Nan mwa novanm, n ap ofri yon nimewo Réveillez-vous ! espesyal
1 Anpil moun ki sensè ap poze tèt yo yon seri kesyon konsènan itilite Bib la. Yo konn di : Si se lèzòm ki ekri Bib la, kòman yo fè rele l Pawòl Bondye ? Ki rezon mwen genyen pou m mete konfyans mwen nan Bib la e pou m suiv konsèy li gen ladan l ? Ki enterè mwen genyen pou m pran tan pou m li Bib la e pou m etidye l ? Ki Bib mwen ta dwe itilize ? Kesyon sa yo se kèk nan kesyon Réveillez-vous ! espesyal pou mwa novanm nan reponn. Réveillez-vous ! sa a gen kòm tit “ Pouvez-vous avoir confiance en la Bible ? ”
2 Nou pral fè efò pou nou distribye Réveillez-vous ! sa a toupatou nan tèritwa a. Si sa posib, n ap ofri l lè n ap preche kay an kay ansanm ak kongregasyon an chak samdi pandan tout mwa novanm nan. Ou ka montre fanmi w, vwazen w, pwofesè w, kamarad klas ou ak moun ou gen pou w vizite yo nimewo Réveillez-vous ! sa a. Ou kapab mache ak kèk nan nimewo Réveillez-vous ! espesyal la nan men w lè w pral nan makèt ak lè w ap vwayaje. Ansyen yo kòmande yon stòk Réveillez-vous ! anplis yon fason pou kongregasyon an ka gen ase.
3 Kòmanse etid biblik : Lè w kite Réveillez-vous ! a pou yon moun, anvan konvèsasyon an fini, ou ka prepare teren an pou yon etid biblik. Pa egzanp, ou ka di : “ Yon pwochèn fwa, mwen ta renmen montre w repons Bib la bay pou kesyon sa a : ‘ Ki objektif Bondye gen pou tè a ? ’ ” Apre sa, retounen ak liv Sa Labib anseye a epi montre moun nan paj 4 ak paj 5 nan liv la, oswa egzamine paragraf 1-3 nan chapit 3 a. Gen yon lòt fason ou ka prepare teren an. Ou ka di : “ Yon pwochèn fwa, mwen ta renmen egzamine ansanm avè w yon pwofesi nou jwenn nan Bib la, yon pwofesi k ap reyalize aktyèlman. ” Lè w retounen, montre moun nan chapit 9 nan liv la epi egzamine paragraf 1-3 avè l. Oubyen, ou ka annik di moun nan : “ Anpil moun twouve li difisil pou yo konprann sa yo li nan Bib la. Yon pwochèn fwa, mwen ta renmen montre w ki sa w ka fè pou w konprann Bib la pi byen toujou. ” Lè w retounen vizite moun nan, entwodui liv Sa Labib anseye a, epi montre l kòman yon etid biblik fèt.
4 Se sèlman Bib la ki gen “ pawòl sakre ” ekri ladan l, pawòl ki ka fè nou “ vin saj pou delivrans lan ”. (2 Tim. 3:15.) Kidonk, annou tout patisipe avèk zèl nan distribisyon nimewo Réveillez-vous ! espesyal sa a pou nou ede moun yo gen konfyans nan Bib la !