Se pou nou efikas nan ministè nou
1 Syèl la vin tou nwa, epi yon son efreyan ap vin pi fò, jis li fè zòrèy moun kònen. Yon nway lafimen pran desann. Ki sa sa ye ? Se yon lame plizyè milyon krikèt ki vin ravaje yon peyi rapyetè ! Tablo sa a, pwofèt Yowèl te dekri a, ap akonpli jodi a grasa aktivite predikasyon sèvitè wen Bondye yo ansanm ak konpayon yo, gran foul la.
2 La Tour de Garde 1e me 1998 nan paj 11, paragraf 19, te fè remak sa a : “ Lame krikèt Bondye a, nan tan modèn nan, bay yon temwayaj afon nan ‘ vil ’ lakretyente a (Yowèl 2:9). [...] Yo kontinye ap janbe tout kalite obstak, antre nan plizyè milyon kay, abòde moun nan lari, pale avè yo nan telefòn, epi kontakte yo tout fason ki posib pandan y ap pwoklame mesaj Jewova a. ” Èske se pa yon gwo privilèj pou nou patisipe nan travay sa a Bondye ba nou lòd fè a ?
3 Kontrèman a vrè krikèt yo, ki gen kòm sèl objektif pou yo manje, nou menm sèvitè Jewova, gen yon bagay ki enterese nou anpil : se lavi moun n ap preche yo. Nou vle ede yo aprann verite mayifik ki nan Pawòl Bondye a, e nou vle konvenk yo pou yo franchi tout etap ki va mennen yo nan sali etènèl (Jan 17:3; 1 Timote 4:16). Donk, fòk nou efikas nan fason n ap akonpli ministè nou. Kèlkeswa metòd predikasyon nou itilize, nou ta dwe gade pou nou wè si n ap akonpli l nan fason epi nan moman k ap bay pi meyè rezilta. Etandone “ sèn monn sa a ap chanje ”, li bon pou nou egzamine metòd nou yo ak fason n ap abòde moun yo pou nou asire nou vrèman n ap leve defi ki mande pou nou pwodiktif otan nou kapab. — 1 Korentyen 7:31.
4 Pandan n ap fè efò pou nou kontakte moun yo divès fason, aktivite kay an kay la toujou rete poto mitan ministè nou. Èske nou remake souvan moun yo pa lakay yo oswa y ap dòmi lè n al vizite yo ? Ala regretan dèske nou pa ka pataje mesaj bon nouvèl la avè yo ! Ki jan nou ka leve defi sa a ?
5 Se pou nou gen souplès e se pou nou rezonab : Ann Izrayèl o premye syèk, pechè yo te konn al peche nannwit. Pou ki sa nannwit ? Kwak se pa t moman ki te pi apwopriye pou yo a, se te pi bon moman pou yo pran plis pwason. Se te moman pou yo te jwenn pi bon rezilta. Nan yon kòmantè sou abitid sa a, La Tour de Garde 15 jen 1992, te deklare : “ Nou menm tou, nou ta dwe etidye teritwa nou pou nou ka al peche lè pifò moun lakay yo e lè yo dispoze koute nou. ” Lè nou byen obsève fason anpil moun ap viv ozalantou gran vil yo epi nan katye rezidansyèl yo, nou wè nou ka jwenn moun yo lakay yo bonè nan samdi maten oubyen nan dimanch maten. Men, gen kèk kote yo pa byen akeyi nou nan moman sa a. Si se konsa sa ye nan zòn kote nou ye a, èske nou te ka fikse pou n al wè yo pi ta nan jounen an oubyen menm nan aprèmidi ? Se yon bon fason pou nou ogmante efikasite ministè nou. Se yon bon fason tou pou nou montre nou gen konsiderasyon pou pwochen nou, e se yon demonstrasyon vrè lanmou kretyen an. — Matye 7:12.
6 Nan Filipyen 4:5, apot Pòl raple nou nou ta dwe ‘ fè tout moun rive konnen nou se moun ki rezonab ’. Ann amoni ak konsèy enspire sa a, fòk nou gen ekilib e fòk nou rezonab nan metòd n ap itililze lè n ap ranpli devwa nou pou nou preche ak zèl epi ak antouzyas. Nou pa vle ‘ retni nou pou nou anseye an piblik epi kay an kay ’, men nou vle asire nou nou akonpli ministè kay an kay la nan moman ki rezonab e k ap bay rezilta (Ak 20:20). Menm jan ak pechè yo ann Izrayèl o premye syèk, nou dwe al ‘peche’ nan moman nou ka jwenn plis rezilta, e non pa nan moman ki pi apwopriye pou nou.
7 Ki ajisteman nou te ka fè ? Pi souvan, yo fè reyinyon pou predikasyon a 8 è 30 oubyen 9 è dimaten samdi ak dimanch, apre sa gwoup la kòmanse preche tousuit kay an kay nan teritwa a. Toutfwa, gen kèk kolèj ansyen ki pran dispozisyon pou gwoup la patisipe nan lòt aspè ministè a, tankou preche nan lari, nan katye komès, oubyen fè vizit anvan y al preche kay an kay nan katye moun abite. Gen lòt kongregasyon ki fikse lè reyinyon predikasyon yo pi ta nan jounen an, a 10 è, 11 è dimaten oubyen midi. Apre sa, gwoup la ale dirèk dirèk nan aktivite pòt an pòt e li kontinye jis nan fen aprèmidi. Nan kèk teritwa, fè reyinyon predikasyon nan fen aprèmidi, se kapab meyè moman an, olye pou yo fè l nan maten. Ajisteman sa yo kapab kontribye anpil aske aktivite pòt an pòt la bay plis rezilta.
8 Se pou nou gen disènman ak tak : Lè n ap preche pòt an pòt, nou rankontre moun ki reyaji divès fason a mesaj nou an. Gen kèk moun ki dispoze koute, gen lòt ki endiferan, e gen de twa lòt ki sou diskisyon oubyen ki agresif. Nan ka moun sa yo, liv Comment raisonner à partir des Écritures, nan paj 7, raple nou nou pap chèche “ ‘ venk ’ moun ki pa gen okenn respè pou laverite ”. Si moun n ap pale avè l la ostil, meyè bagay la se vire do nou. Nou pa ta dwe janm kontrarye moun yo nan ensiste pou yo pale avè nou oubyen nan ensiste pou yo asepte opinyon nou. Nou pap fòse moun asepte mesaj nou an. Si nou ta fè sa, nou pa t ap rezonab, e sa ta ka koze pwoblèm pou lòt Temwen epi pou èv la an jeneral.
9 Anvan nou kòmanse preche nan yon teritwa, li saj pou nou verifye kat teritwa a pou nou wè si pa gen yon nòt ki endike adrès moun ki mande pou nou pa vin lakay yo. Si gen kote konsa, yo ta dwe di tout pwoklamatè k ap preche nan zòn nan ki kote yo pa dwe antre. Pèsonn pa ta dwe deside li menm pou l ale nan kay sa yo, san siveyan sèvis la pa bay enstriksyon sou sa. — Gade Repons kesyon w yo nan Le ministère du Royaume jen 1994.
10 Nou ka ogmante efikasite nou si nou aji ak disènman nan aktivite kay an kay la. Lè n ap pwoche bò kote yon kay, se pou nou obsève byen. Èske tout fenèt ak tout pòt fèmen ? Èske pa gen okenn siy aktivite ? Sa ka vle di moun nan kay la ap dòmi. Li pwobab pou nou gen yon konvèsasyon ki bay pi bon rezilta avèk moun sa a si nou tounen pita. Petèt li ta pi bon pou nou kite kay sa a, nan moman an, epi make nimewo kay la. Nou te ka fè yon pase nan kay la ankò anvan nou kite teritwa a, oubyen nou te ka pran nòt pou nou vizite li yon lòt moman pita toujou nan jounen an.
11 Sa ka rive malgre sa, nou reveye yon moun oubyen nou deranje li, san nou pa t vle. Moun nan ka menm montre sa agase l oubyen sa fè l fache. Ki jan nou ta dwe reyaji ? Pwovèb 17:27 bay konsèy sa a : “ Yon moun ki gen disènman gen yon espri kalm. ” Nou pap prezante moun eskiz dèske n ap preche, men nou ka fè moun nan konnen nan ki pwen nou regrèt dèske nou vini nan yon moman ki pa apwopriye. Ak politès, nou ka mande l si gen yon lòt moman ki t ap pi bon pou li e nou ka ofri l pou nou retounen. Si moun nan wè nou enterese a li menm pèsonèlman, e si nou pale ak yon vwa dous, sa ka kalme li (Pwovèb 15:1). Si moun ki nan kay la fè nou konnen li toujou travay nannwit, nou ta dwe mete yon nòt avèk kat teritwa a, pou pwochen vizit yo ka fèt nan yon moman apwopriye.
12 Li nesesè pou nou gen disènman tou lè n ap fè efò pou nou travay teritwa nou afon. Etandone anpil moun pa lakay yo lè nou vini yon premye fwa, nou bezwen fè lòt efò pou nou kontakte yo e pou nou pataje mesaj sali a avè yo (Women 10:13). Dapre kèk rapò, gen pwoklamatè ki konn ale nan menm kay la plizyè fwa nan yon jounen pou yo wè si yo ka jwenn moun ki nan kay la. Moun ki nan vwazinay la pap manke pa wè sa. Sa ka bay move enpresyon, kòmkwa Temwen Jewova ‘ toujou nan pòt kay moun ’ nan katye yo a. Ki jan nou ka evite sa ?
13 Montre nou gen disènman. Lè nou retounen nan pòt yon moun ki te absan, èske gen siy ki montre gen moun nan kay la kounye a ? Si nou wè devan pòt la sanble pa netwaye, petèt moun nan toujou absan. Frape nan pòt la ankò, nan moman sa a, pap bay okenn rezilta. Si apre de twa tantativ ki fèt nan moman diferan nan jounen an, menm aswè, nou pa ka jwenn mèt kay la, li ka posib pou nou kontakte l nan telefòn. Sinon nou ka glise yon depliyan oswa yon fich envitasyon anba pòt la, sitou si se yon teritwa nou preche souvan. Pwochèn fwa n ap preche nan teritwa a, nou ka kontakte moun sa.
14 Nou ta dwe evite kenbe yon moun twòp nan pale, si l kanpe nan solèy. Lè yo envite nou antre, veye pou nou pa sal atè a. Montre nou gen bon jijman lè yon chen ap jape nou. Lè n ap preche nan bilding ki gen plizyè apatman, pa pale fò epi evite fè bwi ki ka deranje lòt lokatè e fè konnen nou la.
15 Se pou nou gen lòd ak diyite : Si nou byen òganize, nou ka evite fè atwoupman k ap atire atansyon moun nan teritwa a. Kèk moun ka enkyete lè yo wè plizyè machin kanpe devan lakay yo epi anpil pwoklamatè ap desann. Nou pa vle bay enpresyon se yon “ envazyon ” n ap fè nan katye moun yo abite a. Li pi bon pou nou planifye ki jan n ap preche teritwa a depi nan reyinyon pou predikasyon an. Gwoup ki pa gen anpil pwoklamatè, tankou yon fanmi, ap panike moun ki nan kay yo mwens, e yo pi fasil pou reyòganize ofiramezi n ap travay teritwa a.
16 Gen lòd vle di pou paran yo siveye konduit pitit yo ak anpil atansyon lè y ap preche nan yon teritwa. Timoun yo ta dwe montre yo byennelve lè yo ansanm avèk granmoun yo nan predikasyon. Ti jèn yo pa ta dwe lage ap jwe oubyen ap monte desann lib, sa ka fè move enpresyon sou moun ki abite katye a ak moun k ap pase.
17 Nou bezwen ekilibre tou nan kesyon pran brek. Le ministère du Royaume jen 1995, nan paj 3, te deklare : “ Lè nou nan predikasyon, nou ka pèdi anpil tan nan brek. Toutfwa, lè fè cho anpil, yon brek ka rafrechi nou epi ede nou kontinye preche. Sepandan, anpil pwoklamatè pito rete okipe nan predikasyon olye pou yo rete ap blage ak lòt frè, nan moman yo te rezève pou yo preche. ” Kwak kanpe predikasyon pou pran yon rafrechisman se yon desizyon pèsonèl, pafwa sa konn rive pou yon bann frè ak sè rankontre nan yon ba oswa yon restoran. Non sèlman sa pran anpil tan pou sèvi yo, men tou, prezans yon foul moun kapab jennen lòt kliyan yo. Pafwa, gen frè ki konn ap pale byen fò de esperyans yo te fè pandan yo t ap preche nan jounen an. Sa ka retire nan diyite ministè nou an, e sa ka diminye efikasite li. Ak disènman, pwoklamatè yo ka evite anvayi yon etablisman, e yo ka evite retire nan tan y ap pase nan ministè a, san nesesite.
18 Anpil pwoklamatè jwenn bon rezilta nan abòde moun toupatou : nan lari, nan paking, ak lòt anplasman piblik. Nan domèn sa a tou, nou vle bay yon bèl temwayaj, non sèlman nan pawòl nou, men nan konpòtman rezonab nou tou. Pwoklamatè chak kongregasyon ta dwe asire yo yo pa depase limit teritwa yo. Konsa, yo pa pral asayi ni moun ki nan katye komès ak estasyon machin, ni anplwaye k ap travay nan biznis tankou ponp gazolin ki ouvri 24 sou 24. Si nou akonpli ministè nou nan lòd ak diyite, nou pap depase limit teritwa nou, amwenske ta gen aranjman ki fèt ak komite sèvis yon lòt kongregasyon pou n al bay kongregasyon sa a yon bourad. — Konpare ak 2 Korentyen 10:13-15.
19 Kèk kongregasyon ki gen anpil zòn pou bay temwayaj piblik, dekoupe zòn sa yo an teritwa. Lè sa a, yon pwoklamatè oubyen yon gwoup pwoklamatè ka jwenn yon kat teritwa. Sa pèmèt yo preche zòn sa yo pi byen, e sa anpeche twòp pwoklamatè vin preche nan menm zòn nan, nan menm moman an. Sa ann amoni ak prensip ki nan 1 Korentyen 14:40 : “ Se pou tout bagay fèt ak desans, nan lòd. ”
20 Nou ta dwe toujou gen yon aparans respektab, yon aparans ki apwopriye pou minis ki pote non Jewova. Sa valab tou pou ekipman n ap itilize. Valiz ki ize depase, Bib ki fè zòrèy oubyen ki sal, diminye valè mesaj Wayòm nan. Yo di vètman yon moun ak aparans li “ se yon mwayen kominikasyon rapid ki bay moun ki antoure w enfòmasyon sou ki moun ou ye, ki sa ou ye e nan ki kategori moun yo ka klase w ”. Donk, aparans nou pa ta dwe ni neglije ni debraye, li pa ta dwe ni sofistike ni estravagan, men li ta dwe toujou “ diy de bon nouvèl la ”. — Filipyen 1:27; Konpare ak 1 Timote 2:9,10.
21 Nan 1 Korentyen 9:26, apot Pòl deklare : “ Donk men ki fason m ap kouri : mwen pap kouri san m pa konn kote m prale ; men ki fason m ap voye kou mwen yo : m ap voye yo de fason pou se pa lè m ap bat. ” Menm jan ak Pòl, nou detèmine pou nou efikas e pou nou pwodiktif nan ministè a. Pandan n ap patisipe avèk zèl nan èv temwayaj la kòm yon pati nan “ lame krikèt ” Jewova genyen jodi a, se pou nou montre nou rezonab e se pou nou montre nou gen disènman kretyen lè n ap pote mesaj sali a bay tout moun nan teritwa nou.