Rapèl pou Memoryal la
Ane sa a Memoryal la ap tonbe jedi 1e avril. Kesyon annapre yo ta dwe enterese ansyen yo :
◼ Lè n ap fikse lè Memoryal la, asire nou pou yo pa pase anblèm yo anvan kouche solèy.
◼ San wete oratè a, tout moun ta dwe konnen akilè e ki kote egzakteman Memoryal la ap fèt.
◼ Chèche genyen kalite pen ak kalite diven ki apwopriye e yo ta dwe sou lamen. — Gade La Tour de Garde 15 fevriye 1985, p. 17.
◼ Pote asyèt, vè, yon tab apwopriye ak yon nap davans nan lokal la.
◼ Sal Wayòm nan, oubyen lòt kote Memoryal la ap fèt, dwe byen netwaye.
◼ Chwazi plasè ak frè k ap sèvi anblèm yo davans epi fè yo konnen reskonsablite yo ak fason apwopriye pou yo jwe wòl yo.
◼ Yo dwe pran dispozisyon pou prezante anblèm yo bay tout kretyen wen ki enfim oubyen ki pa kapab prezan.
◼ Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm, ta dwe gen bon kolaborasyon ant kongregasyon sa yo pou yo evite blokis nan antre sal la, sou twotwa yo ak nan paking nan.