BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/98 p. 7
  • Ki pwogram nou pou grann vakans lan ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki pwogram nou pou grann vakans lan ?
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 1998
km 5/98 p. 7

Ki pwogram nou pou grann vakans lan ?

1 Èske se pa vre, depi nou byen planifye tan nou, gen plis chans pou nou atenn objektif serye nou vize ? Ete se sezon ki ofri tout kalite pòtinite pou nou fè enterè Wayòm nan pwogrese (Pwov. 21:5) Annou site kèk nan yo.

2 Asanble distri “ La vole de Dieu mène à la vie ”, se youn nan evènman nou tout ta dwe mete nan pwogram nou. Se pou nou planifye konje n ap genyen nan travay oswa nan lekòl, dekwa pou nou ka la nan chak jounen asanble a. Se pou nou fè rezèvasyon pou lojman, e se pou nou pran dispozisyon pou vwayaj nou, yon bon ti tan alavans.

3 Pou ki sa nou pa planifye pou nou ogmante aktivite predikasyon nou, pandan vakans twa mwa a ? Piske jounen yo pi long, epi tanperati a pi apwopriye, sa ka pèmèt nou pase pi plis tan nan predikasyon. Lè lekòl bay vakans ann ete, jèn yo gen okazyon pran sèvis pyonye oksilyè pandan youn oswa plizyè mwa diran ete a. Gen lòt tou ki kapab prevwa pou yo pyonye ann out, avèk senk wikenn ki gen nan mwa a. Mwa d out sa a, tout pandan n ap klotire ane sèvis la, nou pral fè efò ansanm pou nou chak fè maksimòm nan ministè a.

4 Èske nou gen entansyon soutni yon kongregasyon ozalantou ki ta bezwen èd pou li travay tout teritwa li ? Siveyan sikonskripsyon an kapab fè ansyen yo konnen bezwen ki genyen nan zòn pa w la. Oubyen, si nou ranpli kondisyon pou sa, e nou ta renmen mande Lasosyete pou n al kouvri teritwa ki pa preche souvan oswa ki poko asiyen, se pou nou fè ansyen yo ban nou yon fòmilè pou sa. Si n ap kite lakay nou pou n al pase vakans yon lòt kote, n ap mete nan pwogram nou pou n al nan reyinyon, e pou nou patisipe nan predikasyon ak kongregasyon ki nan lokalite a. Si n al vizite paran ki pa Temwen Jewova, se pou nou kalkile alavans ki jan nou ta ka pataje laverite avèk yo.

5 Ki pwogram nou pou grann vakans lan ? Siman, nou vle pran repo. Men nou pap bliye: se pi gwo pòtinite nou genyen pou nou pran enèji nan domèn espirityèl, pandan n ap kontinye mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi nou — Mat. 6:33 ; Efez. 5:15, 16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje