BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/98 p. 8
  • Ann chwazi atik ki vize enterè moun yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann chwazi atik ki vize enterè moun yo
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Ofri peryodik yo nan ministè w
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Peryodik yo preche mesaj Wayòm nan
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Èske nou li peryodik yo ?
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ki moun sijè sa a ap enterese?
    Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 1998
km 5/98 p. 8

Ann chwazi atik ki vize enterè moun yo

1 Menm jan ak espesyalis nan tire flèch ki konn vize byen, anpil pwoklamatè ak pyonye jwenn bon siksè, lè yo chwazi atik La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! ki vize enterè moun ki nan teritwa yo. Yo gade pou yo wè ki moun ki ta petèt pi renmen li tèl kalite atik. Ki jan yo fè sa ?

2 Toudabò, yo li chak nimewo, soti nan premye paj rive nan dènye paj. Ansuit, yo mande tèt yo ki kalite moun chak atik ta ka enterese. Apre sa, yo fè efò al vizite moun ki ta renmen li atik sa a. Lè yo sispèk anpil moun ta ka asepte tèl nimewo nan teritwa a, yo fè kòmann pi plis ladan l.

3 Moun byen konnen sa peryodik nou yo vo : Anpalan de Réveillez-vous !, youn nan abone nou yo, k ap travay pou yon jounal entènasyonal moun plis li o Nijerya, te deklare : “ Felisitasyon pou meyè jounal sou tè a ki montre enterè pou tout kalite moun. ” Men remak yon lektè ki renmen peryodik nou yo anpil te fè : “ Ala yon bèl trezò sajès ki pa gen pri ! Pa gen yon sijè ki enterese m pou mwen pa jwenn yo trete l nan paj youn nan [jounal] sa yo. ”

4 Peryodik yo trete tout kalite sijè : Sou Bib, evènman k ap pase nan monn nan, enkyetid anndan fanmi, pwoblèm sosyal, istwa, lasyans, zannimo, plant, pou nou site sèlman kèk nan sijè yo abòde. Se sèten, yon moun ap pi vit anvi li yon sijè, lè li gen rapò ak bagay li gen bezwen, sitiyasyon l oswa metye l. Piske nou pale ak tout kalite moun, e yo chak gen preferans ak pwoblèm pa yo, lè nou chwazi atik ki tonbe daplon ak bezwen moun nou rankontre yo, sa bay anpil bon rezilta.

5 Note sa ki te pase lè de Temwen te ofri kwonikè yon jounal, Réveillez-vous ! 8 sektanm 1996 la. Li te ekri: “ Anvan m te jwenn chans di mwen pa enterese, youn nan yo te deklare : ‘ Gen yon atik ki pale sou Endyen ann Amerik. Nou konnen ou deja ekri anpil bagay sou sijè sa a. ’ ” Li te asepte peryodik la, e pandan li t ap dejene, li te li atik ki te pale sou Endyen yo. Annapre li te rekonèt “ se te yon bèl bèl ” atik, ki “ pa gen okenn pati pri. ”

6 Ki bagay ki enterese moun ki nan teritwa nou ? Ki sa nou te li nan dènye nimewo yo ki ta ka enterese moun ki gen magazen oswa moun k ap egzèse yon metye nan teritwa pa nou ? Osinon, ki bagay ki ta ka enterese vwazen nou yo, kòlèg travay nou, oswa kondisip lekòl nou ? Ki sa espesyalman ki ta ka enterese avoka, anseyan, konseye pou lafami, konseye pedagoji, konseye pou jèn, anplwaye sèvis sosyal ak doktè ? Si nou reflechi sou moun n ap preche yo, pandan n ap analize chak nimewo, sa se bon mwayen pou nou simaye laverite.

7 Lè nou rankontre yon moun ki montre yon enterè espesyal pou tèl atik nan La Tour de Garde oswa nan Réveillez-vous !, e ki asepte peryodik la, nou ta ka di : “ Lè m jwenn yon atik nan yon pwochen nimewo m santi ki ta ka enterese w tou, m ap byen kontan pote l pou wou. ” Kon sa, petèt se va yon moun ou ka tou ajoute nan lis wout peryodik ou genyen, pou w retounen pote dènye nimewo yo pou li, chak fwa yo parèt. Se menm bagay ankò pou lè nou vle retounen vizite yon moun ki montre yo pote enterè pou yon atik an patikilye ki parèt nan peryodik nou yo.

8 Se pou nou genyen objektif espirityèl : Sa gen kèk ane, yon mesye ki te gen karyè li kòm sèl anbisyon, te resevwa yon Réveillez-vous ! ki te pale sou yon sijè ki enterese l. Sepandan mesye sa a te yon kwayan, kon sa li te li nimewo La Tour de Garde ki te akonpaye Réveillez-vous ! a. Nimewo La Tour de Garde sa a te gen yon atik ki te pouse l egzamine kwayans li te toujou genyen sou doktrin Trinite a. Simwa annapre, li te batize i Pakonsekan, nou pap ezite antame dyalòg sou kesyon espirityèl ak lektè nou rankontre yo. Nou ta ka tou propoze bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? oswa Ce que Dieu attend de nous, e nou ta ka ofri moun nan pou nou fè yon dyalòg avè l sou yon leson, pandan kèk minit, chak fwa nou retounen pote nouvo nimewo peryodik.

9 N ap kalkile byen pou nou wè, nan moun n ap vizite, oswa moun nou gen afè ak yo, kiyès ki ta ka plis enterese genyen nimewo La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! lè yo parèt. Lè fini, n ap fè tout sa nou kapab pou nou rankontre yo. N ap kontakte valè moun nou kapab, pou nou prezante yo jounal enpòtan sa yo. E, pandan n ap fè tout efò posib pou nou ede pi plis moun li peryodik nou yo, nou pap bliye se voye n ap ‘ voye pen nou sou dlo. ’ Rive yon lè, nou ka reyisi jwenn lòt nouvo disip.—Eklezyas 11:1, 6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje