Èske nou montre moun nou fèk rankontre a fason nou kondui etid biblik?
Lè nou ofri moun nou rankontre yo etid biblik, gen kèk ladan yo ki di yo pa enterese oubyen yo di yo fè etid biblik nan legliz yo. Piske yo pa konnen etid nou ofri yo a pa menm ak sa yo fè nan lòt relijyon yo, yo pa konnen jan sa ka itil yo e jan sa ka agreyab pou yo. Se sa k fè, olye nou annik ofri moun nou fèk rankontre a yon etid biblik, poukisa nou pa pran kèk minit pou nou montre l fason nou kondui yon etid? Ann pran yon egzanp pou nou montre sa: Nou pap annik di yon moun nou konn fè manje byen, epi nou pwomèt li n ap tounen pote yon plat manje pou li. Okontrè, san pèdi tan, se pou nou tou ba l goute nan manje nou gen la a! Men kòman nou ka montre yon moun jan nou fè yon etid nan kèk minit sèlman. N ap sèvi ak sijesyon ki nan Ministè Wayòm janvye 2006 la, paj 6.
“Èske w panse yon lè pawòl sa yo ap reyalize? [Li Izayi 33:24, epi kite moun nan reponn.] Kite m montre w yon bagay enteresan sou sijè sa a.” Bay moun nan liv Sa Labib anseye a, epi montre l paragraf 22 ki nan paj 36 la. Li kesyon yo poze sou paragraf la, epi mande moun nan pou l chèche repons lan pandan w ap li paragraf la. Apre sa, poze moun nan kesyon an ankò, epi koute repons l ap bay. Li yon lòt vèsè nan sa yo bay kòm referans yo. Poze yon kesyon pou nou reponn nan pwochen vizit la, epi pran yon randevou presi ak moun nan. Konsa, nou tou kòmanse yon etid biblik!