Tank lafen an ap pwoche pi pre, annou bay temwayaj la pirèd
1 Sezon rekòt la se yon epòk kè kontan. Se yon epòk tou kote moun travay di. Rete yon tikras tan devan travayè yo pou yo fin sanble rekòt la. Travayè yo pa ka pran chans trennen nan travay la.
2 Nan yon parabòl, Jezi te konpare “ yon dènye rès tan yon sistèm ” menm jan ak yon epòk rekòt (Matye 13:39). N ap viv nan dènye rès tan sistèm sa a kote ret yon tikras tan sèlman pou bay yon temwayaj “ tout kote sou latè abite a ”. (Matye 24:14.) Tank lafen an ap pwoche pi pre se tank nou bezwen patisipe pirèd nan travay sa a. Pou ki rezon nou bezwen fè sa ? Se paske Jezi te di konsa : “ Rekòt la anpil men gen yon tikras travayè. ” — Matye 9:37, 38 ; Women 12:11.
3 Fè sa ijan : Lè Jezi te tanmen gran travay predikasyon li an, se sèlman twa zan edmi li te gen devan l pou l fin fè travay Bondye te voye l fè a. Preche a te gen yon sans ijan pou li, li te di konsa : “ Fòk mwen anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a paske se pou sa [yo] te voye m. ” — Lik 4:43.
4 Jezi te mete nan tèt disip li yo preche a gen yon sans ijan pou yo tou (Mak 13:32-37). Se sa k fè “ chak jou, san lage, ni nan tanp la ni kay an kay, yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi, e yo te kontinye anseye l ”. (Ak 5:42.) Yo pa t kite aktivite ki gen mwens valè pran premye plas la nan lavi yo. Malgre yo pa t anpil, yo te reyisi preche bon nouvèl la “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kolosyen 1:23.
5 Jounen jodi a gen pi plis rezon toujou pou nou preche avèk menm sans ijans sa a, paske “ lafen tout bagay ap mache vin pi pre. ” (1 Pyè 4:7). Jewova fikse yon jou, yon lè pou lafen an fèt (Matye 24:36). Travay predikasyon an pral fini nan tan ki rete a. Se poutèt sa n ap kontinye fè jefò pirèd pou fè pi plis moun tande bon nouvèl la.
6 Lè nou patisipe pirèd toujou nan travay temwayaj la sitou ak lafen k ap pwoche pi pre a, menm jan ak Jezi, n ap byen kontan pou nou di Jewova : ‘ Nou fin fè travay ou te ban nou fè a. ’ — Jan 17:4.