Rapèl pou Memoryal la
Ane sa a, Memoryal la ap tonbe mèkredi 16 avril. Ansyen yo ta dwe veye sou pwen sa yo :
◼ Lè n ap fikse lè Memoryal la, fè yon fason pou yo pa pase anblèm yo anvan solèy kouche.
◼ Tout moun, san wete oratè a, ta dwe konnen ki lè ak ki kote egzakteman Memoryal la ap fèt.
◼ Chèche gen pen ak diven ki apwopriye epi mete yo sou lamen. — Gade nan La Tour de Garde 15 fevriye 1985, p. 17.
◼ Pote asyèt, vè, tab ak nap ki konvnab nan lokal la davans epi mete yo nan plas yo.
◼ Sal Wayòm nan oswa lòt kote Memoryal la ap fèt la dwe byen netwaye davans.
◼ Chwazi manm sèvis akèy ak frè pou pase anblèm yo epi fè yo konnen responsablite yo alavans. Esplike yo fason pou tout bagay fèt e montre yo nesesite ki genyen pou yo byen abiye, pou tèt yo fèt kòmsadwa.
◼ Yo dwe pran dispozisyon pou prezante anblèm yo bay tout kretyen wen ki enfim oubyen ki pa kapab prezan.
◼ Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm nan, ta dwe gen bonjan kolaborasyon ant kongregasyon yo pou evite blokis nan antre Sal la, sou twotwa a ak nan pakin nan. Kote sa posib, kite 45 minit pase anvan yon lòt kongregasyon reyini pou Memoryal la.