Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay
1 Nou tout nou apresye lè gen pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè k ap travay di nan kongregasyon an. Menm kote teritwa a pa anpil e yo preche li souvan, pyonye yo bay yon bèl egzanp nan sèvis zele yo fè pou Wayòm nan. Yo ankouraje tout pwoklamatè pou yo rete okipe nan chèche moun ki “ nan bonjan dispozisyon ”. — Ak 13:48.
2 Lasosyete remake pwoblèm pyonye yo ap rankontre vin pi plis, sitou nan kesyon jwenn yon travay ki pa a plen tan, pou pèmèt yo satisfè bezwen yo kòrèkteman, pou yo rete nan sèvis a plen tan an. Mete sou sa, nan anpil peyi, sitiyasyon ekonomik la fè li vin pi difisil pou lòt moun pran sèvis pyonye, menm si yo anvi fè sa ak tout kè yo. Diran mwa ki sot pase yo, Lasosyete te egzamine kesyon sa yo ak lòt pwen ankò ak anpil atansyon.
3 Kidonk, fas ak sa nou sot di yo, Lasosyete diminye kantite lè pou pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè yo bay. Apati de ane 1999 la, pyonye pèmanan yo ap gen pou yo bay 70 è chak mwa, sa ki fè yon total 840 è pou ane a. Pyonye oksilyè yo ap gen pou yo bay 50 è pa mwa. Kantite lè pou pyonye espesyal ak misyonè yo bay pa chanje, etandone Lasosyete pran dispozisyon pou ede yo satisfè bezwen materyèl prensipal yo. Konsa, yo menm yo kapab konsantre yo pi plis sou aktivite preche ak fè disip la.
4 Nou espere ajisteman sa yo ki fèt nan kantite lè pou pyonye yo bay, ap ede plis pyonye pèsevere nan privilèj sèvis presye sa a. Sa ta dwe ouvri chemen tou pou plis pwoklamatè pran sèvis pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè. Ala yon benediksyon sa ta ye pou tout moun nan kongregasyon an !