BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/98 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Kouman pou nou jwenn plis jwa nan reyinyon yo
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1998
km 4/98 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Ki sa nou ka fè pou amelyore kalite reyinyon nou yo, pou yo ka vin pi efikas ?

Kèk moun ka gen tandans panse se sèl ansyen ak asistan ministeryèl ki reskonsab pou fè reyinyon yo byen dewoule. Yo ka panse kon sa, paske se yo ki dirije reyinyon yo, e se yo ki kondui yon bon valè nan sa k ap fèt nan yo. Men an reyalite, se nou tout ki pou kontribye, pèsonèlman, pou reyinyon nou yo ka enteresan e pwofitab. Men dis fason ki ka ede nou amelyore kalite reyinyon nou yo, pou yo pi efikas :

Nou prepare yo davans. Lè nou byen prepare, reyinyon yo kapte atansyon nou. Lè se tout moun ki fè sa, reyinyon yo vin pi vivan, pi fòtifyan Nou toujou la. Lè gen anpil moun nan reyinyon, sa plis ankourajan pou nou chak ki la, paske sa fè nou pi byen konprann enpòtans pou nou asiste. Nou rive a lè. Si nou gen tan chita anvan pwogram nan kòmanse, sa pèmèt nou patisipe nan kantik ki chante ak priyè ki fèt. Kon sa, nou pwofite reyinyon an nan bon timamit. Nou pote tou sa nou bezwen. Paske nou pote Bib nou ansanm ak piblikasyon n ap bezwen pou reyinyon an, nou gen posibilite suiv sa k ap fèt la, e sa pèmèt nou pi byen konprann sa k ap diskite a. Nou pa kite anyen distrè nou. Nou tande pi byen lè nou chita devan. Ni nou menm, ni lòt moun pap ka rive konsantre, si gen chwichwichwi, e si gen monte desann nan watè klozèt. Nou patisipe. Lè anpil moun leve men, e yo fè kòmantè, pi plis moun jwenn ankourajman nan deklarasyon lafwa yo tande. Nou pa fè kòmantè long. Sa bay pi plis moun posiblite patisipe. E kòmantè nou yo, kòmantè kout nou yo, ta dwe rete nan kad sijè y ap etidye a. Nou respekte asiyasyon nou jwenn. Kit nou se elèv nan Lekòl Teyokratik, kit nou se patisipan nan Reyinyon Sèvis, nou fèt pou nou byen prepare, pou nou repete alavans, e nou pa fèt pou eseye anile asiyasyon nou genyen an. Nou felisite moun ki te gen patisipasyon. Annou di lòt moun ki jan nou apresye efò yo fè. Sa ankouraje yo, e sa menm motive yo pou yo fè pi byen demen. Nou ankouraje youn lòt. Yon bèl salitasyon ansanm ak konvèsasyon ki fòtifyan, anvan reyinyon e aprè reyinyon, ajoute sou plezi ak pwofi nou jwenn nan asiste reyinyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje