Ann transmèt esperans lavi etènèl la bay lòt moun
1 Malgre lòm ap chache mwayen, depi lontan, pou l ralanti kous vyeyès la e pou l pwolonje lavi l, jis jodi a toujou, moun pa kapab evite vyeyès ak lanmò. Ala rekonesan nou rekonesan dèske Bib la esplike pou ki sa lòm vyeyi e pou ki sa lòm mouri ! Nou rekonesan tou paske li esplike kouman dega vyeyès la fè pral repare, e kouman lanmò pral elimine. Nou jwenn verite sa yo nan liv “ La connaissance qui mène à la vie éternelle ” la, e yo prezante yon fason pou konvenk moun. Liv sa a bay repons klè pou tout kesyon ki bay bwouyay moun konn poze konsènan lavi ak lanmò. Li transpòte moun ki ap li a nan epòk Paradi a pral retabli a.
2 Pou mwa mas la, n ap ofri liv “ Connaissance ” lan avèk objektif pou nou kòmanse etid biblik ak moun yo lakay yo (Matye 28:19, 20). Apre sa, n ap retounen wè tout moun ki bay siy yo pote enterè pou mesaj wayòm nan. Se kon sa n ap rive transmèt esperans lavi etènèl la bay lòt moun (Tit 1:2). Pou nou reyisi fè sa, sijesyon annapre yo ka petèt itil nou.
3 Nan premye rankont lan, nou ta ka poze kesyon sa a :
◼ “ Èske sa deja rive ou mande w pou ki sa lòm ta renmen viv pi lontan? [Nou kite moun nan reponn.] Keseswa batis, katolik, nazareyen, pannkotis, oswa lòt ankò, yo tout yo gen espwa viv apre yo fin mouri. ” N ap ouvri liv “ Connaissance ” lan nan chapit 6, “ Pourquoi vieillissons-nous et mourons-nous ? ”, e n ap li paragraf 3 a. N ap fè yon ti pale ak moun nan sou vèsè yo mansyone yo. N ap reprann de kesyon yo poze nan finisman paragraf la, e n ap mande moun nan si li ta renmen konnen repons yo. Si l di wi, n ap egzamine paragraf ki vin annapre yo. Yon etid tou gen tan kòmanse ! Si l pa enterese, n ap ofri l liv la pou 12 goud, pou li ka li l, e n ap pran dispozisyon pou nou retounen egzamine repons yo ak li. Li pi bon pou nou retounen youn oswa de jou apre.
4 Nan ka se yon moun ki te asepte liv “ Connaissance ” lan, nou ta ka di :
◼ “ Mwen retounen pou nou egzamine de kesyon nou te poze yo. ” N ap raple moun nan ki kesyon yo ye. Lè nou fini n ap egzamine paragraf ki nan soutit “ Un sinistre complot ”, nou jwenn nan chapit 6 la. Tou depan de sikonstans yo, n ap kontinye etid la oswa n ap poze baz pou yon lòt vizit. Pou nou fè sa, n ap poze kesyon nou jwenn nan finisman paragraf 7 la. N ap pran yon randevou fiks ak moun nan. N ap remèt li yon fèy envitasyon (si nou genyen), e rapid rapid, n ap esplike li ki jan reyinyon kongregasyon an dewoule. N ap envite li, ak anpil anpil chalè, pou li vin asiste.
5 Kit n ap preche kay an kay, kit n ap fè temwayaj enfòmèl, men ki jan nou ka kòmanse yon konvèsasyon :
◼ “ Sa poko rive ou mande w ki avni ki rezève pou nou menm ak tè a ? [N ap kite moun nan reponn.] Bib la esplike ki jan avni an ap ye nan yon sèl mo: Paradi ! Li di o kòmansman Bondye te fè yon bout nan tè a tounen yon bèl bèl paradi. Se ladan l li te mete premye koup marye li te kreye a. De moun sa yo te gen pou yo peple tout tè a e pou yo transfòme l, tikras pa tikras, pou l te vin yon paradi. Gade ki jan Bib la rakonte sa. ” [N ap li Jenèz 1:28.] N ap ouvri liv “ Connaissance ” lan nan paj 8 e n ap li paragraf 9 nan soutit “ La vie dans le Paradis ”. Apre sa, n ap li Izayi 55:10, 11 epi n ap esplike ide ki nan paragraf 10 la. Annapre, n ap ofri moun nan pou nou vin montre l ki jan lavi nan Paradi retabli a pral ye, tankou sa esplike nan paragraf 11-16. Oubyen tou, nou ka ankouraje l pou l li yo. N ap pran randevou pou nou retounen vin egzamine paragraf sa yo.
6 Si pa t gen etid kòmanse nan premye rankont lan, nou ka eseye kòmanse youn lè nouvèl vizit la. Men sa nou ka di :
◼ “ Nan dènye konvèsasyon nou an, nou te di Bondye gen pwogram pou li transfòme tout tè a pou fè l vin yon paradi. Men gen yon kesyon ki ka vin nan tèt nou: Ak ki sa Paradi a ap sanble?” N ap ouvri liv “Connaissance ” lan nan chapit 1, e n ap etidye paragraf 11-16 (selon tan moun nan genyen), nan soutit “ La vie dans le Paradis rétabli ”. Apre sa, n ap montre imaj ki nan paj 4-5 lan, e n ap mande moun nan si li pa ta renmen viv nan yon bèl anbyans kon sa. Lè nou fini, n ap li premye fraz paragraf 17 nan paj 10 la. Si gen tan, n ap kontinye etid la. Si pa gen tan, n ap di li nan pwochen vizit la nou va esplike kondisyon moun dwe ranpli pou yo viv nan Paradi ki gen pou retabli a. N ap kite yon fèy envitasyon (si nou genyen). N ap esplike pwogram reyinyon nou yo, e n ap envite moun nan, ak anpil anpil chalè, pou l vini nan Sal di Wayòm.
7 Liv “ Connaissance ” lan se yon gwo gwo zouti pou fè moun konnen Bondye pwomèt “ lavi etènèl ”. Se lè nou dirije etid biblik ak moun yo, n ap kapab transmèt yo esperans estwòdinè Bondye enspire a, yon Bondye “ ki pa ka bay manti ”.