan 1 Timote 4:12, 15, ki sa jèn frè yo jodi a dwe sipliye Jewova pou l ede yo fè?

15 E nou menm jèn frè ki prèske vin gran yo? Yo vrèman bezwen gason ki gen fòs pou fè yon seri travay antanke sèvitè ministeryèl. Nan anpil kongregasyon, gen plis ansyen pase sèvitè ministeryèl. Nou menm jèn frè, èske kèk nan nou ta renmen fè efò pou nou gen plis responsablite nan kongregasyon an? Pafwa gen kèk frè ki di: “Mwen kontan annik sèvi kòm yon pwoklamatè.” Si se konsa w santi w, sipliye Jewova pou l ede w gen volonte pou w kalifye antanke sèvitè ministeryèl e pou l ba w fòs pou w fè tout sa w kapab pou w sèvi l ak tout kè w (Ekl. 12:1). Nou bezwen èd ou! — Li 1 Timote 4:12, 15.

16. Ki sa nou dwe mande Jewova e poukisa?

16 Jewova ka fè w vin tounen nenpòt sa l vle pou l akonpli volonte l. Se poutèt sa ou bezwen mande l pou l ba w volonte pou w fè travay li a, epi mande l pou l ba w fòs ou bezwen. Kit ou jèn, kit ou granmoun, sèvi ak tan w, fòs ou ak sa w posede pou w onore Jewova kounye a (Ekl. 9:10). Pa janm kite laperèz oswa santiman kòmkwa w pa konpetan fè w rate yon seri bèl okazyon w jwenn pou w fè tout sa w kapab nan sèvis Jewova a. Se pa ti privilèj nou tout genyen pou nou patisipe menmsi se toupiti nan bay Papa nou ki renmen nou an onè li merite!

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki jan Jewova ban nou sa nou bezwen pou nou sèvi l?

  • Egzanp ki moun ou wè nan atik sa a ki plis touche w, e poukisa?

  • Ki sa yo ankouraje jèn frè yo pou yo vle fè?

KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a

a Èske w santi w pa ka fè anpil nan sèvis Jewova? Èske w mande tèt ou si w toujou itil Jewova? Oswa èske w santi l pa nesesè pou w fè plis pou w ka sèvi Jewova kèlkeswa jan l vle a? Atik sa a pral egzamine divès fason Jewova ka ba w volonte ak fòs pou w vin tounen kèlkeswa sa k nesesè pou w reyalize objektif li.

b Menm lè Pòl te ekri lèt li a pou kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, an prensip, pawòl li yo konsène tout sèvitè Jewova yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje