Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : Nan reyinyon kongregasyon an
1 Fanmi kretyen dwe suiv kòmandman pou yo rasanble ansanm nan reyinyon kongregasyon an (Ebre 10:24, 25). Avèk bonjan koperasyon, yo tout kapab reyisi prepare reyinyon, asiste yo e patisipe. Sitiyasyon fanmi yo pa toujou rete menm jan. Men, san gade ni sou kantite timoun ki nan kay la ni sou laj yo, gen plizyè bagay yon mari kretyen, yon madanm kwayan oswa yon paran k ap leve pitit pou kont li kapab fè pou pèmèt fanmi an rete ini nan domèn espirityèl. — Pwovèb 1:8.
2 Rezève tan pou prepare : Manm fanmi yo kolabore yon fason pou chak moun rive prepare toutbonvre pou reyinyon kongregasyon. Gen anpil nan yo ki prepare etid La Tour de Garde pou semèn nan ansanm. Gen kèk ki prepare etid liv kongregasyon an oswa yo fè lekti pòsyon Labib pou semèn nan ansanm. Objektif la se gentan konnen pwen enpòtan yo anvan n al asiste reyinyon. Konsa tout moun a pwofite plis sa yo tande epi y a anmezi patisipe lè yo jwenn okazyon. — 1 Timote 4:15.
3 Planifye pou patisipe : Chak moun nan fanmi an dwe genyen objektif pou fè deklarasyon esperans yo devan lòt moun pa mwayen kòmantè nan reyinyon. (Ebre 10:23) Èske yon manm nan fanmi an bezwen èd oswa ankourajman sou pwen sa a ? Ki sipò chak moun bezwen nan preparasyon patisipasyon yo genyen nan Lekòl ministè teyokratik la ? Madanm yo apresye sa lè mari yo montre yo enterese nan patisipasyon yo e, si posib, ba yo yon lide pou yo adapte yon ilistrasyon oswa pou yo chwazi yon kad apwopriye. Paran yo ta dwe evite prepare patisipasyon nan plas pitit yo. Aji konsa kapab anpeche timoun yo devlope lespri inisyativ. Sepandan paran yo kapab ede jèn yo epi koute repetisyon espoze yo. — Efezyen 6:4.
4 Òganize pou asiste : Depi yo tou piti timoun yo kapab aprann abiye yo, aprann prepare pou yo kite lakay yo nan yon lè fiks pou y al nan reyinyon. Manm fanmi yo ta dwe kopere pou fè travay nan kay la, konsa yo p ap anreta. — Gade konsèy ki nan liv Bonheur familial la, paj 112, ak Les jeunes s’interrogent, paj 316-17.
5 Granmoun kou timoun kapab fè pawòl Jozye yo tounen pawòl pa yo. Li te di : “ Kanta mwen menm ak fanmi mwen se Jewova n ap sèvi. ” Konsa, annou pran rezolisyon pou nou byen kopere youn avèk lòt nan reyinyon kongregasyon an. — Jozye 24:15.