Fason pou nou kòmanse etid biblik ak moun nou te bay peryodik
1. Ki objektif nou genyen lè nou kite peryodik nan men moun yo ?
1 Jou samdi, jeneralman se Toudegad ak Réveillez-vous ! nou ofri moun yo nan ministè a. Men, sa se sèlman yon premye pa ki kapab ede nou atenn objektif nou genyen pou nou anseye moun ki gen kè sensè yo laverite. N ap jwenn kèk sijesyon pi ba a sou fason pou nou bay moun yo liv Sa Labib anseye a lè nou retounen fè yon nouvèl vizit e sou fason pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a. Nou ka adapte sijesyon sa yo selon tèritwa nou e nou ka di yo nan pwòp mo pa nou. Nou mèt santi nou alèz pou nou sèvi ak lòt metòd si nou twouve yo efikas.
2. Ki jan nou ka sèvi ak paj entwodiksyon liv Sa Labib anseye a pou nou kòmanse yon etid biblik ?
2 Sèvi ak paj entwodiksyon yo : Men yon metòd nou ta ka itilize lè nou retounen vizite yon moun. Nou ka di : “ Peryodik mwen te kite pou ou a atire atansyon sou Labib. Gade ki rezon ki fè li enpòtan anpil pou nou li Labib. ” Li Izayi 48:17, 18 ; Jan 17:3 oswa li yon lòt vèsè ki apwopriye. Apre w fin prezante moun nan liv Sa Labib anseye a, e ou ba l youn, ou ka di :
◼ “ Bib la ban nou yon bonjan esperans pou lavni. ” Montre moun nan paj 4-5 nan liv la epi mande l : “ Kiyès nan pwomès sa yo ou ta renmen wè ki reyalize ? ” Ale nan chapit ki pale sou pwomès li chwazi a, epi pran yon ti tan tou kout pou w egzamine youn oswa de paragraf avè l si li dispoze.
◼ Oubyen ou ka di : “ Bib la reponn kesyon ki pi enpòtan nan lavi a .” Atire atansyon moun nan sou youn nan kesyon ki pa anba nan paj 6 la, epi mande l si l pa janm poze tèt li youn nan kesyon sa yo. Ale nan chapit ki reponn kesyon li chwazi a, epi pran yon ti tan tou kout pou w egzamine youn oswa de paragraf avè l.
◼ Oswa ou kapab atire atansyon moun nan sou kèk nan tit ki nan lis chapit yo, epi mande l kiyès ladan yo ki enterese l. Apre sa, al nan chapit la epi pran yon ti tan tou kout pou w montre l ki jan yon etid biblik fèt.
3. Ki jan nou kapab kòmanse yon etid biblik apre nou te fin kite yon peryodik ki pale sou a) sitiyasyon monn nan k ap vin pi mal ? b) fanmi ? c) Bib la antanke yon liv ki diy de konfyans ?
3 Soulve yon kesyon nan premye vizit la : Yon lòt metòd nou ka itilize se poze baz pou nouvèl vizit la depi premye fwa nou rankontre moun nan. Apre moun nan fin aksepte peryodik la, soulve yon kesyon epi pwomèt li w ap reponn kesyon sa a lè w retounen vizite l. Bat pou w pran yon randevou presi, e fè tout sa w kapab pou w respekte randevou sa a (Mat. 5:37). Lè w retounen, fè moun nan sonje kesyon an epi pran yon ti tan tou kout pou w egzamine repons liv Sa Labib anseye a bay pou kesyon an. Bay moun nan yon liv pou l ka suiv. Men kèk egzanp :
◼ Si peryodik ou bay moun nan pale sou sitiyasyon monn nan k ap vin pi mal, ou ka di : “ Pwochèn fwa a nou kapab egzamine repons Bib la bay sou kesyon sa a : Ki chanjman Bondye pral pote sou tè a ? ” Itilize paj 4-5 lè w retounen. Oswa ou kapab soulve kesyon sa a : “ Èske se volonte Bondye lè yon malè rive ? ” Nan nouvèl vizit la, montre moun nan paragraf 7-8 nan chapit 1 an.
◼ Si peryodik ou bay moun nan pale sou fanmi, anvan w ale ou ka soulve kesyon sa a : “ Ki sa chak moun ki nan yon fanmi ka fè pou yo rann lavi fanmi an pi agreyab ? ” Lè w retounen, egzamine paragraf 4 nan chapit 14 la.
◼ Si peryodik ou bay moun nan pale sou Labib antanke yon liv ki diy de konfyans, ou ka soulve kesyon sa a pou w egzamine nan pwochen vizit la : “ Èske Bib la egzak nan domèn syantifik ? ” Nan pwochen vizit la, egzamine paragraf 8 nan chapit 2 a.
4. Ki sa nou ta dwe fè si moun nan pa aksepte liv Sa Labib anseye a ?
4 Nan fen chak konvèsasyon, soulve yon lòt kesyon pou w reponn nan pwochen vizit la. Yonfwa yon etid regilye fin etabli, egzamine liv la nòmalman depi nan kòmansman an rive jis nan fen an. E si moun nan pa aksepte liv Sa Labib anseye a ? Ou ka toujou kontinye pote peryodik pou li e ou ka toujou kontinye pale de Labib avè l. Ofiramezi w ap kiltive enterè moun nan manifeste a, avèk letan li ka vin aksepte yon etid biblik.
5. Poukisa nou dwe fè efò pou nou fè plis pase annik kite peryodik pou moun yo ?
5 Toudegad ak Revéillez-vous ! kapab pouse yon moun pou l chèche konnen sa Labib anseye toutbonvre. Kidonk, annou fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik ak moun ki aksepte peryodik sa yo. Si nou fè sa, n ap obeyi enstriksyon Jezi bay la ki di “ pou nou fè disip [...], pou nou anseye yo ”. — Mat. 28:19, 20.