Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou n montre fason nou fè yon etid biblik
Rezon ki fè sa enpòtan: Anpil moun gendwa pa konprann sa nou vle di lè n di yo nou ofri yo yon etid biblik gratis lakay yo. Yo ka panse pou yo fè etid la yo dwe fè pati yon gwoup oswa yo dwe pran yon kou pa korespondans. Olye nou jis ofri yo yon etid, poukisa nou pa montre yo fason nou fè yon etid? Menmsi se nan papòt kay la, nan sèlman kèk minit, nou ka montre moun nan jan sa fasil pou l etidye Labib e jan se yon bèl eksperyans sa ye.
Eseye sa a pandan mwa a:
Priye Jewova pou l beni efò w fè pou w kòmanse yon etid biblik. — Flp. 2:13.
Pandan w ap patisipe nan ministè a, sèvi ak liv Sa Labib anseye a oubyen ak videyo Ki jan yo fè yon etid biblik? la pou w montre omwen yon moun fason nou fè yon etid biblik.